Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Leksik konpare: kreyòl ginen ak kreyòl ayisyen

ak Jean-Robert Placide (manm Sosyete Koukouy, Seksyon Kanada)

Jean-Louis Rougé pibliye an 2004 youn diksyonè trè enteresan, ki chaje kou legba ak enfòmasyon sou vokabilè kreyòl, ki rele Dictionnaire étymologique des créoles portugais d’Afrique. Diksyonè etimolojik konpare Rougé a fè youn gwo efè sou mwen kòm ayisyen natif-natal kreyòl. Anbyans kreyòl ki ap layite anndan liv la apati konparezon ak kreyòl ginen yo, resanblans ant kreyòl ginen yo ak kreyòl ayisyen an, sa te pòte mwen fè youn rechèch konpare ant vokabilè kreyòl ginen yo ak kreyòl ayisyen an. Mwen rele kreyòl ginen, premye gwoup kreyòl avèk baz pòtigè (CPA) ki devlope nan gòlf Gine an. Rougé konte 6: Guinée–bissau, Cap-vert, Casamance (kriòl), forro (santome), angolar, lung’ie (Principe). Se kreyòl ginen sa yo J.L Rougé (2004) konsidere epi li konpare leksik yo a. Mwen jwenn anpil resanblans, toukòm mwen jwenn anpil diferans ant kreyòl ginen sa yo ak kreyòl ayisyen an, ki ta kapab jwenn esplikasyon yo parapò ak lanng ki te prezan sou teritwa yo a, sètadi lanng pòtigè a ak kasteyann nan, ajoute ak lanng Lafrik yo tankou lanng kwa yo (fon, ewe, nago), plis lanng bantou yo (kikongo, dwala, lingala, kiswayeli, ….).

Kreyòl ayisyen an soti nan Ginen

Dekouvèt ki fèt nan travay konparezon leksikal sa yo, tankou pa Pierre Anglade (1998) la ak pa Rougé (2004) la, revoye nou sou youn ansyen pis rechèch afwo-pòtigè kote pou nou ta rekonsidere pi byen enfliyans gwoup pòtigè ak kasteyann nan (lòt lanng Lewòp) sou fòmasyon premye kreyòl la nan lanmè karayib la yo.

Paregzanp, lenguis ewopeyen yo, tò ou rezon, toujou konsidere kreyòl ayisyen an tankou youn kreyòl franse akoz pakèt pil mo fransè (ansyen fransè) yo jwenn nan kreyòl la. Yo (Robert Chaudenson, M-C Hazaël-Massieux) toujou ap konsidere nesans kreyòl la nan karayib la apati lane disetyèm ak dizuityèm syèk yo, epi yo neglije tout egzistans kreyòl ki te pale nan kenzyèm ak sèzyèm syèk yo, plis pase yon syèk anvan fransè yo te debake oubyen te pran posesyon teritwa sa yo. Sanble jiskaprezan, yo toujou vle ekate lanng pòtigè ak kasteyann yo pou yo bay fransè a plis plas nan nesans kreyòl ayisyen an. Alòske, n’ap jwenn nan ekip lanng pòtigè-kasteyann nan youn founnda ak youn makout ansyen mo pòtigè-kasteyann ki se zansèt youn seri ansyen mo kreyòl ayisyen an, ki ap sèvi jouk jounen jodi a, ki la depi ane 1500 yo.

Paregzanp, kontrèman ak ipotèz etimoloji fransè Dominique Fattier bay pou mo aloufa a, nan Atlas Linguistique d’Haïti (ALH, carte 881), mwen panse Aloufa plis ka soti nan Arrufar, ki se youn mo pòtigè ki vle di s’emplir, se gonfler (cf. Rougé 2004, p. 66). Nan ka sa a, pou chanjman fonetik ki gen rapò ak fonèm (r / l), tcheke (carte 451) kote nou jwenn clystère (fr) ki tounen kristè (k. a). Mwen panse tou, Goulou plis ka soti nan ngulu, ki se youn mo kongo ki vle di kochon, olye pou li ta soti nan yon etimoloji fransè.

