Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Lang nou, fòs nou:
yon ti koze ant Carole Berotte Joseph ak Jacques Pierre

Jacques Pierre

  

  

  

JP: Bonjou Carole Berotte Joseph. Ki jan w ye?

CBJ: Bonjou Jacques. M la wi. E ou menm?

N ap kenbe.  

Mwen tou. 

Èske ou kapab fè yon ti rale pou nou sou lavi w ann Ayiti lè w t ap grandi epi sou pakou akademik ou tou nan Etazini?

Mwen fèt nan Pòtoprens e mwen gen bon souvni lè m t ap grandi ann Ayiti. Papa m te yon edikatè e yon antreprenè.  Li te gen yon faktori kote yo te fè bèl mèb an mawogani. Manman m pa te travay ann Ayiti. Fanmi manman m yo se moun Jakmèl. Kifè, nou te konn ale pase vakans la souvan e yo te konn vini Pòtoprens pote machandiz pou nou. Yo te gen biznis nan Jakmèl. Mwen gen yon monnonk papa m ki te gen kay nan Kenskòf. Konsa, nou te konn ale an vakans la tou ak lòt kote nan peyi a. Mwen te lekòl St. Trinite.  Lè m rive Nouyòk, se nan lekòl St. Theresa mwen kontinye etid primè m. M te al nan lekòl segondè nan "All Saints High School" toujou nan Bwouklin. M antre nan inivèsite "York College" kote m te etidye lang Espayòl ak Franse ansanm ak edikasyon. Mwen fini yon metriz nan Edikasyon Bileng nan "Fordham University" e yon dòktora nan Sosyolengwistik ak Edikasyon Bileng nan" New York University" (NYU). 

Ou rive Nouyòk nan lane 1959, ki jan lòt kominote migran yo ki te la anvan kominote pa nou an te akeyi nou?

Mwen rive Nouyòk ak tout fanmi m an 1959.  Kominote migran nou te vin konnen plis se Panyòl e yo te byen resevwa nou.  Papa m te pale panyòl byen. Gras a sa, nou te debouye n ase byen nan katye Bushwick Ave, ki nan Bwouklin, NY.  Katye sa a te gen anpil Italyen tou. Mwen pa te konnen angle, se manman m ki te konn ap sèvi ak yon ti liv ki rele "L'ANGLAIS SANS PEINE" pou l ede n aprann kèk mo. 

Nan peryòd ou rive a, ki atitid konpatriyòt nou yo ki te la anvan w te gen fas ak lang kreyòl la? E ou menm, nan peryòd sa a, ki atitid ou te gen fas ak lang lan tou?

Pa te gen anpil konpatriyòt ayisyen nan epòk sa yo nan Nouyòk. Men, sa mwen te konnen yo se te de entelektyèl ki te renmen peyi yo e yo pa te gen prejije kont lang kreyòl la.  Lakay mwen, paran m yo te toujou kite n pale kreyòl malgre yo te vle n kontinye aprann franse tou. Nou te konn suiv leson franse chak semenn ak yon kouzen manman m ki te pwofesè franse nan "Columbia University". Men, m pa te leve ak okenn atitid negatif sou lang kreyòl la. Epòk sa a nou pa te konn ekri an kreyòl.  

Èske w vle di, konpatriyòt entelektyèl sa yo pa te gen prejije ditou kont lang lan?

An reyalite, se jis lè m antre nan anseyman, mwen te vin reyalize jan anpil moun te gen prejije kont lang kreyòl la.  Se nan travay mwen, m vin pran kontak ak kominote a, paran ak lòt edikatè epi m vin konprann pwoblematik sa a.  Ak etid mwen nan edikasyon bileng, mwen vin konprann nesesite pou edikasyon bileng pou Ayisyen fèt an kreyòl.  Wi, m wè atitid anpil moun chanje depi lane 1975-80 yo.

Jounen jodi a, èske ou wè anpil jenn paran ayisyen nan lakou Nouyòk enterese montre timoun yo pale kreyòl? Dapre ou menm, sa ki esplike sa?

Wi, mwen wè gwoup jenn paran k ap fè kou kreyòl nan kominote a pou timoun yo. Mwen panse se yon bèl bagay paske anpil fwa jenerasyon ki vini apre jenerasyon ki te emigre yo toujou ap chache rasin yo, e mwen kontan anpil wè yo enterese pou yo rekonekte ak kilti ak lang yo.

Se klè, nan moman ou te ale lèkòl ann Ayiti, anseyman te swadizan fèt an franse, èske elèv yo te gen dwa pale kreyòl nan klas la?  

Wi, se an franse lekòl te fèt lè m te piti ann Ayiti. Mwen sonje timoun te konn alèz nan rekreyasyon, nan lakou lekòl la pou yo pale kreyòl.  Mwen pa sonje okenn move eksperyans lekòl akòz nou te pale kreyòl nan lekòl la. 

