Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Paul Laraque

1920-2007

Le 8 mars 2007, Paul Laraque nous a quittés.

Paul Laraque
Photo © 2002 Thomas C. Spear
28 septembre 2002, Mount Vernon, New York

TOUT MOURI SE MOURI

Jou va jou vyen

Famm mwen mare ren ou
pi bonè se granm maten
mizè pa lan miyonnen
li fout pat li sou ou
li leve ou wotè tèt li
li fese ou atè
li woule ou
li fè ou manje pousyè
mouri jodi mouri demen
tout mouri se mouri

Lakay fè nwa pase trou koukou
Vant ti moun yo tankou kalbas
Grangou se lougarou
Lè l kenbe yo la nanpwen sove
Wa di pwason ou pran lan nas

Mouri jodi mouri demen
Tout mouri se mouri
Kon jou kap ki leve
Lap du pou zot nèt

Kon zeklè k fè yan
Li koupe pase manchèt
Ay gason, nou pa manke vanynan

Mouri jodi mouri demen
Tout mouri se mouri
Lan peyi lwa yo
Lan peyi zansèt yo
Lan peyi nèg zòtèy yo
Lan peyi travayè yo
M tande yon kannon ki tire

Mouri jodi mouri demen
Tout mouri se mouri
Lan peyi lwa yo
Kon tanbou kap kata

Lan peyi zansèt yo
Dessalines di fòk sa kaba
Lan peyi nèg zòtèy yo
Gen yon loray k ap gwonde.

Paul Laraque - Lane 1974

lotus

PAUL LARAQUE
September 21, 1920-March 8, 2007
Husband of Marcelle Laraque
Father of Max, Serge and Danielle Laraque
Brother of Franck Laraque
Services on March 15, 2007
Viewing 3-6pm
Services 6-8pm

In lieu of flowers please send donations to: LAMBI FUND OF HAITI,
PO BOX 18955
WASHINGTON, DC 20036
www.lambifund.org

Yannantuono, Burr, Davis Sharpe Funeral Home
584 Gramatan Avenue(Also entrance on 21 Broad Street)
Mount Vernon, NY10552
914-699-4010
914-699-9700

Hutchinson River Parkway
Hutchinson River Parkway to Exit 13 Cross County Parkway West to Exit #8 (North Columbus Avenue); Make a left at traffic light onto Route 22 North. At the first light, turn left onto East Devonia Avenue; about 10 blocks, turn left onto Gramatan Avenue. Proceed 4 blocks to the traffic light and turn right onto West Broad St. The side entrance to the funeral home is 1/4 block ahead on the right.
SEE BELOW FOR PARKING

PARKING: ACROSS THE STREET FROM THE FUNERAL HOME IS THE MOUNTVERNON MUNICIPAL PARKING GARAGE. A FUNERAL HOME ATTENDANT WILL BE AVAILABLE FOR PARKING ASSISTANCE.

lotus

Hommages en créole

Hommages en français sur le site Île-en-Île.

VEYE PATRIYOTIK

Nan Sant Kiltirèl Mapou
5919 NE 2nd Av. Miami
Pou onore memwa
Youn vanyan Gason Paul Laraque
Dimanch 18 Mas 2007 depi 5è rive pou 8è diswa.
Rele pou rezèvasyon: 305-757-9922

lotus

Bon Vwayaj, Gran Kouzen Pòl Larak

Nou tout ki nan domèn lasyans konnen kretyenvivan pa la pou rete sou latè vitametènam. Sepandan, chak fwa jeneral lanmò frape epi trennen lavi nan peyi san chapo, se kòmsi se te premye fwa , paske pa gen pyèsmounn sou latè ki  vrèman pare pou yo kase randevou oubyen abitid ak lanmò.  Menmsi gen youn  regleman natirèl  ki di: Tout sa ki gen youn kòmansman dwe gen youn finisman, nou toujou rete kwè, lanmò dwe kanpe lwen-n. Se nan sitiyasyon sa a menm, nou twouve nou ak konbatan, konpayèl powèt parèy nou, Pòl Larak. Nèg konviksyon. Nèg ki te aksepte manje lekzil tan pou li te rantre nan danse kole ak okipasyon degize.

