Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

FAKILTE LENGWISTIK APLIKE - FLA
INIVÈSITE LETA AYITI – ILA

ENVITASYON OFISYÈL
ATELYE ESPESYAL #2 FLA
TÈM ATELYE A:

Nou, Lang Nou, Kilti Nou

Twa Potomitan pou Devlopman Dirab Ayiti

(Refleksyon, Pataj, Aksyon pou chanje lavi kominote nou yo)

Avèk
Pwofesè Bonel Oxiné, Ph.D.
Komite Kreyolofoni FLA-ILA 2025-2026

Patisipasyon aktif Vis-dekana rechèch FLA

Asistans e akonpayman Vis-dekana akademik ak Dekana FLA

«Depi lè sa a, dominasyon yon sèl lang, olye pou l ta yon pwomès, se tounen li tounen yon menas. Si nou devlope konsyans sou sitiyasyon sa a, sa ka ede nou ouvè chimen aksyon e metrize mekanis lan ki plede ap deplase nan direksyon sa a san pran souf, kif-kif = Dès lors, la domination d’une seule langue, loin d’être une promesse, est une menace. Une prise de conscience de cette situation peut aider à ouvrir des pistes d’action et à maitriser le mécanisme qui s’est résolument mis en marche.»

(C. Hagège, 2006, pp. 8-9)

_______________________________________

Pòtoprens, Vandredi 25 Jiyè 2025

Objè : Envitation pou patisipasyon nan Atelye Espesyal Kreyolofoni FLA

Mesye/Madmwazèl/Madame,
Chè Konpatriyòt,

Komite Kreyolofoni FLA, ki gen misyon pou planifye, pwograme, òganize ak reyalize seri aktivite nan kad selebrasyon Lang ak Kilti Kreyòl — Kreyolofoni — pou mwa Oktòb 2025, epi ki gen tou misyon pou prepare ak òganize Jounen Entènasyonal Lang Matènèl pou 21 Fevriye 2026, gen plezi envite avoka, anseyan, chèchè, edikatè, edikatris, enfliyansè, enfòmatisyen, etidyan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA), tout etidyan an jeneral, jounalis, kad leta ak sektè prive, jadinye, jadinyè, lengwis, medsen, pwofesè, responsab inivèsite ak lekòl piblik kou prive, sosyològ, teknisyen, tiktokè, youtoubè, an reyalite tout moun ki santi yo konsène, pou yo patisipe nan Atelye Espesyal sa a ki pral fèt lendi 28 jiyè 2025. Dire atelye a ap 4 :00 PM – 7 :00 PM.

Se va yon bèl okazyon pou ansyen ak nouvo etidyan, pwofesè ak envite viv oswa reviv esperyans Alma Mater nou, FLA, ki ap mache sou 50 lane egzistans li (1978–2028) — demi syèk — nan yon bat je. Atelye sa a se yon espas pou brase lide, pataje konesans ak esperyans, diskite ak sila ki swaf aprann pou yo aprann plis, mete sou sa yo deja konnen sou lang ak kilti nasyonal pèp ayisyen an, sou enpòtans yon edikasyon ki vize devlopman dirab Ayiti, epi sou wòl nou chak kòm premye resous ki fondamantal pou devlopman kominote nou yo.

Doktè Bonel Oxiné, pwofesè Antwopolengwistik nan Fakilte Lengwistik Aplike, ki gen plizyè ane esperyans nan Syans Langaj ak ansèyman, ap anime dezyèm seri Atelye Espesyal sa a. Ansèyman li yo nan lang natif natal pèp ayisyen an toujou jwenn bonjan fidbak ki temwaye bezwen ak ijans lajenès ayisyen pou kase chèn esklavaj mantal atravè lang yo pale, tande ak konprann depi tou piti nan bon ti mamit — san espas pou fo mamit.

Nou pwofite sonje M. Bruny Mabien, pwofesè Matematik ki gen plis pase 20 ane esperyans nan domèn Teknoloji, te anime yon kokennchenn atelye ki te reyisi avèk anpil siksè, nan satisfaksyon tou de bò — piblik la ak animatè a. Yon atelye ki ouvè pèspektiv nou sou «Nou, Lang Nou, Kilti Nou» kòm «twa potomitan pou devlopman dirab Ayiti». Tout sa, nan lide pou reflechi ansanm kòm pèp, pataje epi poze aksyon men nan men pou chanje lavi kominote nou yo, sou baz yon lekòl ayisyen adapte e jeneralize!

Nou konte sou patisipasyon w ak angajman w nan bèl moman refleksyon, pataj ak aksyon sa a.

Ak lizay e onè espesyal,

Bonel OXINÉ, Ph.D.

Pwofesè Antwopolengwistik
Komite Kreyolofoni FLA

Imèl : komite_kreyolofoni.fla@ueh.edu.ht

Lyen patisipasyon : https://tinyurl.com/2kudeytd

*

 Viré monté