Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Wòl ak kontribisyon Akademi Kreyòl Ayisyen
nan "devlopman syantifik" lang kreyòl la

Frenand Léger

Cet article a été précédemment publié en juin 2021 dans l’ouvrage collectif
Langues créoles: description, analyse didactisation et automatisation,
Presses universitaires de la Méditerranée, Université Paul Valéry, Montpellier, 2021

1. Entwodiksyon

Atik 213 Konstitisyon ayisyen ane 1987 la, mande Leta pou li kreye yon akademi ki dwe travay pou «devlopman syantifik» lang kreyòl la. Pandan ouvèti XIIyèm kòlòk Asosyasyon Etid Kreyòl ki te fèt Ayiti nan mwa novanm 2008, Fritz Deshommes, vis rektè pou rechèch nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA) nan epòk sa a, te lanse yon apèl pou ekspè ak otorite Leta yo koumanse reflechi sou fason yo pral mete akademi an sou pye jan Konstitisyon 1987 la mande li a. Se kon sa Rektora ILA ak kèk lòt sektè nan sosyete sivil la te lanse inisiyativ fòme yon komite pou mete akademi an sou pye. Soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, ILA òganize yon kòlòk entènasyonal nan Pòtoprens kote yo te brase lide sou tèm «Akademi Kreyòl Ayisyen: Ki pwoblèm? Ki avantaj? Ki defi? Ki avni?». Nan liv sou kolòk la ki te soti nan mwa avril 2013, 27 espesyalis nasyonal e entènasyonal te bay dizon yo sou dosye akademi an. Yon lane avan sa, nan mwa desanm 2012, biwo Sena Repiblik la te gen tan vote Lwa pou kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an (Lwa a). Nan mwa avril 2013, Chanm Depite Repiblik la vote Lwa a. Yon lane apre sa, pouvwa egzekitif la te aksepte ak anpil retisans fè konpwomi pou yo te fè pibliye Lwa a, ki parèt nan nimewo 7 avril 2014 nan Le Moniteur, ki se jounal ofisyèl peyi a. Jou 4 desanm 2014, ILA te fè enstalasyon 33 akademisyen, an absans chèf Leta epòk la, pou li louvri ofisyèlman yon enstitisyon Leta ki otonòm e ki rele Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA).

Soti desanm 2014 pou rive jounen jodi a, sa fè prèske 5 lane depi AKA ap fonksyonnen sou tè Ayiti avèk finansman ki nan bidjè anyèl Leta ayisyen. Pandan 5 lane sa yo, ki dispozisyon konkrè dirijan AKA yo pran pou enstitisyon an ankouraje epi patisipe nan pwodiksyon travay akademik oswa syantifik ki ta kapab kontribiye nan «devlopman syantifik» lang kreyòl la dapre atik 213 ki nan Konstitisyon 1987 la? Èske baz òganizasyonèl ak mòd fonksyònman AKA mete l nan pozisyon pou li ranpli misyon syantifik li ki detaye nan Lwa a? Objektif mwen nan atik sila a, se chache jwenn repons pou kesyon fondamantal sa yo dapre prensip objektivite ki gide travay rechèch syantifik. Nan sans sa a, mwen te analize, dapre yon demach endiktif, tout done piblik ki disponib sou AKA, san konte lòt done mwen genyen kòm ansyen akademisyen manm komisyon syantifik AKA. Pami dokiman ki sèvi m kòm sipò pou alimante refleksyon m sou wòl ak kontribisyon AKA nan «devlopman syantifik» lang kreyòl la, genyen Lwa a, liv kòlòk sou AKA, Premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen an, bilten AKA, plis lòt kominikasyon ofisyèl ki pibliye sou sitwèb AKA ansanm ak enfòmasyon ki sou paj Facebook enstitisyon an. Epi tou, mwen konsilte plizyè atik yo te pibliye nan laprès sou AKA. Se tout done sa yo ki ban m yon konesans a posteriori sou mòd òganizasyon ak fonksyònman AKA. Se menm done sa yo tou ki pèmèt mwen ka analize sitiyasyon an dapre prensip objektivite yon fason pou m garanti validite tout kritik ak rekòmandasyon mwen fè nan atik sila a.

2. Kad teyorik ak metodolojik pou n ka konprann sitiyasyon AKA

Pou mwen ka reflechi sou wòl AKA nan devlopman lang kreyòl lanan yon fason ki metodik, mwen adopte yon apwòch syantifik ki pèmèt mwen idantifye pwoblèm yo nan yon premye tan epi poze yo aklè apre sa pou mwen ka konprann yo epi fè rekòmandasyon ki ka ede nou jwenn solisyon pou yo. Se kon sa lasyans ka pèmèt yon enstitisyon reyalize misyon li pou l ka ede sosyete a fè pwogrè dapre prensip rasyonalizasyon. Kòm mwen ap pale sou rasyonalizasyon ak itilite lasyans nan rezolisyon pwoblèm sosyal, li enpòtan pou mwen eksplike dapre ki demach, dapre ki metòd syantifik mwen abòde pwoblèm AKA nan atik sila a. Mwen itilize yon metòd endiktif, sa vle di yon apwòch kote pwosesis rechèch syantifik la koumanse alorijin nan yon sitiyasyon pratik olye pou l ta baze sou kèk espekilasyon teyorik. Avantaj metòd endiktif la sè ke li pa nan a priori, li pa nan patipri, e li pa baze sou prejije. Okontrè, se eksperyans pratik mwen fè avèk metòd sa a ki ban mwen yon konesans a posteriori sou pwoblèm nou ap konfwonte nan AKA. Men divès etap ki genyen nan metòd endiktif la.

Premye etap la se obsèvasyon reyalite pratik la ki te pèmèt mwen idantifye epi poze pwoblèm yo aklè. Eksperyans pratik mwen fè kòm manm komite sipò ki te kolabore nan mete AKA sou pye epi kòm youn nan akademisyen ki te pi aktif nan plizyè komisyon anndan AKA pandan 4 premye ane fonksyònman enstitisyon an, te pèmèt mwen idantifye epi kouche aklè sou papye plizyè pwoblèm ki genyen nan AKA. Dezyèm etap la se byen reflechi pou mwen chache konnen si pwoblèm mwen idantifye yo reyèl. Pafwa nou ka twonpe nou. Nou ka panse gen pwoblèm epi pa gen pwoblèm vre. Nan ka sa a, pou mwen te ka gen asirans mwen pa te twonpe m parapò avèk pwoblèm mwen te poze yo, mwen te mete yo an kontèks. Twazyèm etap nan demach endiktif la se fòmilasyon ipotèz ki verifyab. Etap sa a enpòtan anpil paske se li menm ki te pèmèt mwen demontre dirijan AKA yo tout pwoblèm mwen idantifye yo se pa envansyon yo ye. Pandan mwen t ap suiv yon apwòch, ki metodik pou mwen devwale pwoblèm AKA yo, epi denonse kèk konpòtman anti pwofesyonèl, mwen te toujou fè pwopozisyon nan divès lèt fòmèl pou mwen te ede rezoud yo epi se pwopozisyon sa yo, ki te pèmèt dirijan yo ak lòt akademisyen yo wè fason mwen te entèprete pwoblèm yo. Katriyèm etap la se fè eksperimantasyon sou teren pou teste ipotèz yo. Apre mwen te fin idantifye plizyè pwoblèm nan AKA depi nan lane 2014, nan menm lèt fòmèl sa yo1, mwen te fòmile plizyè ipotèz sou rezon ki lakòz pwoblèm sa yo. Verifikasyon ipotèz yo, ki se senkyèm etap nan pwosesis la, te posib apre analiz tout done mwen te kolekte pandan 4 lane eksperyans mwen te fè nanAKA. Dènye etap nan metòd endiktif la se pote konklizyon ak rekòmandasyon. Se sa mwen te konn fè nan plizyè lèt fòmèl mwen te voye bay dirijan AKA yo e se menm bagay la m ap fè nan atik sila a.

