Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan
  Meleyo Meleyis

Jacques Pierre

Sis chòlpis tounen yon kis
Ki chita kou karapat nan zo mis
Yon tralye mawoko tout ti vis
Zo pou z oak yon pakèt arivis
Ki nan tete lang ak patatis
Ki pare pa pare p ap janm sis
Nan okenn deba bouki ak malis
Kote tout aktè yo tounen aktivis
K ap planifye yon ajanda alsiyis
Ak tout majis ki tounen vivi lajistis
Nan mare sosis yo ak tou kòpis
Ki tounen legetè dènye minis
Anba madoulè Minista ki byen tris
Antan tout sa ki pa melas sou lis
San yo pa konprann pou ki sa pèp la rete mòksis

Jacques Pierre

boule

 Viré monté