Pòl Larak te viv ak anpil bèl rèv.  Yo tout te chita sou twa wòch dife: byennèt pou tout pèp sou latè, lanmou sou divès fòm ak lespwa  revolisyon pou netwaye zantray Ayiti.  Nan kèlkeswa lanng Pòl Larak te chwazi pou li ekri a, se mesaj sa yo li te deplòtonnen nan lespri lektè li yo.

Lè nou pran lanmou chè pou chè nan Les armes quotidiennes, anndan Œuvres incomplètes, (p. 118) nou kab li:

Je t’appuie au poteau d’amour
J’ouvre la barrière de tes cuisses
La tête chancelle comme une tour
……
Dans l’herbe touffue de la douceur
Je t’ai montée
Je t’ai montée comme un loa
Je t’ai clouée à l’arbre de la douleur
J’ai hanté ta chair de ma joie

Nan Sòlda mawon, (p. 40) Pòl di nou:

Ou vlope lan kò-m
Nou makònen ansanm
Tankou gason ak fanm
M’ tounen koulèv
M’ kouri sou zèb
Tankou zèklè nan syèl
……
Simbi metrès dlo
Fè wout pou nèg ou

Pou li koze ak nou sou fratènite, nan Ce qui demeure, anndan  Œuvres incomplètes, (p. 24) Pòl Larak di nou:

Un sentiment innomé a gonflé la gorge humaine
Et crispé les nègres aux entrailles
Et glacé de peur les hommes blancs
Le vent qui brouille l’espace
Est tempête en mon âme
Mais voici l’espérance
Une voix sans couleur
Chargée de toutes les chaînes brisées
A remué le soir du monde
Et tout être de chair est labouré

Nan Sòlda mawon ( p. 84, 86 ) li pral  kontinye pou l’di:

Karayib bay l’Amerik Santral lanmen
L’Amerik Santral bay Nò ak Sid lanmen
N’ap fè yon federasyon ak tout pèp Karayib

P’ ap gen youn ras
Men chak ras va fratènize ak tout ras
P’ap janm gen youn sèl klas
Men va gen youn sosyete san klas

Lè Pòl vle laye koze revolisyon an,  li mete chemiz kouzen –l , li rale tanbou-l epi li di:

Tam-tam
fleuve dont la colère trouve enfin le chemin de la mer
Tu brises les verrous de la peur
Tu fais sauter les écluses du silence
Pou dire seul la honte et la misère

Tam tam
Leader lyrique du grand coumbite solaire
Ton chant assemble les matériaux de la cité
Les travailleurs plantant d’une main égale
Les piquets de grève
Et les arbres de la nouvelle ville

(Les arme quotidiennes, anndan Œuvres Incomplètes, p. 146)

An kreyòl se lanbi li soufle:

M’ pral kanpe sou tèt Mòn Lasèl
Tankou yon sitadèl
Lanbi-m pare
Si larevolisyon an danje
M’ ap soufle
Kannon va tire

(Sòlda Mawon, p. 82 )

Pawòl Kouzen Pòl Larak, se pawòl lanmou, revolisyon ak libète pou tout pèp k’ap soufri sou latè. Nou salye ou, Kouzen,  ak kòn lanbi nou, epi n’ap kontinye woule  petwo  pou nou kanpe rèv ou  nan kè sobadji verite. Kouzen Pòl,  n’ ap jete twa gout dlo pou ou. Nou espere ou va jwenn bon jan frechè nan vwayaj ou sou wout peyi san chapo.

Michel-Ange Hyppolite
Kaptenn Koukourouj

lotus

Leve kanpe Solda mawon
       pou salye memwa Paul Laraque
   Onè!
 Lè lavyeyès monte drapo l, lajenès  fini nan pousyè
 Lè kadavkò mande repoze, se jou potorik gason ki bout
 Lè fatig fèmen je grandèt, li  pa mouri  san kite
tras, se dòmi l al dòmi.

Lè jou majòjon bout, li fèmen je li san plenyen; e si
solèy pran tan pou  leve, si anpil zwazo pèdi wout,
vire fou, si anpil zanmi mare vant, pran kabann,
menmsi tanbou bèbè, memnsi men nan machwè, apre dèy,
gwo douvanjou lavi souke kò l, van pran kòd vyolon li,
leve danse. E, anpil sanba leve kanpe pou yo salye yon
pòtflanbo.  Si w byen gade nan syèl la  nan direksyon mòn Makaya
wa wè Paul Laraque  k ap file yon kokennchenn grandou
k ap kimen rèv tout koulè.