Lè n ap reflechi sou yon pwoblèm, li enpòtan pou nou poze pwoblèm nan nan yon kontèks ki pi laj pase kontèks espesifik kote pwoblèm nan prezante a. Sa vle di, nou ka sèvi avèk refleksyon teyorik lòt moun te fè nan lòt peyi ak nan lòt epòk ki gen rapò dirèk oswa endirèk avèk pwoblèm nou vle rezoud la. Ayiti se pa premye peyi nan lemonn kote yo te tabli yon akademi lang. Anpil moun ekri sou koze sa a deja. Gen espesyalis nan syans sosyal ki ekri tou sou mòd fonksyònman enstitisyon sosyal yo. Dayè, koze kreyòl-franse a ann Ayiti, se pa yon kesyon ki konsène syans lenguistik sèlman. Se yon koze politik li ye tou. Nou ta ka menm di se yon koze filozofik tou paske filozòf yo reflechi anpil sou konpòtman otorite Leta, politisyen ak lòt kalite dirijan nan sosyete a. Pou mwen te ka byen konprann pwoblèm AKA ap konfwonte, mwen sèvi avèk plizyè konsèp teyorik ki soti nan domèn filozofi, sosyoloji ak nan domèn syans lenguistik. Konsèp sa yo se «pwopagann» ki nan travay Jacques Ellul (1990 [1962]); «medyokrasi» ki se tit youn nan liv Alain Deneault (2015) yo; konsèp «rasyonalizasyon» ki nan travay Max Weber (1990 [1917]);  «kritè verite» ki nan travay Hannah Arendt (2010 [1964]) ak nan yon atik Witold Mańczak (1988); konsèp «peyi tèt anba» ki nan tit youn nan liv Yves Dejean (2013) yo; konsèp «kominikasyon endividyalize» ak «kominikasyon enstitisyonalize» nan domèn amenajman lenguistik ki nan travay Jean-Claude Corbeil (1980, 1986); konsèp «pwogram enstitisyonèl» ki nan travay François Dubet (2002); epi «responsabilite endividyèl» ak «responsabilite sosyal» ki se konsèp nou jwenn nan plizyè travay filozofik tankou sila yo ki parèt nan John Rawls (1997), Hans Jonas (1995) ak René Simon (1993) pa egzanp.

Limit nou nan atik sila a pa ban nou posibilite pou nou ta defini an detay nan seksyon sa a chak grenn konsèp nou sot site la yo. Sans ak pètinans konsèp sa yo pou analiz ak konpreyansyon pwoblèm AKA ap parèt aklè pou nou pandan n ap li devopman atik la. Pandan m ap di sa a, m oblije fè yon eksepsyon. Mwen pa ka pa defini an detay pou nou konsèp «enstitisyon» an. Si AKA a se yon enstitisyon leta, sètadi yon etablisman ofisyèl ki gen manda pou l suiv yon «pwogram enstitisyonèl» nan enterè sosyete a, nou blije pran tan nou pou nou byen konprann sa yon enstitisyon leta ye.

Nosyon «enstitisyon» an gen anpil sans ki diferan paske yo itilize l nan plizyè domèn pou yo dekri plizyè reyalite. Yo itilize l nan anpil disiplin tankou sosyoloji, antropoloji, filozofi politik, syans politik, elatriye, e se sa ki fè definisyon l varye kon sa. Dapre François Dubet (2002), nosyon «enstitisyon» an gen twa gwoup definisyon. Gen yon premye gwoup definisyon nou jwenn nan domèn sosyoloji ki se grosomodo tout chapant oswa tout fòm entèraksyon sosyal ki kolektif e ki estab. Nan sans sa a, tout kwayans ak tout aktivite sosyal ki estab tankou relijyon, lang, sistèm politik, sistèm ekonomik ak pratik kiltirèl nan yon sosyete se enstitisyon yo ye. Sa vle di, relijyon Vodou a, kwayans pèp ayisyen nan pouvwa sinatirèl, lang kreyòl la, aktivite madan sara yo, mizik konpa a, rara Leyogàn nan, fenomèn restavèk la, sistèm konbit la, tout se enstitisyon sosyal yo ye. Nou ka remake tout kwayans ak pratik sosyal sa yo se fenomèn kolektif ki byen chita nan sosyete a depi lontan paske yo gen kapasite rezistans kont enfliyans endividyèl ki ka chanje chapant ak fonsyònman yo nan moman prezan an.

Dezyèm gwoup definisyon pou nosyon «enstitisyon» an se nan domèn filozofi politik ak nan domèn syans politik nou jwenn yo. Nan domèn sa yo, yon enstitisyon se yon dispozitif konstriksyon pouvwa ki lejitim e ki sèvi nan tout sistèm sosyal ki òganize pou yo fasilite gwo desizyon otorite leta yo genyen pou yo pran nan enterè jeneral sosyete a. Nan sans sa, yon enstitisyon se yon enstriman politik senbolik ki jwe yon wòl enpòtan nan reprezantasyon enterè jeneral, atravè negosyasyon ki dwe ede gouvènan oswa dirijan yo jere konfli sosyal yo, yon fason pou yo evite gwo pwoblèm sosyal ki ka mete sosyete a an peril. Dapre definisyon sa a, chak ògàn nan aparèy Leta ki la pou fè travay gouvènman peyi a nan kèlkelanswa nivo a se yon enstitisyon li ye. Pa egzanp, pouvwa egzekitif, lejislatif, jidisyè, ak kolektivite teritoryal yo se sistèm enstitisyonèl yo ye. Anndan chak gwo branch pouvwa sa yo, genyen plizyè enstitisyon tankou palman an, ministè yo, sekreteri leta yo, lapolis, tribinal yo, konsèy minisipal yo, san konte enstitisyon endepandan yo tankou ILA ak AKA.

Twazyèm gwoup definisyon nosyon «enstitisyon» an se nan langaj kouran an nou jwenn yo kote yo gen tandans konfonn «òganizasyon» ak «enstitisyon». Nan sans sa a, tout antrepriz piblik kou prive, tankou lekòl legliz, lopital, labank, bibliyotèk, mize, sant kiltirèl, eksetera, se enstitisyon yo ye tou. Se poutèt sa yo konn souvan pale de enstitisyon eskolè, enstitisyon relijye, enstitisyon sanitè oswa medikal, enstitisyon bankè, enstitisyon komèsyal, enstitisyon kiltirèl, e latriye. Dapre referans nou jwenn nan domèn filozofi politik ak syans politik, AKA se nan dezyèm gwoup definisyon nosyon «enstitisyon» an li tonbe. Sa vle di jesyon AKA pa ta dwe ap fèt menm jan ak jesyon enstitisyon nou jwenn nan twazyèm kategori a, ki yo menm gen yon misyon sosyal ki pi restren pase misyon AKA. Si AKA aladeriv se petèt paske dirijan yo pa konprann lojik sa a. Pou nou byen konprann pwoblèm AKA ap konfwonte aktyèlman, li enpòtan pou nou chache jwenn enfòmasyon sou kalifikasyon ak motivasyon ekip moun ki te redije Lwa a. Dezyèm etap la se dekòtike Lwa a pou nou ka idantifye fòs ak feblès ki gen ladan l. 