Youn dezyèm pis rechèch ankò, se enfliyans kreyòl ginen yo (CPA- Créole portugais d’Afrique) sou nesans kreyòl ayisyen an. Kanfeti gen prèv istorik ki pwouve kreyòl ginen yo te janbe lanmè kite Lafrik ale Lewòp (cf. lingua de preto, nan peyi Pòtigal), tèz sa yo pa jwenn okenn bon refleksyon nan men lenguis ewopeyosantris fransè yo. Epoutan, se pa ni rapò istorik, ni rapwochman kiltirèl, ni resanblans, ni korespondans lenguistik (leksik, sentaks, fonetik, fonoloji) ki manke ant kreyòl ginen yo ak premye kreyòl yo nan karayib la, tankou patikilyèman kreyòl Ayiti a. Tout moùn konnen, nan ane 1500 yo, 125 an anvan lanng fransè yo, Afriken, Pòtigè, Kasteyann ak Endyen t’ap kominike sou teritwa Ayiti a. Nan ki lanng ? Anplis lanng matènèl yo, èske afriken yo pa te vwayaje avèk kèk pawòl kreyòl ginen anba bouch yo?

Pou mwen alimante bouskay ak deba yo nan ka patikilye kreyòl ayisyen an, m’ap prezante de lis mo, apati rechèch J. L. Rougé (2004) la. Toudabò, sou baz pòtigè a, m’ap bay youn lis mo pòtigè ki nan diksyonè Rougé a, pou mwen konpare kreyòl ginen yo ak kreyòl ayisyen an. Pi fò nan mo pòtigè sa yo, nou jwenn yo nan lanng kasteyann nan tou. Sa fè, ekip pòtigè-kasteyann nan se yon sous enpòtan pou ansyen mo kreyòl ayisyen an, byen lontan anvan fransè a ak makòn dyalèk li yo. Ansuit, sou baz lanng ginen yo, m’ap bay youn lòt lis mo ki nan menm diksyonè a toujou, pou mwen konpare kreyòl ginen yo ak kreyòl ayisyen an. Anpil nan mo sa yo sòti nan fanmi lanng Bantou yo ak fanmi lanng Kwa yo. Nou remake youn diferans: kreyòl ayisyen an gen plis mo ki soti nan fanmi lanng Kwa yo, akoz fòs popilasyon (dawome, togo, nago,…) ki pale lanng sa yo, alòske kreyòl ginen yo gen fòs mo ki soti nan lanng bantou yo, akoz istwa pa yo tou. (cf. Rougé 2004, p. 18, 19). Sou baz fanmi lanng Kwa yo (fon, nago, ewe), nou kwè mo kreyòl ayisyen yo trè pwòch ak kreyòl lung’ie a (Principe). Tandiske, sou baz fanmi lanng Bantou yo (kikongo, dwala, lingala, kiswayeli ...), mo ayisyen yo sanble ak kreyòl forro (santome), angolar.

Aplikasyon enfòmasyon sa yo

Nan pèspektiv youn diksyonè tankou pwojè Dictionnaire étymologique des Créoles Français d’Amérique (DECA), lenguis Annegret Bollée, Ingrid Neumann-Holzschuch ak Dominique Fattier ap prepare pou soti, se kotizasyon pa mwen kòm manm Sosyete Koukouy (seksyon Kanada) pou amelyore konesans sou lòt mo kreyòl (ansyen) ki nan kreyòl ayisyen an depi lontan, men ki pa soti nan lanng franse a. Souvan, kèk lenguis (tankou Dominique Fattier, avèk Atlas Linguistique Haïti, 1998 li a) sèvi ak mo ki nan fon popilè ansyen kreyòl la pou chèche epi pou jwenn ransèyman sou ansyen fransè yo te pale nan epòk kolonyal la. Alòske, menm mo a, sou fòm fonetik li, kapab enfòme nou tou sou lòt ansyen lanng ki pa fransè, ki te la anvan lanng fransè epi ki te patisipe nan fòmasyon leksik kreyòl ayisyen an.