Kamarad Paul Laraque pa mouri, zanmi. Ou mèt sispann
kriye nan mouchwa; sonje nan chak pawòl sòlda a powèt la chante  san rete san febli
«Ann chanje lavi pou n transfòme le monn.»
Paul, lòtbò lalin, lè w a rankontre ak Morisseau devan
yon boutèy labsent, pa bliye, anvan n trenke, vide yon
gout atè pou chak vivan san somèy.
                                        Respè! 

12 mars 2007, Claude Pierre

lotus

LAREVERANS POU YOUN VANYAN GASON: PÒL LARAK

Ak: Jan Mapou

Mèkredi 8 mas, 7-è dimaten. Pandan n’ap degoudi pou  nou salwe youn solèy tounèf,  telefòn nou sonnen. Se te Koukouy Max Manigat ki t’ap rele nou pou l’anonse zanmi nou, frè nou, Pòl Larak kite sa.  Se ak anpil tritès nan vwa Maks nou tande li di :Ti Pòl  kite nou. Wi Paul Laraque, kouzen Ti Pòl se konsa nou te rele grandèt-la pou li ka kenbe jenès li vitam-etènam.Ti Pòl sefwe. Tan kagou lamenm. Jeneral solèy leve nan lapenn.

Nan Nouyòk nou te viv kon frè. Rive Miyami, se toujou ak plezi Ti Pòl ak frè li Frank konn vwayaje, vin pote moso limyè lakonesans pou kominote-a.  Pòl se te Sekretè Jeneral Asosyasyon Ekriven Lòt Bò Dlo.  E se konsa an 1981 apre m’te fin pibliye Pwezigram, li mande-m pou mwen vin jwenn yo nan asosyasyon-an. Li di mwen: «Mapou, ou se premye ekriven ayisyen mwen konnen ki ekri esklizivman an kreyòl. Ou orijinal.  Lè w’ap ekri, panse ou klè kon dlo nan plenn.» Nan epòk  sa-a, chak senmenn mwen te konn ekri youn atik nan Haiti Observateur... Nou te ekri sou tout sijè.  Nou te konn pote bonjan nouvèl literè an kreyòl. Nan ane 70 yo se te sèl ekip jounalis ki te konprann toutbonvre enpòtans zam kreyòl la nan  batay politik yo t’ap mennen kont Divalye yo. Pòl se younn nan premye koukouy yo. Li te santi li fyè pou li wè jan ni li, ni Moriso Lewa, ni Emile Woumè, ni Pradel… apre youn batay chen anraje nan gagè literè-a te jwenn youn gwoup jennjan nan Sosyete Koukouy ki te deside  kontinye batay la.

Tankou anpil bon powèt, mizisyen chantè, Pòl Larak fèt Jeremi. Li te konn ekri sou non Jacques Lenoir.  Tankou ti Pòl nou tou, nou te chanje non nou nan moman diktati Divalye-a. Apre nou fin fonde Mouvman Kreyòl Ayisyen-an nan ane 1965, anpil nan nou te boukante bon non nou. Nou chak te gen youn non vanyan tankou: Pyè Banbou, Jan Tanbou, Jan Mapou, Degoutan, Ti nèg, Papiyon Nwa, Pyè Legba, Sousou Wozo, Djo Alèlè, Choukoun, Kaptenn Koukouwouj, Idalina… Se te youn fason  pou nou lage bouya sou chemen lennmi-an.  Tout ekip  mounn sa yo  t’ap travay pou pote youn ti limyè nan tenèb  iyorans pèp-la kote 85% pa te konn ni li , ni ekri.