3. Misyon, plan òganizasyon ak mòd fonksyònman AKA

Preskripsyon sou misyon, plan òganizasyon ak mòd fonksyònman AKA se nan Lwa an ap jwenn yo. Avan nou analize dokiman ofisyèl sa a, li enpòtan pou n fè yon ti rale sou orijin li. Popilasyon ayisyen an konnen ke Lwa a se yon dokiman ofisyèl paske depite ak senatè yo te vote l epi prezidan Repiblik la te bay lòd pou yo pibliye l nan jounal ofisyèl peyi a. Sa ki pa fin klè pou popilasyon an se ki ekip moun ki te fè travay konsepsyon Lwa a. Èske se Komite pou tabli AKA oswa palmantè ayisyen yo ki te pran inisyativ la ? Dapre enfòmasyon nou genyen, se Komite pou tabli AKA ki te ekri Lwa a. Lè yo te fin redije Lwa a, yo te prezante l bay otorite Leta yo sou fòm yon pwojè lwa, sa vle di yon pwopozisyon lwa. Komite a te kreye pwojè Lwa a apati yon kaye chay kote yo te ranmase tout refleksyon patisipan yo te emèt nan kominikasyon yo ki te fèt nan kolòk sou AKA ansanm ak travay nan atelye ki te vini apre prezantasyon yo. Se tout done sa yo ki te pèmèt Komite a redije pwojè Lwa a epi soumèt li bay palmantè yo. Dapre Eric Sauray (2012), ki se yon avoka politològ, okenn endividi ni enstitisyon ki pa nan gouvènman an pa gen otorite pou yo fòme komite nan entansyon pou yo travay sou yon pwojè lwa ofisyèl. Robert Berrouët-Oriol (2014) ale nan menm sans avèk Sauray lè l di ke AKA se yon ti òganizasyon prive ki manke lejitimite e ki pa gen okenn pouvwa reyèl pou l entèvni nan dosye amenajman lenguistik ann Ayiti. Nan analiz pa m, se pa iregilarite nan fason yo te demare pwosesis pou yo mete AKA sou pye ki pi gwo pwoblèm nan paske se pa rezon sa ki ta ka anpeche enstitisyon an ranpli misyon l ki detaye nan Lwa a. Nan nenpòt ki peyi kote feblès Leta anpeche l pran responsabilite l, toujou gen endividi oswa gwoup moun nan sosyete sivil la ki fè entèvansyon nan plas Leta ki defayan an pou yo ede bouche twou vid. N ap tounen sou koze pwoblèm fonksyònman AKA pita. Pou kounye a, ann kontinye analize Lwa a.

Dokiman ofisyèl ki rele Lwa pou kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an gen 49 atik ladan l ki òganize nan 6 gwo tit. Li enpòtan pou nou presize ke tit III a gen yon chapit ladan l ki rele «Ògàn piblikasyon.» Se yon chapit ki enterese nou anpil paske se la ki gen enfòmasyon sou bilten AKA a, sa vle di sou ògàn piblikasyon AKA kote yo sipoze pibliye tout dispozisyon, rezolisyon ak desizyon AKA ap pran sou lang kreyòl la. Avan nou pale sou koze bilten an ak sou lòt aspè nan mòd òganizasyon ak fonksyònman AKA, an n gade ki sa yo di nan Lwa a sou misyon enstitisyon an. Nan tit II a, atik 11 ak atik 12 la detaye travay AKA genyen pou l fè. Lè nou analize atik 11 lan, nou jwenn 12 pwen diferan. Premye pwen an di AKA genyen misyon pou li: «Fè tout sa ki nesesè pou ankouraje pwodiksyon nan lang kreyòl la.» Nan twazyèm pwen an, yo di AKA dwe: «Fè tout sa ki nesesè pou fè kreyòl la gen bonjan reyònman ak prestij nan je popilasyon ayisyen an ak nan je lòt popilasyon yo.» Setyèm pwen an li menm mande pou AKA: «Ankouraje travay sou devlopman zouti tankou gramè, diksyonè, leksik nan tout domèn.» Nan onzyèm pwen nan atik 11 lan, yo mande pou AKA: «Ankouraje epi pwopoze bonjan travay rechèch sou lang kreyòl la.» Lè nou gade atik 12 la, nou jwenn 5 lòt pwen ki demontre ke ekip ki te kreye Lwa a te sanble gen gwo anbisyon pou AKA. Dezyèm pwen nan chapit 12 la di ke AKA genyen pou l: «Bay rekòmandasyon sou ankèt ak travay ki dwe fèt sou lang kreyòl la tankou envantè, diksyonè, travay sou sentaks, tèminoloji, leksik, fonoloji, règleman sou òtograf lang nan, ak lòt zouti enpòtan pou lang lan.» Twazyèm pwen an di pou AKA «Bay konsiltasyon epi sèvi referans sou sa ki konsène lang kreyòl la.» Epi nan katriyèm pwen an yo mande pou AKA: «Bay rekòmandasyon ki nesesè sou jan pou yo sèvi ak lang kreyòl la, epi sou travay ki dwe fèt pou lang kreyòl la kontinye sèvi popilasyon ayisyen an nan dekouvèt, nan kreyasyon, nan pwodiksyon oral oswa ekri.»

Apre nou fin site atik sa yo, san konte sa nou pa site yo, nou ka di Lwa a prevwa anpil travay enpòtan pou AKA reyalize e nou ka konstate ke pi fò ladan yo se travay syantifik yo ye. Pou AKA rive fè travay sa yo kòm sa dwa, li bezwen yon ekip espesyalis ki gen bon jan ekspètiz nan plizyè disiplin nan syans zimèn ak nan syans sosyal ak yon ekip administratè pwofesyonèl serye ki pou asire jesyon enstitisyon an. Se poutèt sa, Lwa a prevwa tit nimewo III a ki rele «Òganizasyon akademi kreyòl ayisen an» kote yo bay detay sou nivo eksperyans pwofesyonèl ak kalite entèlektyèl yon moun dwe genyen pou l vin akademisyen. Nan menm seksyon sa a, atik 13 la di: «Akademi KreyòlAyisyenan ap fonksyone ak kat (4) ògàn: a) Yon Konsèy Akademisyen; b) Yon Konsèy Administrasyon; ch) Yon Konsèy Konsiltatif; d) Yon Sekretarya Egzekitif.» Atik 14 la di pami 4 ògàn sa yo: «Konsèy Akademisyen an se pi gwo otorite Akademi Kreyòl Ayisyen an. Se li ki dwe bay oryantasyon pou Akademi an fonksyone kòmsadwa.» Atik 14 la klè parapò avèk nivo otorite Konsèy Akademisyen an genyen. Pou Lwa a ka pi klè toujou sou kesyon sa a, yo bay presizyon nan atik 15 lan sou misyon ak travay Konsèy Akademisyen an. Atik 15 landi kon sa: «Konsèy Akademisyen an gen pou li: a) Defini politik jeneral Akademi an; b) Fè eleksyon pou chwazi manm Konsèy Administrasyon yo; ch) Pran desizyon kraze Konsèy Administrasyon an si sa ta nesesè apre dizon 2/3 nan Konsèy Akademisyen an; c) Konvoke Konsèy Administrasyon an pou mande li rann kont sou travay l ap fè.» Detay atik 15 lan demontre aklè vrèman vre nan ki pwen misyon ak travay Konsèy Akademisyen an anpil.

