Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Maswife

Anderson Dovilas, poète

Ou bay goute
Yo degoute w
Ou bay ranje
Yo deranje w
Ti rès la prèske fini
Tankou grès balèn
K ap fè wout kwochi
Anba flèch ti van vakans

Lè malere ap kabicha sou galeri
Anvan tèt kabann
Disparèt nan fènwa

Padone tèt ou
Si kè w son maleng
K ap senyen san geri
Pa di w gen bon do
Si lè w blayi
Tèt ou pa itil

Lanmou son majò jon
Devan bann 
K ap bay payèt
Li pa responsab mizisyen
K ap fè fo pa

Renmen lè kè w
Se wout ou
San l pa limit
Tankou pye bwa
K ap konpoze frechè
Nan mwa jiyè
Gen plas pou kabicha
Gen plas pou fè nich
Lè jounen an twò lou
Si w pa ka pote l
Kapote l

Pa koute moun
K ap fredone malè w nan zòrèy ou
Tankou chak segond
Nan lavi moun
G’on pwofesi ki batize l

Pa pèdi sanfwa w nan douvanjou
Si jounen an pwente pou l detounen w
Tankou lè rivyè balonnen
Anba lapli
Souri ak kè w louvri
San regrè
San gad dèyè
Jouk bonnanj ou
Jwenn bon sans

Geri bosko w
Sou yon fèy papye
Chante jouk vwa w
Depase tèt ou
Pa chita nan yon kwen
Ap chache fòm figi w
Nan mouchwa
Dlo je
Pa miwa

Di tèt ou
Fòk pye w ta wouye
Pou solid jwenn ou

Si w pa jwenn pwomès
Pou lonje vi w
Pwomèt tèt ou
Pou w saj
Lè lavi w se pòt antre
Pou moun ki rayi w

Pa kite imilyasyon
Fè w rayi tèt ou
Lavi pat janm
Yon bote san domaj
Pa fèmen je w nan fènwa
Blakawout fonse
Pap tounen limyè

Gen jou taso
Gen jou aransò
Si w boukante yo
Ou ka chode
Pa jete youn pou lòt
Wap bezwen pase w
Pou w fè siksè

Met efò w nan pòch ou
Li ka sifi
Men w pap mizerab
Mete fatig ou
Anba zòrye w
Ou ka dòmi mal
Men rèv ou pap twoke
Jouk souf ou souflete w

 

Pa pè foli w
Foli s’on depasman
S’on deplasman
Se fason w moun
San moun
Dòmi avè l
Fenèt louvri
Mache avè l
Tankou de dwa paralèl
K ap veye youn sou lòt
Yon foli s’on pouse
San verite
San defo
Si w pa swiv foli w
Foli w pap swiv ou

Ou menm ak elan w
S’on vwayèl janm de bwa
Ki pyeje nan metafò
Lavi w pap metamòfoze
Si kwayans ou pa itil.

boule

 Viré monté