Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kreyòl Day at Duke University, 28 oktòb 2020

Jacques Pierre

Ane sa a fè uit an depi jounen lang kreyòl la ap selebre nan Duke University. Inisyasiv sa a pèmèt etidyan nan Duke, UNC Chapel-Hill, the University of Virginia ak Vanderbilt University, k ap aprann lang kreyòl ayisyen an pale sou ki jan yo viv esperyans lengwistik sa a. Nan menm lide a, se yon okazyon tou pou etidyan yo pale sou ki jan diferan resous yo jwenn an kreyòl prepare yo pou konprann reyalite lengwistik teren an. Ane sa a, envite espesyal nou se Dr. Fabiola Henri k ap ede nou konprann reyalite lengwistik peyi li (Moris). Yon gwo mèsi pou:

  1. Dr. Fabiola Henri (University at Buffalo, envite espesyal)
  2. Jacques Pierre (Duke University, moun ki pran inisyasiv la)
  3. Isabel Bradley (Duke University, klas kreyòl avanse)
  4. Hammer Chloe (UNC-Chapel-Hill, klas kreyòl entèmedyè)
  5. Neil Rogers (Duke University, klas kreyòl avanse)
  6. Allison Alexander (Vanderbilt University, klas kreyòl avanse)
  7. ABAIM (gwoup mizik zile Moris)

An nou kontinye bay lang nou fòs. May the teaching of kreyòl continue to grow at Duke University and other universities that embrace the language.

Anrejistreman an te koumanse an reta, eskize m. Men, 9 premye liy yo: [M rele Jacques Pierre. Yon gwo mèsi pou tout moun ki la ak nou jodi a. Se vre, kowona a oblije nou selebre jounen an a distans, men an menm tan se yon okazyon pou diferan moun nan diferan kote patisipe ak nou tou. M ap kouri sou dis lane depi m ap anseye kreyòl nan Duke. Ane sa a se uityèm lane depi n ap selebre Jounen Entènasyonal Kreyòl la nan Duke. M te pran inisyaviv sa pou nou sansibilize plis moun sou travay k ap fèt nan Duke pou fè pwomosyon lang kreyòl la. Pou ou menm, k ap patisipe ak nou nan jounen sa a pou premye fwa, men yon ti rale sou fòma jounen an. Chak ane, yonn oswa de etidyan ki te suiv 4 kou kreyòl yo nan Duke prezante yon travay sou esperyans lengwistik li nan lang lan oswa sou vwayaj li te fè ann Ayiti, epi ki jan aprann lang lan louvri wout pou li rive konprann Ayiti pi byen. Prezantasyon an fèt an kreyòl.......

Jacques Pierre
@PJacquespie
Co-directeur de Haiti Lab, Duke University

boule

 Viré monté