Pou Konsèy Akademisyen an ta rive fè tout travay sa yo kòm sa dwa, li nesesè pou chak grenn akademisyen ki fòme Konsèy la ta genyen kalifikasyon, konpetans ak anpil eksperyans nan domèn syantifik ki gen rapò dirèk avèk misyon AKA. Anplis kalite sa yo, chak grenn akademisyen ta dwe genyen aladispozisyon yo tout enfòmasyon sou AKA nan bon ti mamit epi fòk Konsèy Akademisyen an ta ka reyini souvan pou yo travay sou pakèt dosye AKA yo. Menm lè tout kondisyon sa yo reyini, fòk akademisyen yo ta ka jwenn motivasyon, tan ak enèji pou yo chita fè tout travay enpòtan sa yo. Sinon, ki mirak ki pral pèmèt Konsèy Akademisyen an rive defini politik jeneral yon gwo enstitisyon leta tankou AKA epi asire yo Konsèy Administrasyon an ak Sekeretarya Egzekitif la ap fè suivi travay la kòm sa dwa? Ta sanble ni ekip moun ki te kreye Lwa a, ni ekip senatè ak depite ansanm ak pouvwa egzekitif la, ki te vote epi pibliye Lwa a, pa t fè kalite analiz sa yo avan yo pran desizyon pou tout yon peyi. Lè nou konpare sa yo di nan Lwa a sou «misyon ak travay Konsèy Akademisyen an» ak sa yo di sou «fonksyònman Konsèy Akademisyen an», nou konstate gen paradòks nan dokiman an. Pa gen lyen lojik ant sa yo di nan atik 14 e 15 parapò avèk sa yo di nan atik 16, 19 e 20. Pandan atik 14 ak atik 15 dekrete Konsèy Akademisyen an se pi gwo otorite nan enstitisyon an e ke se li menm ki pou bay oryantasyon pou AKA a fonksyone kòm sa dwa epi defini politik jeneral enstitisyon an, atik 16 la mande pou: «Konsèy Akademisyen an reyini chak ane nan seyans òdinè sou envitasyon Konsèy Administrasyon an, epi nan seyans ekstwodinè chak fwa sa nesesè.» Enkoyerans ki genyen ant atik sa yo nou site la a, san konte atik sou travay Konsèy Administrasyon an, pouse nou poze 2 kesyon sa yo pou kounye a: 1) ant Konsèy Akademisyen an ak Konsèy Administrasyon an, ki ògàn ki parèt gen plis otorite tout bon vre? 2) Èske Konsèy Akademisyen an ka rive ranpli gwo misyon Lwa ba li a pandan youn oswa 2 grenn asanble jeneral chak ane? Dapre eksperyans pèsonèl mwen nan AKA kòm manm Konsèy Akademisyen an soti desanm 2014 pou rive desanm 2018, pa janm genyen plis pase youn oswa 2 asanble jeneral chak ane vrèman vre e Konsèy Akademisyen an pa janm rive jwenn ase tan pou yo trete tout dosye yo.

Si nou vle kenbe objektivite nou, fòk nou admèt ke menm si yo ta prevwa plis reyinyon pou Konsèy Akademisyen an, t ap toujou gen posibilite pou travay la bakle akoz plizyè lòt pwoblèm nou jwenn nan Lwa a. Nan atik 19 la, yo di kon sa: «"Akademisyen" se yon tit onorifik. Moun ki gen tit "Akademisyen" p ap travay pou lajan, li pa gen salè, jan atik 214 Konstitisyon 1987 amande a mande li.» Nan ka sa, ki avantaj tit onorifik AKA ofri akademisyen yo? Ki sa k ap motive akademisyen yo fè travay AKA nan yon nivo ki pwofesyonèl? Ki enterè akademisyen yo genyen pou yo depanse tan ak enèji yo nan fè travay AKA alòske pi fò ladan yo se moun ki deja gen anpil lòt obligasyon pwofesyonèl? Pètinans kesyon sa yo jwenn jistifikasyon yo nan revandikasyon plizyè akademisyen deja fè pandan asanble jeneral kote y ap reklame prim lajan pou sèvis yo malgre preskripsyon atik 19 la ki entèdi pratik sa a. Se youn nan rezon ki te pouse dirijan yo nan Konsèy Administrasyon an pwopoze pou yo peye tout akademisyen k ap travay nan komisyon yo yon prim lajan. Epitou, dapre yon lèt tou louvri Akademisyen Michel DeGraff (2018) te ekri konsènan «Deriv k ap febli fonksyonnman Akademi Kreyòl Ayisyen an », ta sanble Konsèy Administrasyon an konn bay kèk akademisyen kontra travay kote yo peye yo lajan pou sa.

Yon lòt atik paradoksal nan Lwa a se atik 20 an ki mande pou yon moun vin akademisyen, fòk li «gen 40 lane pou pi piti» epi fòk li te pwodui «bon jan travay ki gen bon jan valè pou avansman ak devlopman lang kreyòl la». Premye seri kesyon nou ta ka poze ekip moun ki te patisipe nan kreyasyon Lwa a se: èske yon moun ki gen 40 lane sèlman gen tan akimile tout konpetans, eksperyans ak matirite ki nesesè pou l kontribiye nan travay akademik wodpòte Konsèy Akademisyen an dwe reyalize? Èske yon moun ki gen 40 lane sèlman gen tan reyalize ase travay pou l merite yon gwo tit onorifik kon sa? Dezyèm seri kesyon an se sou pwoblèm nou jwenn nan definisyon sa yo rele «bon jan travay ki gen bon jan valè pou avansman ak devlopman lang kreyòl la». Ki sa «bon jan travay» vle di egzakteman? Kouman e dapre ki kritè objektif komite a te rive detèminen si travay yon moun pwodui bon ase pou pèmèt li jwenn tit akademisyen? Lè nou konsidere nivo enpresizyon ak sibjektivite ki gen nan atik sila a ak lòt kontradiksyon nou jwenn nan Lwa a, li difisil pou nou pa mete an kesyon nivo entèlektyèl ak kalite pwofesyonèl ekip moun sa yo ki te kreye dokiman ofisyèl sa a.

Fòk nou di ke si Lwa a manke koyerans akoz kontradiksyon ak kèk pawòl sibjektif, li rete yon dokiman ofisyèl enpòtan ki gen plizyè atik valab ladan l. Lè m di «atik valab», mwen vle di atik ki fè sans e ki ta sanble chita sou refleksyon lojik. Pa egzanp, dezyèm chapit ki genyen nan twazyèm seksyon (tit III), ki rele «ògàn piblikasyon» se yon pati ki fè anpil sans. Atik 42 nan chapit sila a mande pou «Bilten Akademi Kreyòl la sèvi pou pibliye ansanm dispozisyon, rezolisyon ak desizyon Akademi an pran sou lang kreyòl ayisyen an» e dapre atik 43 a, bilten AKA dwe «parèt yon fwa chak ane». Kòm AKA se yon enstitisyon akademik Leta mandate pou travay sou lang kreyòl la, se nòmal pou AKA genyen yon ògàn piblikasyon valab pou yo bay popilasyon an enfòmasyon nan bon ti mamit sou sa k ap pase nan enstitisyon sa a Leta finanse avèk lajan kontribyab yo. Nan sans sa a, atik 42 ak atik 43 a gen tout pètinans yo. Si, dapre atik 43 a, se Konsèy Akademisyen an ki «ka deside fè piblikasyon espesyal si sa nesesè», se pa sèlman paske se ògàn sa a ki pi gwo otorite nan enstitisyon an non, men se paske ògàn sa a ta dwe an prensip genyen entèlektyèl konpetan epi konsekan ladan l. An prensip, yon akademisyen se yon pèsonalite ki gen anpil eksperyans pwofesyonèl epi akademik nan domèn pwodiksyon ak piblikasyon enfòmasyon ki kouche sou papye. Pou bilten enfòmasyon tout enstitisyon akademik ka valab, yo dwe respekte yon seri prensip redaksyon ak piblikasyon pwofesyonèl. Epitou prensip etik pwofesyonèl ak entegrite entèlektyèl pa ta dwe negosyab nonplis. Se poutèt sa, li lojik pou se Konsèy Akademisyen an yo bay responsabilite okipe travay pwodiksyon ògàn piblikasyon enstitisyon an.