Paregzanp, nan leksik baz popilè kreyòl ayisyen an, mo lanmè a (la mer) pa sanble poze okenn pwoblèm pou etimoloji fransè a. Sepandan, etimoloji fransè a pa esplike mo lanmè (nan kreyòl ayisyen an) ki vle di utérus . Egzanp: lanmè (Mari) tonbe . (cf. Valdman 2004, p. 409). Gen yon lòt egzanp ankò kote mo lanmè a vle di matris fanm: mè vant lan tonbe / lanmè vant lan tonbe. (cf. Jean-David Simon, moùn Chantal, nan Sid Ayiti). Nan ka sa yo, sans mo lanmè a pa sòti nan fransè. Pakont, nou jwenn sans sa yo nan yon lanng Lafrik Ginen, an patikilye nan lanng Fon, kote lanmè (lãmε / lã mε) vle di l’intérieur du corps; epitou, avèk youn lòt sans tou ki vle di abattu. (cf. Segurola 1988, p. 349)

Etimoloji sa a ki soti nan lanng Fon an kapab esplike mo demèfle a tou, avèk yon mo tankou xomε ak lãmε / lã mε, kote mòfèm mè / mε a vle di anndan, intérieur. Nan Segurola 1988, p. 593, nou jwenn xomε: entrailles, ventre, intérieur du ventre. Men yon egzanp kreyòl ayisyen: Jan nou santi (nou) demèfle la, (trip nou ap sòti a) nou merite yon bon repo. (cf. Valdman 2004, p. 154). Yon lòt egzanp ankò: Okenn moùn pa dwe bay fanm yon kout pye demèfle. (cf. Simon Jean-David, moùn Chantal, nan Sid Ayiti). Daprè Simon, yon kout pye demèfle se yon kout pye dechalbore, detripe nan ba vant.

Ositou, poutèt mo tokay (homonyme) tankou egzanp mo lanmè a (ak anpil lòt ankò tankou:, tonbe, boule, zen, pete, moùn, tchoule, kap, kenbe, kay, bay …), mwen panse DECA pa ta dwe suiv ALH nan chèche sèlman etimoloji fransè pou mo kreyòl ayisyen yo, jouktan pou li ta neglije etimoloji lanng Lafrik yo, ajoute ak ekip lanng pòtigè-kasteyann nan. Verite syantifik pa gen patri!

Anvan mwen bay lis mo sa yo a, mo yo ta ka klase nan pati: Mots d’origine non-française ou inconnue, m’ap bay youn apèsi sou anbyans kreyòl mwen santi ki ap layite nan diksyonè J. L. Rougé a (2004).

1- Anbyans kreyòl

* Anbyans gramè kreyòl

  • prepozisyon: nan (p. 212)
  • konjonksyon: o (p. 220)
  • detèminan: oun < um; (278)
  • pwonon: yoùn < uNa; yoùn yoùn < uNa uNa (p. 278); yochak < tudu argen fika tudu aparti = (tous les quelqu’un) yochak rete bò kote pa yo (p. 53). Li, l, i (k.a) < êli (p. 138)
  • Plas detèminan an: meu = mwen (p. 205), no = nou (p. 215)
  • Aksyon reflechi: mwen lave mwen byen lave (p. 187); touye tèt li < mata si kabesa; kò: touye kò < mata ongê (p. 202); lave kò < laba korpu = se laver (p. 187); kò mwen manje mwen = s’indigner < kume ubwê (p. 114)
  • redoubleman: chocho, tchaptchap, tòltòl (p. 243); mòl-mòl (p. 208), kounye kounye a (p. 48), miyan miyan (283), djandjan,
  • annou (k.a) < anos (p. 215)

* Anbyans fonetik kreyòl

  • rapò ant r / l (p.54, 64) Egzanp: aloufa (k. a) < arrufar, (p. 66); rada (k. a.) < alada; lisa ( k.a) < oricha
  • rapò ant g / j (p. 47) Egzanp: degi (k. a) < do e ji (lanng Fon)
  • rapò ant r / w (p. 123) Egzanp: krè / kwè; mwen / mren;

* Anbyans kilti kreyòl

  • faire du bruit avec ses lèvres en signe de mépris (p.107)
  • makunga (p. 330), farine de mil, cuite et enroulée dans une feuille de banane. En Haïti, farine de maïs, cuite et enroulée dans une feuille de banane.
  • Lalin < lua (p. 192) avoir ses règles = genyen lalin
  • lwa monte x (p. 209) = x pran lwa
  • santu (p. 256) = sen, lwa, espri
  • x ton santu (p. 256, 273) = x pran lwa
  • move je (p. 202)
  • pran je < 273) (p. ôdju>
  • taper sur la tête avec l’articulation des droits (p. 119)
  • bay devinèt, tire kont (p. 45, 112, 207,)