Jounen jodi a, apre tout gwo etid ou fin fè nan koze lang, èske ou panse itilizasyon franse kòm lang anseyman se yonn nan pi gwo erè dirijan nou yo (te) fè?

Absoliman, wi!  Yon lang se yon zouti, sa se toujou pozisyon m ki fè m kwè dirijan lekòl yo ta dwe sèvi ak lang timoun yo deja konnen. Si yo pa ko devlope ase materyèl didaktik, se responsabilite dirijan yo pou yo monte yon bèl ekip ki pou travay nan sans sa a. Men, lekòl pa ka fonksyone nan yon vid nan yon sosyete. Si tout lòt demach lavi konpatriyòt nou yo te fèt an franse, dirijan lekòl ta dwe ale nan sans sa a, men reyalite lengwistik peyi a se yon reyalite kreyòl nan nannan l nèt ale. 

Ki jan w ta konseye Ministè a pou li abòde anseyman lang sa yo: franse, angle, panyòl?

Tout lang sa yo te dwe anseye nan lekòl ann Ayiti kòm dezyèm lang.  Gen metodoloji ki egziste pou sa pou elèv yo ka gen siksè.   Yo pa lang matènèl pifò Ayisyen.  

Se klè, jan w pale a, ou pa gen pwoblèm ak okenn lang. Dapre ou menm, pou ki sa anpil moun ki renmen franse kwè anpil moun k ap defann kreyòl kont lang franse a?

Mwen panse se senpleman paske yo pa vle tande larezon.  Poutèt mwen konprann lojik la, sa fè sans pou mwen. Depi m konnen lang pa m lan e mwen kontan pale l, li l ak ekri l, mwen pa gen okenn konplèks pou m aprann okenn lòt lang. Mwen pale panyòl, angle ak franse e m kòmanse aprann plizyè lòt lang tou: pòtigè, italyen, alman ak chinwa (mandaren). Antan m ap aprann chak lang sa yo, m aprann lòt kilti tou. 

Èske ou konsidere tèt ou kòm yon kreyolis? Si wi, ki sans ou ta bay mo sa a? E depi ki lè ou vin yon kreyolis?

Wi, mwen se yon kreyolis.  Pou mwen, sa vle di mwen fyè de lang mwen e m pa wont di tout moun sou latè a se lang ki konekte m ak tout moun lakay mwen, ak tout kilti mwen, ki ede m konnen ki moun mwen ye. Mwen kwè se lè m etidye edikasyon bileng mwen vin wè enpòtans pou m defann dwa tout moun ki pale kreyòl nou an, paske se yon gwo enjistis lè yon ti ponyen moun mete tout rès pèp la ki pale kreyòl sèlman a kote. Mwen vin konprann ki jan nou sèvi ak lang pou divize moun olye n rasanble yo. Nasyon Zini te vin fè plizyè deklarasyon tou ki di edikasyon nan lang manman nou se yon dwa.  

Nan de twa jou ankò, anpil kote pral fete jounen lang kreyòl la, ki jan nou fete jounen sa a nan Nouyòk?

Nan Nouyòk nou te toujou selebre jounen lang kreyòl la depi n te kòmanse fè pwogram edikasyon bileng nan lekòl yo depi lane 1975 konsa. Nou te konn fè yon jounen refleksyon ak prezantasyon kiltirèl, resite pwezi eks… e te gen pataj manje lakay tou. Sa vin pran yon lòt dimansyon kote nou fè kongrè sou kreyòl la pandan 2-3 jou ki chaje ak anpil aktivite. E sa pa gen lontan ou te yonn nan envite espesyal yo. 

Konnya ou sanse retrete, menm lè ou gen de twa travay ou toujou ap patisipe nan yo, èske ou santi ou te fè sa w te sipoze fè pou bay lang kreyòl la jarèt tout bon vre?

Definitivman, nan tou sa m ap fè, mwen ensiste pou n sèvi ak lang kreyòl la pou ba l jarèt tout bon vre.  Nou aprann nan etid sosyolengwistik se lè yon sosyete sèvi ak lang li, nan tout domèn lavi a, li vin gen enpòtans, li vin gen plis valè.  Toutotan nou pa itilize kreyòl nan lekòl, labank, nan tribinal, nan lopital eks… nou p ap wè lang nou an enpòtan. Malgre m pran retrèt mwen, mwen kontinye ap travay ak plizyè inivèsite nan peyi a (Ayiti) pou m fè lidè yo pran konsyans pou yo valorize lang kreyòl la, pou yo sèvi ak li nan tout aktivite ofisyèl nan lekòl oubyen nan inivèsite yo. Se pou jenn yo wè ki jan moun ak gwo tit yo valorize lang yo ak kilti yo paske tou de makonnen ansanm. Kounye a, n ap devlope pwogram nan nivo inivèsite yo ki dire 2 zan, ekivalan modèl "Community college" la nan Etazini. Powgram sa yo bay jenn yo yon degre pwofesyonèl (Associate Degree)" ki pou ba yo ouvèti pratik sou yon espesyalizasyon.  Konsa, yo ka jwenn travay e kontinye etid yo , fè lisans, metriz, rive jis nan nivo dòktora san pwoblèm. Travay sa yo ap fèt an kreyòl.  N ap gen pou n devlope materyèl didaktik apwopriye pou nivo inivèsitè sa yo tou.  