Malgre pètinans atik 42 ak atik 43 ki nan Lwa a, dirijan AKA yo, ki nan Konsèy Administrasyon ak nan Sekretarya Egzekitif la, pa rive ka mete yo an pratik nan enterè enstitisyon an. Olye pou yo suiv preskripsyon atik sa yo, se vyole dirijan AKA yo chita ap vyole yo. An nou egzaminen bilten AKA a pou n ka demontre aklè kote pwoblèm nan chita. Lè nou gade nan paj 8 premye nimewo bilten AKA, ki te soti nan dat premye oktòb 2015, nou wè se ekip Sekretarya Egzekitif la ki te responsab tout etap nan pwosesis kreyasyon bilten an. Se non anplwaye Sekretarya Egzekitif la sèlman nou wè nan prèske tou etap yo, kit se nan pwodiksyon, kowòdinasyon, redasyon, konsepsyon epi piblikasyon. Se sèl nan etap revizyon an nou wè non 3 akademisyen ki parèt anba non Sekretè Egzekitif la. Nou te analize yon dezyèm nimewo bilten an (nimewo 4, oktòb 2017) e nou te jwenn konfimasyon ke se ekip Sekretarya Egzekitif la ki responsab ògàn piblikasyon AKA. Si nou gade nan paj 12 bilten nimewo 4 la, nou pa p jwenn non okenn akademisyen nan ekip pwodiksyon an. Yo ekri ke se komisyon kominikasyon an ki fè revizyon bilten an, men nou konnen se pa vre paske pi fò akademisyen manm komisyon yo pa enplike nan aktivite AKA vrèman vre. Done yo demontre aklè ke se ekip Sekretarya Egzekitif la ki pwodui ògàn ofisyèl AKA. Ajoute sou sa, gen anpil lòt done ki pwouve ke dirijan AKA yo, kit se Sekretè Egzekitif la, kit se manm Konsèy Administrasyon an, gen abitid pibliye enfòmasyon enpòtan sou non AKA san yo pa konsilte Konsèy Akademisyen an. Lè nou konsilte Lwa a ansanm ak regleman entèn AKA, patikilyèman seksyon ki rele «misyon, fonksyonman ak travay Konsèy Administrasyon an»ak sa ki rele «misyon, fonksyonman ak konpozisyon Sekretarya Egzekitif la», nou pa jwenn okenn atik ki bay dirijan nan 2 enstans sa yo dwa ak otorite pou yo akapare bilten AKA a jan yo fè li a.

Si mwen ensiste anpil kon sa sou dosye «ògàn piblikasyon» an se paske bilten AKA se vitrin enstitisyon an. Se youn nan eleman kle dirijan yo ta dwe itilize pou tabli repitasyon enstitisyon an nan peyi d Ayiti kou lòt bò dlo. Se atravè kalite dokiman y ap pibliye sou non AKA ke popilasyon an ka wè si enstitisyon an ap fè yon travay pwofesyonèl ki valab. Lè dirijan yo pibliye dokiman ki gen erè ladan yo, oswa dokiman kote yo pa respekte prensip redaksyon pwofesyonèl, se entegrite syantifik AKA y ap kraze. Nan dat 29 mas 2017, Sekretarya Egzekitif la te pibliye nan jounal Le Nouvelliste yon dokiman ki gen pou tit «Sa Konstitisyon nou di sou pratik lang ann Ayiti». Dokiman sa a ki te soti sou non AKA pa te janm pase anba je Konsèy Akademisyen an. Nan lèt tou louvri Akademisyen Michel DeGraff (2018) te voye bay dirijan AKA yo, li di li te resevwa mesaj nan men moun nan gran piblik la kote yo te fè l konnen gen plajya nan yon dokiman Sekretarya Egzekitif la te pibliye sou non AKA. Nan preparasyon dokiman sila a, ekip Sekretarya Egzekitif la te itilize yon seri done istorik sou lang kreyòl la nan Konstitisyon yo ki te pibliye deja nan yon liv Pradel Pompilus te ekri depi 1985. Rezon ki fè koze plajya a te pale se paske ekip Sekretarya Egzekitif la pa t site sous kote yo te jwenn enfòmasyon istorik ki te pèmèt yo ekri dokiman pa yo a. Pou ki sa Sekretarya Egzekitif la pa t site referans liv Pradel Pompilus la pou l te bay otè a kredi li merite ? Yon lòt kesyon ki pi enpòtan toujou se ki kote Sekretarya Egzekitif la jwenn otorite pou l ap pibliye dokiman sou non AKA san Konsèy Akademisyen an pa revize dokiman yo? Èske se Konsèy Administrasyon an ki te ba li otorizasyon fè sa ? Li enpòtan pou nou chache konprann rezon ki eksplike konpòtman medyòk ki fè dirijan AKA yo chita ap vyole prensip nou jwenn nan Lwa a. Pou ki rezon dirijan AKA yo pa rive ka fè travay la kòm sa dwa pou enstitisyon an ka rive ranpli misyon syantifik Leta ba li a? Èske faktè ki lakòz pwoblèm AKA yo endividyèl oswa enstitisyonèl ? Èske se enkonpetans ak mank entegrite nou jwenn lakay kèk endividi ki enfliyan nan enstitisyon an ki lakòz pwoblèm AKA? Èske se paske dirijan AKA yo ak lòt endividi enfliyan sa yo pa kwè nan respè pou prensip objektivite, transparans, ekite ak demokrasi nan jesyon enstitisyon leta ? Èske se pa tout pwoblèm sa yo ki makònnen ansanm ?

4. Responsabilite endividyèl ak deriv enstitisyonèl nan kontèks AKA

Avan m antre nan detay sou koze responsabilite endividyèl ak pwoblèm enstitisyonèl ki ka anpeche AKA ranpli misyon Leta ba li a, li enpòtan pou m raple nou ke, pami twa gwoup definisyon mwen te bay nan koumansman atik la pou nosyon «enstitisyon» an, AKA se nan dezyèm kategori a li tonbe. Sa vle di, dapre atik 213 nan Konstitisyon 1987 amande a, ak lòt analiz teyorik nou jwenn nan etid yo fè nan domèn filozofi politik ak nan domèn syans politik, nou ka defini AKA kòm yon enstitisyon leta ki otonòm e ki gen manda pou l entèvni nan domèn lejislasyon ak amenajman lengwistik ki konsène estati ak kòd lang kreyòl la. An reyalite AKA se yon enstitisyon piblik kote se Leta ki envesti majorite kapital pou pèmèt li jwenn resous pou l fonksyone. Nan sans sa a, AKA se pa yon enstitisyon yo ta dwe ap jere tankou yon antrepriz prive kote yon endividi oswa yon ti gwoup moun gen pouvwa ak enfliyans prèske san limit nan tout desizyon ki gen pou pran nan enstitisyon an. Nan yon enstitisyon komèsyal prive oswa nan nenpòt ki antrepriz prive, fondatè antrepriz la ak endividi ki envesti plis lajan ladan l, se yo menm an jeneral ki gen plis enfliyans ak pouvwa desizyon nan antrepriz la. Nan ka sa a, bon fonksyònman ak avni antrepriz prive a chita sou responsabilite pèsonèl endividi sa yo paske se yo menm ki posede pi fò kapital envestisman nan biznis prive yo te kreye a. Dapre definisyon ak tout eksplikasyon nou bay la jiska prezan, li parèt klè ke AKA se pa yon antrepriz prive e li pa ta dwe ap fonksyone tankou yon biznis prive oswa yon ti ONG prive. Èske dirijan AKA yo avèk lòt manm enfliyan nan Konsèy Akademisyen an konprann sa ? Pou nou ka jwenn kèk eleman repons pou kesyon sa a, ann fè yon rapèl sou orijin AKA.

Si nou remonte nan lane 2008, n a sonje se Fritz Deshommes, youn nan endividi enfliyan nan sosyete sivil la ki te asime responsabilite lanse premye apèl pou yo tabli AKA a. Endividi sa a se yon pèsonalite enpòtan nan peyi a ke anpil moun konnen paske, avan li te vis rektè epi rektè ILA, li te fè yon karyè byen long kòm fonksyonè kad siperyè nan administrasyon leta. Se longè bra l ak eksperyans li ki pèmèt li te ka pran chans lanse gwo pwojè kreyasyon AKA an kolaborasyon avèk yon ekip lòt pèsonalite enpòtan parèy li nan sosyete sivil la. Se an ba lidèchip li ekip moun sa yo, ki te fòme sa yo te rele Komite Inisyativ pou tabli AKA, te rive mete enstitisyon an sou pye nan lane 2014. Depi premye lane ouvèti ofisyèl AKA a, deriv enstitisyonèl grav te koumanse.