* Anbyans semantik: mo ak espresyon kreyòl

  • dlo kokoye, dlo bouch, dlo je, dlo kò, (dlo kòk = sperme), (p. 49)
  • Je pye = tibia, péroné (cf. olho, p. 218)
  • li gen yon ti koulè < i tene kor = un métis, un teint clair (p. 119) cf. koulè wouj ak jòn se menm mo (p. 56) cf. vèvè, nan lanng fon.
  • fè fon < afunda = koule (p. 47)
  • li bwè depase = li bwè twòp (p. 225)
  • sak vid pa kanpe < saku linpu ka ta firma (p. 255)
  • savalouwe < seya avalu we, (cf forro, lungi’e, p. 260). Nòt: yanvalou < avalu: N ñ’ avalu, (nan lanng Fon).

2- Korespondans leksikal ant de kreyòl yo, sou baz mo pòtigè yo

* acabar, finir, achever (p. 42)

  • kaba (kreyòl ginen)
  • kaba (kreyòl ayisyen) Egzanp: akasan an kaba, al an fas la w’a jwenn. (Tdk, p. 222)

* adivinhador, devin, celui qui devine. (p. 45)

  • dibiñadur, dibiñador (kreyòl ginen)
  • divinò (kreyòl ayisyen) cf. houngan, bòkò, manbo, hounbòn

* arrufar, se gonfler, s’emplir (p. 66)

  • rufa (kreyòl ginen)
  • aloufa: afre, saf (kreyòl ayisyen). Egzanp: aloufa sa a manje twòp. (Valdman 2007, p. 20)

* atacar: attacher (p. 68)

  • taka: fermer (kreyòl ginen)
  • take (kreyòl ayisyen). Egzanp: take pòt la. (Valdman 2007, p. 690)

* barba, barbe (p. 76)

  • barba (kreyòl ginen)
  • bab mayi, bab panyòl (kreyòl ayisyen)

* bofetada, gifle (p. 83)

  • Bafatada, (kreyòl ginen)
  • Baf, (kreyòl ayisyen), cf. sabò, souflèt, pataswèl

  • - Nòt: bafre ki vle di bay kèk baf, pa menm ak bafle ki vle di manje ak vorasite.

* boqueira, petite blessure aux commissures des lèvres. (p. 85)

  • bokêra (kreyòl ginen)
  • bòkyè (kreyòl ayisyen)
  • Nòt: apati (boca) nou vin genyen: bosal, baboukèt,

* buscar, chercher (p. 89) cf. esp.?

  • buska, buka (kreyòl ginen)
  • bouske (kreyòl ayisyen): chèche. Egzanp: ki sa w’ap bouske la? (Valdman 2007, p. 99).
  • Nòt: bouskay = rechèch; bouskadò = chèchè

* caber, contenir (p. 90)

  • kebe, kibi, kêbe (kreyòl ginen)
  • kenbe (kreyòl ayisyen) tyenbe, tchenbe, tchimbe.Egzanp: Mamit la kenbe de galon dlo (Valdman 2007, p. 340). Boutèy la kenbe on ka (Tdk, p. 238).
  • Nòt: ngëb (lanng ejip).

* cabeçada, coup de tête (p. 90). Nòt: cabecear, dodeliner

  • kabesada (kreyòl ginen)
  • kabicha (kreyòl ayisyen) Egzanp: tout jounen, gramoùn nan ap kabicha sou dodin nan. (Valdman 2007, p. 314). Cf. kabès; de kabès; kabòch,

* cacarejar, caqueter (p. 91)

  • karkija (kreyòl ginen)
  • kakaye (kreyòl ayisyen) Egzanp: poul la ap kakaye, li pral ponn (Tdk, p. 224).
  • Nòt: kakaye pa menm ak kakade (fr.)

