Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Inivèsite Vityèl Fowòm Senlwidisid & Plis Prezantasyon pwojè IVFOSENP1 Fakilte Lengwistik Aplike - Inivèsite Leta Ayiti Photo: Bonel Oxiné |
Inivèsite Vityèl Fowòm Senlwidisid & Plis se yon espas nou konsevwa epi kreye nan lide pou nou bay lidè nan tout komin Ayiti fòmasyon, oryantasyon ak konsiltasyon – gratis ti cheri – nan objektif pou yo rive devlope bonjan lidèchip efikas lakay yo; ame yo ak teknik, estrateji ak modèl pou ede yo pran desizyon epi poze aksyon nan enterè komin kote yo ap evolye. Tout sa, nan lide pou yo rive patisipe yon fason efikas nan devlopman komin kote yo twouve yo. Nan sans sa, li ap nan enterè Ayisyen ak tout Ayiti pou lekòl nan chak komin bay agrikilti, elvaj, lapèch tout valè yo merite epi tou kreye espas pou elèv yo ka fè pratik nan domèn sa yo (ide E. W. Védrine ap nouri anpil nan lespri l chak jou, pami tout lòt bagay). Se nan mwa jiyè ki sot pase la, 5 jiyè 2023 pi presizeman, aprè bonjan refleksyon sou sitiyasyon peyi Ayiti, nou mete IVFOSENP sou pye. Plizyè jèn lidè nan divès komin deja patisipe epi kontinye benefisye travay IVFOSENP. Nou genyen pa egzanp Sen Rafayèl, Grandans, Leyogàn, Senlwidisid, Tomasik, Abriko, Lazil, Gresye. Ekip IVSOSENP lan ap byen kontan resevwa done ki fyab sou chak komin ki gen reprezantan nan lide pou dokimante komin yo. Enfòmasyon sou komin yo tankou foto sit touristik komin yo, danre komin yo bay, lekòl, inivèsite, bibliyotèk, kote ki gen rivyè, sous dlo, zòn ki gen kanal ki konstwi deja oswa ki merite konstwi, jaden botanik e latr… Tout sa yo ap fasilite travay dokimansyon sa a rive fèt an byen. Nou ap tann plis lidè toujou ki sòti nan divès komin pou nou reflechi, brase lide, analize epi wè ansanm sa k ap bon pou komin yo.
IVFOSENP ak EDA ap pote kole
Esperyans Dyaspora Ayisyen, EDA, se yon seri konferans kote nou envite Ayisyen nan Dyaspora an patikilye vin pataje esperyans ak karyè pwofesyonèl yo avè etidyan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) nan Inivèsite Leta Ayiti2 (ILA). Tout aktivite sa yo sanse rantre nan menm kad epi gen menm objektif: devlopman Ayiti. Piske Ayiti gen 149 komin, IVFOSENP estime apati tip aktivite li yo, nou ap kapab genyen pazapa yon nouvo mòd panse k ap an favè devlopman peyi a pandan nou ap mize sou pwogrè chak komin. IVFOSENP ankouraje kolaborasyon ak patenarya ant komin ak komin pou ka gen plis efè nan aksyon ki ap poze epi touche e sansiblize maksimòm moun.
Pou rèv IVFOSENP tounen reyalite, travay nan tèt kole ant Ayisyen an Ayiti kou nan Dyaspora vin plis pase nesesè. Fòmasyon, oryantasyon, konsiltasyon lidè ki reprezante komin yo ap benefisye yo pèmèt nou an menm tan kesyone mantalite popilasyon ayisyen an tanzantan. Yon mantalite ki trennen dèyè li yon seri mòd panse ki anpeche devlopman an. Pa filyè temwayaj ki gen rapò ak diskou negatif ki kont chanjman nan nivo komin yo nou ap resevwa pa egzanp bò kote lidè yo pa rapò ak esperyans yo esplike rezon soudevlopman ki ap depafini avèk Ayiti e Ayisyen. Se yon dividal temwayaj ak koze ki depaman ak devlopman epi makònen avèk reyalite malouk chak komin yo ap viv chak jou.
Pandan nou mete yon bout nan prezantasyon pwojè IVFOSENP lan, nou ap envite ou ale sou lyen anba yo epi koute de (2) nan seyans fòmasyon IVFOSENP ekip EDA mete disponib pa filyè chèn Youtube li. Tout sa nan lide pou ou ka gen yon ide sou travay nou ap reyalize pou devlopman komin yo. Men tit yo: «Lekòl ayisyen & lespri kritik»; «Tout komin Ayiti dwe pran woulib epi kopye sou modèl rezistans Wanament la».
Nòt
- Envitasyon nan yon seri konferans ki santre sou Esperyans ak Karyè Ayisyen nan Dyaspora
- Nan vokal la nou ap tande 146 men apre verifikasyon nou jwenn 149 komin.
* * *
IVFOSENP : Prezantasyon (vokal) Pwojè
EDA & IVFOSENP | Vwa: Emmanuelle N. Dera
Panse gwo pou Ayiti
E. W. Védrine | EDA & IVFOSENP
7.11.2023
Tanbou, Fòlklò & Atizana Ayiti
B. Oxiné | EDA & IVFOSENP
1.11.2023
Opòtinite frape nan pòt tout Ayisyen
E. W. Védrine | Koutwazi EDA & IVFOSENP
29.10.23
Lespri tèt ansanm ak bonjan kolaborasyon:
remèd kle soudevlopman Ayiti
EDA & IVFOSENP
28.10.2023
Prezantasyon Moles Paul
"Journée d'Études" | Koutwazi EDA
20.10.2023
Deba, kòmantè, kesyon-repons, diskisyon, epi fen
"Journée d'Études" | EDA & IVFOSENP
20.10.2023
Lekòl ayisyen & lespri kritik
Védrine | EDA & IVFOSENP
20.10.2023
Seyans Fòmasyon pou lidè komin Ayiti
E.W. Védrine | EDA & IVFOSENP
5.10.2023
Lidèchip efikas & Devlopman l
E. W. Védrine | Koutwazi EDA & IVFOSENP
22.9.2023
Mayo pou kanal la
E. W. Védrine | Koutwazi IVFOSENP & EDA
20.9.2023
Mantalite Ayisyen & soudevlopman
E.W. Védrine | Koutwazi Invièsite Vityèl FOSENP & EDA
11.8.23
Devlopman & mantalite ayisyen
Pwof. Bonel Oxiné | ©EDA & IVFOSENP
30.7.2023
Prezantasyon Anne Sherley Legouté
"Journée d'Études" | Koutwazi EDA
20.10.2020
Prezantasyon Anne Sherley Legouté
"Journée d'Études" | Koutwazi EDA
20.10.20
Prezantasyon Mideline Dragon J. S.
"Journée d'Études" | Koutwazi: courtesy EDA
20.10.20
Repòtaj depi Ziltik (Granntòk)
pou IVFOSENP
avèk Korespondans nou E. W. Védrine
Tout komin Ayiti dwe pran woulib
epi kopye sou modèl rezistans Wanament la
1. Entèvyou|Sezon sechrès Ayiti (woman)--E.W. Védrine (otè)
© by Esperyans Dyaspora Ayisyen& FOSENP
2. Entèvyou|Sezon sechrès Ayiti (woman)--E.W. Védrine (otè)
© by Esperyans Dyaspora Ayisyen& FOSENP
*