Deriv sa yo kreye yon pakèt pwoblèm ki anpeche AKA fonksyone kòm sa dwa depi lè l louvri a pou jouk jounen jodi a. Olye pou sitiyasyon AKA a ta amelyore se grav l ap vin pi grav chak jou. Premye deriv mwen te denonse, nan youn pami pakèt lèt elektwonik mwen te konn voye bay Konsèy Administrasyon AKA, se fason yo te fè rekritman Sekretè Egzekitif la ansanm ak premye ekip anplwaye AKA yo. Metòd yo te itilize pou rekrite manm pèsonèl AKA, ki se anplwaye administrasyon piblik, pa t kadre avèk lwa peyi a sou pwosedi ak modalite rekritman fonksyonè nan biwo leta. Mwen te soulve pwoblèm nan nan yon imel mwen te voye bay dirijan yo ansanm ak tout kolèg nan Konsèy Akademisyen an, men dirijan yo te fè sa yo te vle fè a, jan yo te vle fè li a.

Si nan imel mwen an mwen te mande dirijan nan Konsèy Administrasyon AKA pou yo pran responsabilite yo epi pou yo aji nan transparans, se paske, nan tretman dosye enpòtan sa a, yo pa t respekte prensip etik ak transparans nan kominikasyon yo ak Konsèy Akademisyen an. Epi tou, ta sanble yo te sibi enfliyans lòt pèsonalite enpòtan nan desizyon yo t ap pran nan dosye a. Pandan Lwa a di ke se Konsèy Akademisyen an ki pi gwo otorite nan enstitisyon an, akademisyen yo pa konnen tout sa k ap pase nan enstitisyon an. Se Sekretè Egzekitif la ki gen tout enfòmasyon sou sa k ap pase nan AKA chak jou. An reyalite, pòs Sekretè Egzekitif la se pozisyon estratejik ki pi enpòtan nan AKA. Se sa ki eksplike iregilarite ki te genyen lè yo t ap chwazi moun ki pou okipe pòs sila a. Nan tretman dosye sa a, si dirijan AKA yo te suiv kòm sa dwa tout etap nan pwosesis lalwa peyi d Ayiti preskri nan zafè rekritman fonksyonè leta, li te ka pi difisil pou dirijan yo mete moun pa yo nan pòs kle sa a san yo pa t òganize yon konkou jan Leta mande a.

Toujou an rapò avèk menm dosye rekritman an, li enpòtan pou m siyale yon dezyèm deriv akademisyen Michel DeGraff (2018) te denonse nan lèt tou louvri li a. Men kesyon li te poze dirijan AKA yo sou dosye rekritman an:

Kesyon fondamantal pou KAd la ansanm ak Sekretarya Egzekitif la se: Èske djòb ke Sekretarya Egzekitif la bay fanmi Akademisyen respekte lwa sou pasasyon mache piblik? Èske kalte demach sa yo pa vin kreye yon konfli enterè ni pou Sekretarya Egzekitif la ni pou Akademisyen ki gen fanmi yo k ap travay nan Sekretarya Egzekitif la—sitou lè n konsidere ke Konsèy Akademisyen an se pi gwo otorite nan AKA selon Lwa Kreyasyon AKA? (DeGraff, Potomitan, 2018: en ligne).

Apre li te fin poze dirijan AKA yo kesyon enpòtan sa yo, DeGraff te eksplike aklè nan menm lèt la pou ki sa epi kouman kalte deriv sa yo ka kreye pwoblèm entegrite ki pa bon ni pou repitasyon akdemisyen yo ni pou bon fonksyònnman AKA. Lè Sekretarya Egzekitif la bay fanmi kèk akademisyen djòb nan AKA, sa kreye posibilite pou akademisyen sa yo vin pèdi endepandans ak entegrite entelektyèl yo devan Sekretarya Egzekitif la. Si Konsèy Akademisyen an se pi gwo otorite nan enstitisyon an, chak grenn akademisyen ta dwe toujou kapab kenbe kolòn vètebral li byen dwat.

Pandan m ap pale sou enpòtans entegrite entelektyèl, ki se yon kalite fondamantal ki endispansab pou tout akademisyen k ap pwodui travay syantifik, mwen blije raple ensidan ki te fè eskandal sou medya sosyal yo kote yo te poste yon afich sou paj Facebook AKA, nan dat 14 novanm 2017, ki di «Akademi Kreyòl ap mande tout sipòte li yo pou yo vote ‘Miss Haiti Univers’ Cassandra Chery». Lè m gade nan tout dokiman legal ki konsènen AKA, m pa wè okenn kote yo ekri ke fè pwopagann pou kandida nan konkou bote antre nan misyon enstitisyon akademik sila a. Èske fè entèvasyon nan zafè konkou bote se yon aspè nan travay syantifik AKA ta dwe ap fè sou lang kreyòl la ? Ensidan sa a se yon lòt eleman ki endike aklè ke gen yon pakèt desizyon dirijan AKA yo ap pran sou non enstitisyon an ki pa koresponn ak atribisyon oswa manda ofisyèl li. Pou n di sa yon lòt jan, kalte desizyon sa yo, kèk endividi enfliyan chita ap pran sou non AKA, san yo pa konsilte Konsèy Akademisyen an, pa kadre avèk misyon AKA ni ak «pwogram enstitisyonèl» ke enstitisyon leta sa a ta dwe ap suiv. Konpòtman dirijan AKA yo nan dosye piblisite pou konkou bote a, ansanm ak nan plizyè lòt dosye, demontre ke yo plis enterese nan fè pwopagann ak politik olye pou yo ta itilize lajan enstitisyon an epi mobilize tan, enèji anplwaye AKA yo, akademisyen yo ansanm ak manm Konsèy Konsiltatif la pou yo mete baz òganizasyonèl ki nesesè pou yo ka pwodui travay syantifik oswa pou yo kolabore ak lòt enstitisyon nasyonal e entènasyonal k ap travay seryezman pou devlopman lang kreyòl la nan domèn syantifik. An reyalite, pi fò deriv enstitisyonèl grav sa yo, ki anpeche AKA ranpli misyon Leta ba li a, se an majorite sou responsabilite pèsonèl yon ti klan endividi yo tonbe. Sa vle di, se moun sa yo ki responsab pi fò pwoblèm AKA ap konfwonte. Si endividi sa yo te gen nivo konpetans etik, entèlektyèl epi pwofesyonèl ki nesesè pou yo asire jesyon yon enstitisyon enpòtan kon sa, ki gen yon misyon tèlman nòb kons a, AKA te ka gen plis posibilite pou l ranpli misyon syantifik Konstitisyon an ba li a. Kesyon lojik nou ta ka poze tèt nou kounye a, se kouman pou yo mete baz òganizasyonèl an plas pou AKA ka rive ranpli misyon li.