* calças, calção, pantalon, culotte (p. 93)

  • kalsa (kreyòl ginen)
  • kanson (kreyòl ayisyen) Egzanp: pou travay sa a, fòk ou gen kanson nan tay ou. (Valdman 2007, p. 326 )

* carapinha, cheveux crépus (p. 99)

  • klapiñé (kreyòl ginen)
  • kaprina (kreyòl ayisyen)

* carango, pou (p. 99)

  • karanga (kreyòl ginen)
  • karanng (kreyòl ayisyen), Egzanp: Entèl bab karanng

* carrapato, tique (p. 101)

  • karapatu (kreyòl ginen)
  • karapat (kreyòl ayisyen). Ou tounen yon karapat nan kò mwen, tèlman ou nui mwen. (Valdman 2007, p. 329)

* casa, maison (p. 102)

  • kasa, kai (kreyòl ginen)
  • kay (kreyòl ayisyen) Egzanp: Li pran kay vwazin nan pou li. (Valdman 2007, p. 337)
  • Nòt: Pa konfonn li ak kay: zile. Cf. Okay

* caspa, pellicule (p. 102).

  • kaspa (kreyòl ginen)
  • kap (kreyòl ayisyen) Egzanp: tèt ou plen kap (Tdk, p. 228)
  • Nòt: caspa, kasteyann,1490 (J. Corominas, 1987)

* catre, petit lit, lit de campagne, grabat (p. 103), cf. sou lagraba

  • katri (kreyòl ginen)
  • kad (kreyòl ayisyen) Egzanp: baton pye ou tankou bwa kad.
  • quinhão, part, portion (p. 244)
  • kiñon, kuñon (kreyòl ginen)
  • kinan, kina, kin (kreyòl ayisyen). Egzanp: Rad sa a, se kin a mwen (Valdman 2007, p. 345).
  • Nòt: kina, ta soti nan lanng kikongo, daprè Y.Dejan 1977, p. 419.

* coisa, chose (p. 112) cf. la forme (cousa) antérieure à (coisa).

  • kusa (kreyòl ginen)
  • Kisikousi-kisikousa (kreyòl ayisyen). Egzanp: Gen youn chantè ayisyen, ki rele Koupekloure, ki kòmanse youn chante devinèt konsa: kisikousi-kisikousa, vin tande youn bèl koze, kou ayisyen pale laten, yo di l’ap fè tenten, kou ayisyen pale kreyòl, yo li pa t’al lekòl…
  • Nòt: Quisicosa (1630), se kontraksyon fraz kasteyann sa a: qué es cosa y cosa? / u que es cosi u que es cosa? Se youn fraz yo itilize an 1495 pou yo kòmanse devinèt popilè yo. (J. Corominas, 1987, p. 488). Kisikousi-kisikousa: premye mo yo pwononse lè yo kòmanse ap bay devinèt. (cf. cousa, ansyen pwonosyasyon pòtigè pou coisa, nan Rougé 2004, p. 112). Pa konfonn li ak (kousi-kousa) ki soti nan fransè (comme ci – comme ça). Rasin: Lòt varyant mo sa a, nan menm sikonstans yo se: krik – krak . Se youn mo ki soti nan franse. Cf. ye misti krik? ye misti krak! (Matinik…). Youn lòt varyant ankò se: tim-tim. Kanta mo sa a, tim-tim nan, li soti nan lanng Fon (timè), ki vle di: esplike, tradui, bay sans, devine. (Segurola 1988, p. 512).

* cobre, cuivre (p. 110)

  • kobli, kobri, kobi (kreyòl ginen)
  • kòb (kreyòl ayisyen). Egzanp: Vwazin nou an fè kòb nan bòlèt. (Valdman 2007, p. 350)

* colher, cuiller (p. 113)

  • kudjer, kuyê, kiyeri (kreyòl ginen)
  • kouyè, kiyè (kreyòl ayisyen). Egzanp: kiyè a tonbe nan sòs pwa a. (Tdk, p. 240)

* cortesia: courtoisie (p. 121)

  • kortesia, kortsia (kreyòl ginen)
  • san koutya, san koutcha (kreyòl ayisyen). Egzanp: Nèg san koutcha sa a pa konn ki jan pou li pale ak moùn. (Valdman 2007, p 384).