Ki konsèy ou ta renmen pataje ak nouvèl jenerasyon an sou ki travay yo bezwen plis konsantre sou li pou kore lang lan plis? Epi tou, ki mesaj w ap voye bay dirijan nou yo nan sans sa a?

Konsèy la senp!  Si pou peyi nou an devlope, pou l fè pwogrè, pou jenn nou yo pa blije kite peyi a pou y al chache lavi nan peyi etranje, se pou n edike yo pou yo ka travay lakay. Tout moun pa blije fini yon lisans pou yo gen siksè nan lavi a.  Nou wè sa nan anpil peyi devlope.  Sa ki enpòtan se vize yon karyè osnon yon pwofesyon ou renmen, gade ki pòt li ka louvri pou ou gen opòtinite travay olye pou se baryè jenn nou yo  rankontre sou wout lavi a. Se pou yo sispann al manje lamizè lòt kote, sitou lè yo fin fè anpil etid.  

Pou kore lang lan plis, nou bezwen talan anpil moun pou ekri plis liv, pou tout nivo konesans, liv didaktik, liv teknik ansanm ak pwogram pou òdinatè, lojisyèl ki pou ede n fè pwogrè an kreyòl. Teknoloji enpòtan anpil pou fiti peyi a.  Dirijan n yo te dwe pran reskonsablite yo o serye e si yon pwojè nan enterè peyi a, ekip ki pran pouvwa a dwe kontinye li.  Se pa repete sa ki te fèt lontan k ap mennen pwogrè. Se pa paske yon moun kite yon djòb osnon yon biwo pou travay ki te kòmanse a sispann; se pou pwojè a kontinye e pou li ale nan enterè peyi a, espesyalman pou moun k ap soufri plis yo. Se pou n valorize kreyativite anpil moun nan sosyete a. Pwogrè tout yon sosyete, tout yon peyi pa ka chita sou do yon grenn moun.  Moun k ap antre nan laj yo ta dwe fasilite aprantisaj ak devlòpman ranplasan yo. Nanpwen nou youn ki la pou letènite. Se lè n aksepte sa, n a kòmanse fè suivi sou tout sa ki enpòtan pou peyi a. Epi, nou bezwen plis fanm nan nivo lidèship nan tout branch nan sosyete a tou. 

Pou fini, jan peyi nou an prale jodi a, vwa tout ayisyen konsekan konte, ou pa ta renmen di politisyen nou yo yon ti mo sou fason yo ta dwe mennen bak peyi a?   

Mwen kwè anvan yon moun vin antre nan fè politik, se pou li konnen ki sa politik vle di. Pou mwen, yon sitwayen ap fè politik se lè l ap sèvi pèp li, sèvi pitit peyi a tout bon vre. Se pa zafè pèsonèl ou pou ap regle sou do pèp la. Tout politisyen te dwe gen yon pwofesyon oubyen yon karyè pou yo ka viv e sipòte fanmi pa yo. Si ou renmen peyi ou, se pou ede tout sitwayen viv nan peyi a antan yo jwenn tout nesesite de baz yo: se pou ou ede tout moun gen opòtinite pou konstwi yon kay, kapab achte manje,  jwenn swen medikal ak edikasyon pou yo ka vin sitwayen responsab. E lè sa a, y ap ka kontribye nan sosyete a tou. Se kalite politisyen sa yo nou bezwen. Moun ki ka sèvi egzanp pou jenn yo tou. Richès peyi a se pou tout pitit peyi a, se pa pou yon ti gwoup moun ki vle pran tout pou yo. Jan peyi nou an prale jodi a, nou p ap viv demokratikman paske vwa tout moun pa konte. 

Mèsi pou opòtinite sa a pou m te pataje kèk enfòmasyon sou lavi m epi pataje kèk lide tou ak konpatriyòt mwen yo. 

N ap di Dr. Carole Berotte Joseph yon chay mèsi pou tout sa li te pataje ak nou. Nou te byen kontan fè ti pale a ak li e nou rete kwè se pa yon dènye fwa. Kenbe la.

Jacques Pierre
Co-directeur de Haiti Lab,
Duke University
Stanford University

*

 Viré monté