5. Konklizyon ak rekòmandasyon

Si nou konsidere tout sa m di nan atik sila a, n ap wè mwen fè yon envantè ki baze sou done faktyèl mwen jwenn nan yon seri dokiman ki disponib pou gran piblik la, san konte enfòmasyon entèn mwen genyen kòm ansyen manm ki te aktif anpil nan AKA. Selon motivasyon, preferans ak enterè chak moun ki li atik mwen an, pèspektiv yo sou sa m di yo ap varye. Mwen deja konnen ansyen kolèg mwen yo nan AKA ansanm ak lòt obsèvatè k ap defann enstitisyon an gen dwa twouve ke bilan mwen trase a twò negatif. Gen lòt moun mwen konnen ki gen dwa twouve mwen pa ensiste ase sou gravite sitiyasyon AKA, ki dapre yo menm pi negatif toujou pase sa m di nan bilan an. Moun ki pi optimis pami obsèvatè yo ka toujou mande m pou mwen sispann ensiste sou bagay ki negatif pou m ka fokalize plis sou sa ki pozitif. Sa m ap reponn tout moun sa yo sè ke travay lasyans pa nan santimantalite. Nan yon envantè syantifik, nou dwe prezante done yo jan yo ye a san nou pa falsifye yo pou yo ka parèt plizoumwen pozitif oswa negatif. Se sa yo rele objektivite syantifik. Pandan n ap fè deskripsyon sitiyasyon an, si nou pote jijman ak rekòmandasyon sou sa nou dekri yo, yo menm tou fòk yo valab sou plan syantifik. Degre validite syantifik tout jijman ak rekòmandasyon depann de kalite metòd nou itilize pou nou analize sitiyasyon an oswa pwoblèm nan. Dapre prensip syantifik nan domèn mezi ak evalyasyon, nou toujou bezwen yon etalon oswa yon kad referans pou nou ka detèminen si yon fenomèn, yon sitiyasyon oswa travay yon enstitisyon pozitif oswa negatif. An jeneral, nan tout enstitisyon serye gen yon plan estratejik kote yo fikse objektif reyalis yo dwe atenn sou yon peryòd tan ki byen defini. Se evelyasyon fòmèl nan fen peryòd tan sa a ki pral pèmèt dirijan yo detèminen nan ki nivo enstitisyon an atenn objektif yo te fikse yo. Se apre pwosesis evalyasyon an nou ka di si rezilta yo pozitif oswa negatif. Men, fòk nou presize ke li enposib pou yon enstitisyon kreye yon plan estratejik epi asire miz an aplikasyon ak suivi l si enstitisyon an pa deja byen òganize epi ap byen fonksyonen. Si apre prèske 5 lane, dirijan AKA yo poko menm ka rive fin travay sou plan òganizasyon ak mòd fonksyònman enstitisyon an, ki pou pèmèt yo pase apre sa nan elaborasyon plan estratejik la, m pa wè kouman nou ta ka di ke y ap fè yon travay pozitif, sof si nou ta deside antre nan bay tèt nou manti epi fè pwopagann pou dirijan AKA yo. Devan yon sitiyasyon kon sa, ki rekòmandasyon nou ka fè pou evite plis deriv toujou nan AKA?

Kòm AKA a se yon enstitisyon leta ki gen misyon pou l fè travay syantifik sou lang kreyòl la nan enterè popilasyon an, li enpòtan pou dirijan li yo ak endividi ki enfliyan nan etablisman an ta ka rive konprann ke travay syantifik pa dòmi kole ak deni ni manti. Travay syantifik se sou «kritè verite» sa baze. Gen anpil pwoblèm nan AKA. Pwoblèm yo reyèl e yo grav anpil. Se sa reyalite a ye e se sou sa pou dirijan AKA yo ta rive pran konsyans. Fòk dirijan yo admèt tou ke toutotan yo pa sispann blofe pwòp tèt yo, toutotan yo aksepte limit pwofesyonèl yo genyen, pwoblèm yo pa p janm ka rezoud. Li pa nòmal pa egzanp pou yon dirijan nan Konsèy Administrasyon AKA, ki se avan tou yon enstitisyon syantifik oswa akademik, al pale nan televizyon sou yon kesyon nan yon domèn syantifik li pa byen metrize epi pou l ap fè erè nan sa l ap di. Lè yon moun ap dirije yon enstitisyon, sa pa vle di li ka fè tout bagay nan enstitisyon an. Fòk dirijan yo ak endividi ki enfliyan nan AKA sispann fè amalgam ant aktivite politik, aktivite administratif ak aktivite syantifik. Tou le twa domèn aktivite sa yo enpòtan pou bon fonksyònman AKA e kòm ta sanse gen moun nan enstitisyon an ki maton nan chak domèn aktivite sa yo, li ta pi bon pou chak moun travay epi entèvni nan sa yo konnen. Malgre tout iregilarite nou dekri yo, nou dwe admèt ke se konpetans ak eksperyans yon seri endividi nan domèn politik ak administrasyon ki fè jounen jodi a gen yon akademi lang kreyòl k ap fonksyonen nan peyi a mal kou sa ye. Nou ka di menm bagay la tou pou domèn aktivite syantifik la. Si malgre tout pwoblèm ki te poze, AKA te rive mete ak lòt enstitisyon pou yo òganize yon atelye sou òtograf, pwodui yon rapò 75 paj epi prezante premye rezolisyon sou revizyon òtograf lang kreyòl ayisyen an, se paske gen moun nan enstitisyon an ki maton nan domèn syantifik.

Rezolisyon sou revizyon òtograf la se yon eleman ki ka pèmèt nou byen konprann pou ki sa majorite dirijan AKA yo ta dwe aksepte ke si yo pa gen ekspètiz ak eksperyans nan rechèch syantifik, yo pa ka vle, paske yo se chèf, pou yo gen lavwa ochapit nan domèn syantifik. Pandan nou pa vle antre nan twòp detay sou konpòtman anti-pwofesyonèl plizyè akademisyen manm komisyon syantifik AKA te afiche pandan travay sou dosye òtograf la, fòk nou pa bliye ke sèl grenn dokiman syantifik valab AKA rive pwodui jiska prezan se rapò 75 paj ke ekip komisyon syantifik la te rive reyalize malgre tout difikilte yo te kontre. An prensip, se dokiman sa a ki te dwe sèvi kòm baz pou komisyon syantifik la, ki te travay sou dosye a, redije epi pwopoze premye rezolisyon sou revizyon òtograf la devan Konsèy Akademisyen an. Malerezman, sa pa t fèt kon sa paske kowòdonatè komisyon syantifik la te blije bay demisyon l apre dirijan yo nan Konsèy administrasyon ak nan Sekretarya egzekitif la te tonbe fè piblikasyon san yo pa respekte pwosesis revizyon ki se responsabilite komisyon syantifik la. Se kon sa dirijan AKA yo te pran responsabilite pibliye premye rezolisyon sou revizyon òtograf la nan mwa jen 2017. Se nan menm mwa jen an atik Renauld Govain (2017) an ak atik pa Lemèt Zefi (2017) a te parèt kote lengwis sa yo te kritike rezolisyon sou òtograf la. Sa ki enteresan nan dosye a, sè ke okenn nan dirijan AKA yo pa t reyaji alekri pou yo defann rezolisyon yo te pibliye a kont kritik Govain ak Zefi yo. Se Michel DeGraff li menm pou kont li, malgre li te deja bay demisyon l kòm kowòdonatè komisyon syantifik la, ki te pran responsabilite pèsonèl ekri repons bay Govain ak Zefi pou l rektifye sa k te bezwen rektifye nan dosye a. Mwen di tout sa se pou m ankouraje dirijan yo fè plis jefò pou yo sispann afiche konpòtman anti-pwofesyonèl ki pa pwodiktif. Dirijan AKA yo bezwen kite moun ki maton nan domèn syantifik fè travay la epi yo menm pou yo fokalize sou sa yo konn fè pi byen. Sa va ede yo petèt mete fen nan pwoblèm k ap menase entegrite ak avni enstitisyon an.

Nan fen yon atik mwen, ki pibliye nan ak kòlòk komite pou tabli AKA te òganize, mwen di ke si se pa magouy ak demagoji yo pral fè nan Akademi Kreyòl Ayisyen, enstitisyon sa a va «genyen yon wòl nesesè pou l jwe nan gwo pwojè rekonstriksyon oswa refondasyon Eta-nasyon ayisyen an» (Léger, 2013: 227). Nan yon lòt atik mwen te ekri avan sa pou m te defann AKA kont kèk detraktè, men sa m te ekri: «La langue, chargée de valeurs symboliques essentielles, est le reflet de l’identité profonde de la communauté qui l’utilise. De ce fait, elle joue un rôle extrêmement important dans le développement économique, politique, culturel et social» (Léger, AlterPresse, 2011: en ligne). Si mwen te pale kon sa se pou m te ka ensiste sou enpòtans AKA genyen pou lejitimasyon lang kreyòl la nan sosyete a. Plizyè lane apre mwen te fin ekri pawòl sa yo e malgre desepsyon m akoz sitiyasyon katastwofik mwen dekri la, mwen toujou rete kwè nan misyon nòb AKA ke dirijan yo anpeche l ranpli a. Se konviksyon m ak devouman m pou kòz kreyòl la ki motive m fè dènye rekòmandasyon teknik sa yo.