* crica, vagin (p. 124)

  • krika (kreyòl ginen)
  • krèk, tèt krèk (kreyòl ayisyen). Egzanp: tèt krèk vle di clitoris (Valdman 2007, p. 390)

* crioulo, créole (p. 124)

  • kiriol, kriol (kreyòl ginen)

  • - kriyòl, kreyòl (kreyòl ayisyen) Egzanp: kriyòl yo mande chanjman.

* doce, confiture, confisserie, douceur, friandises, (p. 136)

  • dosi, doxi (kreyòl ginen)
  • dous tablèt, dous kokoye, dous pistach, dous Makòs (kreyòl ayisyen)

* espantar, effrayer (p. 149)

  • panta (kreyòl ginen)
  • espantan, espante (kreyòl ayisyen) Egzanp: Li annik tande bri a, li espantan ….. Bri a fè li espante nan dòmi (Valdman 2007, p. 217)
  • pantan (kreyòl ayisyen) Egzanp: Zam nan ou rale a fè li pantan. (Valdman 2007, p. 533)
  • Nòt: espantar, kasteyann (J. Corominas 1987, p. 249.)

* garganta, gorge (p. 170)

  • garganta (kreyòl ginen)
  • gagann, gagannen (kreyòl ayisyen) Egzanp: Lage ti akasan an nan gagann ou.

* lamber: lécher (p. 186)

  • lenbe, libi, lanbe (kreyòl ginen)
  • lanbe (kreyòl ayisyen). Egzanp: li lanbe asyèt la. (Valman, p. 408)
  • Nòt: (1) niche < lécher fr. (2) lolo: lécher (p. 328). Egzanp: W’ap lolo mwen pou vale mwen.

* melhor: meilleur (p. 203)

  • midjor, (kreyòl ginen)
  • miyò (kreyòl ayisyen). Egzanp: Ti kouto miyò pase zonng. (pwovèb)

* morder: mordre (p. 209)

  • morde, murdi, môdê (kreyòl ginen)
  • mòde (kreyòl ayisyen). Egzanp: Pa rale ke chen an, l’a mòde ou. (Tdk, p. 334)

* mundo: monde (p. 212)

  • mundu, umundu (kreyòl ginen). Nòt: son (u) ki plase devan mo mundu a fè mwen plis panche pou yon etimoloji Bantou.
  • moùn, (une personne) (kreyòl ayisyen) Egzanp: Pitit moùn se moùn.

* na: dans, sur, chez (p. 212)

  • na (kreyòl ginen)
  • nan (kreyòl ayisyen). Egzanp: Mwen pral nan mache. (Tdk, p. 342). Papye a nan mi an (Sauveur 1994, p. 2)

* nação: nation (p. 212)

  • nason, nanson (kreyòl ginen)
  • nanchon (kreyòl ayisyen). Egzanp: Ki nanchon moùn sa yo ? (Valdman 2007, p. 503)

* palha: paille (p. 222)

  • paya (kreyòl ginen)
  • payaya (kreyòl ayisyen). Egzanp: maladi a fè li payaya. (Valdman 2007, p. 543)

* saquitel: petit sac, besace, sacoche (p. 257)

  • sakutelu (kreyòl ginen)
  • sakit (kreyòl ayisyen). Egzanp: machann nan rele: « Anmre! Yo vòlè sakit mwen » (Tdk, p. 436)

* sarampo: rougeole (p. 257)

  • saranpa, saranpu (kreyòl ginen)
  • saranpyon (kreyòl ayisyen)

* sentar, s’asseoir (p. 260)

  • senta, sinta, xinta (kreyòl ginen)
  • chita (kreyòl ayisyen). Egzanp: chita non! (Valdman 2007, p.125). Ou mèt chita, pye chèz la ranje (Tdk p. 97)

* tisnar, noircir, tacher de suie (p. 272)

  • tisina, tisna (kreyòl ginen)
  • tisina (kreyòl ayisyen) cf. diri tisina (Valdman 2007, p.712)

* um(a): un(e) (p. 278)

  • un, uNa (kreyòl ginen)
  • oun, (kreyòl ayisyen)

* vay, ale;3èm personne du présent de l’indicatif du verbe : ir.(p.180)

  • bay, ba (kreyòl ginen)
  • bay (kreyòl ayisyen) Egzp; ki kote w’ap bay?
  • N.B. Pa konfonn li ak bay: donner (fr.) ki soti nan bailler. Sepandan, nou jwenn itilizasyon (bay) sa a kòm prepozisyon ni nan kreyòl ginen yo ni nan kreyòl ayisyen an. Egzanp: bili poto da-mu ki vle di an fransè: ouvre-moi la porte, epi an kreyòl ayisyen: louvri pòt la ban mwen. (cf. dar, p. 127). Fè travay la ban mwen! (Valdman 2007, p. 72)

* verga, verge Cf. vergalho: sexe de taureau (p. 282)

  • berga, bergadju (kreyòl ginen)
  • bega bèf (kreyòl ayisyen).
  • Nòt: lolo wonn bèf (bòbòt manman bèf). Mo lolo a soti nan ololo (p. 345)

3- Korespondans leksikal ant de kreyòl yo, sou baz mo Lafrik ginen yo

* akara: beignet de haricot (p. 291). Cf. lanng wolòf, yorouba,

  • akla (lanng Fon, Nago, Segurola 1988, p. 38)
  • akra (kreyòl ayisyen) Egzanp: akra nago,

* Alada: ville de Arada, au Bénin (p. 291).

  • Alada (Fon, Segurola 1988, p. 46)
  • rada (kreyòl ayisyen)

* bebe: muet (p. 295).

  • bebe, sourd-muet, (lanng kikongo, Baker 1988)
  • bèbè (kreyòl ayisyen)

* bunda: fesses (p. 88).

  • mbunda, (kimbundu, Baker 1988)
  • boùnda, moùnda, (kreyòl ayisyen)

* dingi: en plus, de plus (p. 302).

  • dingi (kimbundu, p. 302)
  • déji, en plus, supplément (Fon, Segurola 1988, p. 116)
  • degi (kreyòl ayisyen)

* dyaka, (p. 180)

  • Eliante janvier, moùn andeyò Jeremi, di nou djaka se tankou labapen . (kreyòl ayisyen)

* digigi: secouer, trembler (p. 301, 276). Cf. lanng Fon

  • (1) zigidi (kreyòl ayisyen) cf. malkadi, maladi latranblad. Egzanp: lè zigidi a pran li, … (2) cf. koklo gidi (cf. nan seremoni vodoun, kòk, poul ki ap bat anvan yo trepase) (3) cf. madigiji / majigiji / majigridi (4) cf. zèb zagidi nan fon lanmè.

* gidigidi, trembler très fort, (p. 301)

  • tlêmê gidigidi, trembler très fort (kreyòl ginen)
  • gidigidi, violemment, violent, (Fon, Segurola 1988, p. 184)
  • gidyigidyi, mouvement alternatif, secousse (Manding, Baker 1988)
  • zigidi, brouhahha, tumulte, bruit (Fon, Segurola, 1988, p. 363, 364)
  • goudougoudou (non pou tranblemann tè 2010, Ayiti). Egzanp : kouri vit! men goudougoudou a ap vini. (kreyòl Ayiti)

* kandja: gombo (315).

  • kanja, gonbo (wolòf)
  • kandjanhoun, (kreyòl ayisyen), sèvis gonbo, manje lwa (cf. L. Hurbon, nan Pierre Anglade 1998, p. 108)

* kazunbi: revenant (p. 317).

  • nzumbi, (kikongo, kimbundu)
  • zonbi (kreyòl ayisyen) Egzanp: Sa a se pa Iv, genlè se zonbi li. (Valdman 2007, p. 779)

* koko: vagin (p.321) cf. kikongo

* kukuku, chouette (p. 324).

  • koukou (kreyòl ayisyen). Nòt: diferan ak koukouy: lucioles.

* lalo: feuilles de baobab pilées (p. 326)

  • fèy lalo, legim lalo, mare lalo (kreyòl ayisyen)
  • laalo, nan lanng wolòf, (Baker 1988)

* lalu: glissant (p. 326)

  • kalalou gonbo, sòs gonbo, legim kalalou, fanm kalalou (kreyòl ayisyen)

* lolo: lécher (p. 328).