Kontradiksyon ak paradòks nou jwenn nan Lwa a demontre ke se yon dokiman ofisyèl ki bezwen pou yo fè revizyon ladan l. Premye etap la se fòme yon komite oswa yon komisyon espesyal avèk pwofesyonèl konpetan nan diferan sektè apwopriye pou yo travay sou Lwa a. Manm konsèy konsiltatif AKA ki gen ekspètiz nan domèn nan ka ede nan travay sa a. Epitou, fòk revizyon an fèt avèk otorite Leta ki gen manda ofisyèl pou yo travay sou kalite dokiman ofisyèl sa yo. Si se kon sa sa fèt, nouvo vèsyon amande Lwa a va petèt genyen plis lejitimite nan je obsèvatè k ap suiv sa k ap pase nan AKA. Pi fò pwoblèm nou jwenn nan Lwa a chita nan seksyon ki bay enfòmasyon sou plan òganizasyon ak mòd fonksyònman AKA. Kòm AKA poko genyen yon plan òganizasyon ak yon regleman entèn valab ki baze sou Lwa a, li enposib pou l ta genyen yon plan estratejik. Se youn nan rezon ki fè dirijan AKA yo poko janm ka rive redije yon plan estratejik pou enstitisyon an apre prèske 5 lane depi l ap fonksyonen. Si dirijan AKA yo poko janm ka finalize twa dokiman enpòtan sa yo, sa vle di gwo enstitisyon leta sa a ap fonksyon nan yon fason ki enfòmèl depi tout tan sa a. Li lè pou AKA sispann fonksyonnen nan enfòmalite. Fòk dirijan ak lòt akademisyen yo, sitou sa ki gen anpil enfliyans yo, evite konfonn sa yo rele "plan òganizasyon" yon enstitisyon ak "plan estratejik" li.

Yon plan estratejik se yon dokiman (feuille de route) ki la pou gide enstitisyon an pazapa pou l kab ranpli misyon li oswa atenn objektif li yo sou yon peryòd tan byen defini ki gen dwa kout oubyen long. Plan òganizasyon enstitisyon an li menm, ki ta dwe vini avan plan estratejik la, se nan konstitisyon oswa nan regleman entèn enstitisyon an nou jwenn li. Se la nou jwenn tout referans òganizasyonèl yo, tankou règ fonksyònman 4 gwo ògàn yo ak kad referans pou bon fonksyònman tout antite pèmanan nan AKA. Se la pa egzanp nou dwe jwenn tèm referans tout komisyon pèmanan yo. Se referans òganizasyonèl sa yo ki ta dwe gide ekip k ap travay sou plan estratejik AKA. Nou pa dwe janm bliye ke tout enfòmasyon n ap mete nan sa nou rele konstitisyon oswa règleman entèn enstitisyon an, se sou Lwa a yo dwe apiye. Se poutèt sa modifikasyon komite a pral pote nan Lwa a dwe prevwa plizyè atik ki bay detay sou enpòtans komisyon pèmanan yo nan pwosesis pou mete AKA a chita sou yon baz enstitisyonèl solid. Pami eleman ki ta dwe antre nan fòmasyon baz enstitisyonèl AKA, komisyon pèmanan yo, patikilyèman komisyon syantifik la, ta dwe gen yon wòl fondamantal. Se komisyon pèmanan yo ki ta dwe motè enstitisyon an, paske dirijan AKA yo p ap janm ka fè tout travay yo pou kont yo. Se Konsèy Akademisyen an atravè komisyon pèmanan yo, plis Konsèy konsiltatif la, ki pou ede Konsèy administrasyon an ak Sekretarya egzekitif la ranpli misyon AKA. AKA a se yon enstitisyon akademik li ye. Se nòmal pou se akademisyen yo ki ba li oryantasyon jan Lwa a mande li a.

Referans bibliyografik

Akademi Kreyòl Ayisyen, Bilten Akademi Kreyòl Ayisyen, Port-au-Prince, AKA, n° 1, octobre 2015, 8 p.

Akademi Kreyòl Ayisyen, Bilten Akademi Kreyòl Ayisyen, Port-au-Prince, AKA, n° 4, octobre 2017, 12 p.

Akademi Kreyòl Ayisyen, «Sa Konstitisyon nou di sou pratik lang an Ayiti», Le Nouvelliste, Port-au-Prince, 29 mars 2017.

Arendt Hannah, Crise de la culture, Paris, Éditions Gallimard, 2010, 384 p.

Berrouët-Oriol Robert, «L’Académie créole: “lobby”, “ONG” ou institution d’État sous mandat d’aménagement linguistique?», Site web AlterPresse, 15 novembre 2014.

DeGraff Michel, «Repons Michel DeGraff pou Dwayen Renauld Govain (Fakilte Lengwistik Aplike, UEH) sou Premye Rezolisyon AKA sou òtograf kreyòl», Site web Facebook, 30 juin 2017.

DeGraff Michel, «Repons Michel DeGraff pou Zefi Lemèt (Fakilte Lengwistik Aplike, UEH) sou Premye Rezolisyon AKA sou òtograf kreyòl», Site web Facebook, 19 juin 2017.

Dejan Yves, Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba, Port-au-Prince, Édition des presses de l’Université d’État d’Haïti, 2013, 445 p.

Deneault Alain, La médiocratie, Montréal, Lux Éditeur, coll. «Lettres libres», 2015, 218 p.

Dubet François, Le déclin de l'institution, Paris, Le Seuil, 2002, 422 p.

Elull Jacques, Propagandes, Paris, Economica,1990, 361 p.

Govain Renauld, «Konprann “Premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen” an», 28 juin, 2017.

Jonas Hans, Le Principe responsabilité, Paris, Flammarion, coll. «Champs», 1995, 457 p.

Leger Frenand, «Fè pwomosyon ekri nan lang kreyòl ayisyen an: poukisa epi kouman?», dans Govain R., Akademi Kreyòl Ayisyen: Ki pwoblèm, Ki avantaj, Ki defi, Ki avni?, Port-au-Prince, Éditions de l’Université d’État d’Haïti, 2013, p. 213-230.

Leger Frenand, Création de l’Académie du créole haïtien: futilité ou utilité sociale?, Site web AlterPresse, 29 octobre 2011.

Manczak Witold, «Critères de vérité. Leurs conséquences pour la linguistique», Langages, n° 89, 1988, p. 51-64.

Rawls John, Théorie de la justice, Paris, Essais, Éditions du Seuil, 1997, 665 p.

Saurey Éric, «Observations critiques sur la proposition de loi relative à la création d’une Académie du créole haïtien», Site web Berrouët-Oriol, 12 octobre 2012.

Simon René, Éthique de la responsabilité, Paris, Cerf, 1993, 347 p.

Weber Max, Le Savant et le politique, Paris, Plon, 1990, 230 p.

Zefi Lemèt, «Analiz rezolisyon Akademi kreyòl ayisyen an sou òtograf kreyòl la», 20 juin 2017.

Nòt

  1. Tout kominikasyon elekwonik (imel ak lèt fòmèl) mwen echanje avèk dirijan AKA yo ansanm ak Konsèy Akadamisyen an byen òganize nan yon dosye ki la kòm prèv pou konfime verasite tout sa mwen di nan atik sila a. 

*

 Viré monté