  • lolo (kreyòl ayisyen) Egzanp: w’ap lolo mwen pou vale mwen.

* malanka: une espèce d’igname (p. 330).

  • ma-lanka, taro, (kikongo)
  • malanga (kreyòl ayisyen). Egzanp: fèy malanga

* miyamiyamya, (p. 337, 283)

  • vlêmê mya mya mya, rouge écarlate (kreyòl ginen)
  • kõ mlãmlã, (lanng Fon), ki vle di: briller avec éclat, d’une clarté éblouissate et par coups.(Segurola 1988, p. 302, 349, 393)
  • miyan-miyan, (kreyòl ayisyen) Egzanp: Tenyen limyè k’ap plede miyan-miyan nan branch sapen an. (Keslè Brezo, Viv, p. 24)

* mundu, umundu, monde (p. 212)

  • muntu, homme, individu, personne (cf. lanng Bantou tankou kikongo, kiluba ou tchiluba)
  • moùn (kreyòl ayisyen) Egzanp: Gen 3 moùn ki abite lakay mwen.
  • Nòt: monn, lemonn soti nan monde, le monde (fr). Egzanp : Nan lemonn, gwoup peyi ak plis moùn pòv yo fè pati peyi Tyè-monn.

* mukluklu: hernies (p. 336)

  • makukluklu, hernie scrotale (kikongo, Baker 1988)
  • maklouklou, (kreyòl ayisyen). Egzanp: Li gen on maklouklou ki twòp pou kanson li (Tdk, 309)

* ololo: vagin (p. 345)

  • lolo wonn bèf, (kreyòl ayisyen, nan Gonayiv)

* pupu: excréments, déféquer (p. 348).

  • puup, aller à la selle, (wolòf, Baker 1988)
  • poupou (kreyòl ayisyen). Egzanp: Ou wete poupou ki anndan trip bèt la (Tdk,p. 399)

* tanga: pagne, cache-sexe (p. 353).

  • tanga, pagne, (kimbundu)
  • tanga (kreyòl ayisyen)

* vunvun: guêpe, bourdonner (p. 362).

  • mvuvu, abeille (kikongo)
  • vounvoun, vonvon (kreyòl ayisyen). Egzanp: Mwwen tande youn bèt k’ap vonvonnen (Valdman 2007, p. 752). Radyo vounvoun. Kap la pa gen vounvoun.

* we: aller, (lung’ie, kreyòl ginen, p. 180),

  • xuè: aller (lanng Fon, nan Segurola 1988, p. 602). Nòt: Pa konfonn li ak wè: voir (fr)
  • wè (kreyòl ayisyen). Egzanp: annou wè! ann ale!

* xingila, (p. 363).

  • singila: dodeliner la tête (kikongo)
  • singo, kabicha (kreyòl ayisyen). Apa w’ap singo (kabicha) sou chèz la ? (Valdman 2007, p. 668)

* yanbi: igname (p. 342).

  • nyambi, igname (wolòf)
  • yanm (kreyòl ayisyen) egzanp: yanm ginen

* zunbi, dhunbi: fantôme, revenant (p. 365).

  • nzumbi, fantôme (nan lanng kikongo, kibundu)
  • zonbi (kreyòl ayisyen) Yo di oungan an fè Mari tounen zonbi jaden li, paske manmzèl te konn plante. (Valdman 2007, p. 779)

Referans:

  1. Jean-Louis Rougé, Dictionnaire étymologique des créoles portugais d’Afrique, 2004.
     
  2. Pierre Vernet et al,Ti diksyonè kreyòl/fransè, 1976.
     
  3. Albert Valdman, Haitian creole-english bilingual dictionary, 2007.
     
  4. Philip Baker, nan International Round and Table on Africanism in Afro-American Language Varieties, 25 – 27 Février 1988, (organized by S. Mufwene).
     
  5. R. P. B. Segurola, Dictionnaire Fon-Français, 1963, 1968, 1988.
     
  6. Pierre Anglade, Inventaire étymologique des termes créoles des Caraïbes d’Origine Africaine, 1998.
     
  7. Corominas, Breve diccionario etimológico de la lengua castellana, 1987.

boule

 Viré monté