Pòl Larak fèt nan mwa septanm nan lane 1920 nan Jeremi. Li  mouri  8 mas 2007 nan Nouyòk. Kidonk li te  86 ane plis 5 mwa.  Li te koumanse etid li nan vil Jeremi epi l’al kontinye yo Pòtoprens.  Apre filo, li rantre akademi militè an 1939. 2 ane pita  li soti ak youn V grad ofisye sou zepòl li. Bèl gason, byen kanpe devan letennèl, li te aprann manyen zam pou defann peyi li. Men se pa tout. Li te gen youn vizyon pou peyi li e se ak plim li, li te  koumanse esprime sa ki nan panse-l . Li ekri anpil bèl powèm  pike nan jounal  epòk la tankou zanmi-kanmarad Moriso Lewa, Emil Woumè, Klod Inosan ak Frank Fouche… 

An  1945 youn gran ekriven sireyalis franse ki rele André Breton  rantre an Ayiti. Se Pòl ki te resevwa li. Se te younn nan pi bèl rankont nan vi-l e kèlkanswa kote li ye, li pa janm rate raple nou rankont sila-a kite youn manman sikatris nan vi literè li.

An 1979 Pòl Larak pran pri literè «Casa de Las Americas», premye ekriven ayisyen ki ranpòte pri sa-a. E se tout powèt ayisyen nan epòk la ki te bat bravo pou li. Li te pote premye pri ak  powèm: «Les armes Quotidiennes, poesie Quotidiennes.» Pri sa-a ponpe lank nan plim li e se chak jou chak mwa Pòl Larak pibliye atik, fè konferans osnon pibliye liv. Bonkou nan Liv li yo tradui an espayòl, an Angle ak an Italyen.  Nan ane 1981, l’al Kiba kòm manm jiri «Casa de Las Americas» k’ap edidye epi klase travay  lòt ekriven  te voye bay komite-a.

Pòl Larak s’oun nonm entelijan, trè senpatik, youn gason ki chaje ak konviksyon, youn militan sensè, venndegende, ki bat tout militan nan domèn sosyalis la; menm René Dépeste ki te chanje kazak fè bèkatè nan batay la. Ti Pòl limenm rete konsistan, drèt kon flèch palmis toujou fidèl nan konviksyon li jouk li mouri. Pou Ti Pòl  sistèm sosyalis se meyè sistèm pou ede Ayiti soti nan katyouboumbe li ye-a. Enperyalis ap trangle Kiba ak youn pat-gagann  pandan plis pase 40 lane, malgretou, Kiba rete youn modèl reyisit sistèm sosyalis-la. Fidèl toujou ap lite. Nouvo jenerasyon-an ap òganize yo. Ti Pòl gen konfyans nan sistèm nan e li  pwouve li nan konpòtman li, nan ekri li ak nan pale li. Se konsa, Franswa Divalye te fè-l kite peyi-a, pran lekzil an 1964 akoz pozisyon politik li. Yo te menm dezabiye-l, retire nasyonalite ayisyen-an sou li. Lè JC Divalye tonbe an 86, li te swaf lakay. Li retounen lakay e se men nan bouch, dlo nan je  li te konstate nan ki kondisyon  ansasen yo te kite peyi-a. Filozofi Aristid t’ap preche te rantre nan santiman-l. Se te youn etensèl espwa. Li te rantre nan peyi-a pou l’al viv, pataje konesans li ak jenès-la, pote  ti gravwa  pa-l nan rekonstriksyon peyi-a. 1991, koudeta. Aristid tonbe. Yo touye frè li Gi Larak.  Pòl ak madanm ni Marcelle retounen an ekzil nan Nouyòk. Pito sa, pase malgre sa.

Pòl Larak mouri Nouyòk, mèkredi 8 mas, li te 5-è dimaten apre youn maladi manch lonng nou ta kab di ki vin anpire depi apre lanmò madanm ni Marcelle Pierre-louis. Chagren te anvayi kè-l. Lavi-a te fad.  Kontinye viv san Masèl  tounen youn ekzistans makawon san vi, san sèl. Li mouri kite 3 pitit:  Max, Serge ak Daniel. Li kite frè-l, kavalye polka li,  Frank Larak ak youn makòn ti lèzany pitit-pitit. Pòl se te youn  Granpa osnon youn Tonton yo tout te renmen.

Pòl ekri plizyè liv: Ce qui demeure, Fistibal, Camourade, Rosemarie Manno tradui an angle ak entwodiksyon Jak Hirshman; Solda Mawon, Liberty Drum powèm, kreyòl/ franse. Li patisipe nan piblikasyon youn antoloji kreyol/angle ki rele Open Gate an 2003 ak kolaborasyon Jan Mapou/ Maks Manigat/ Jack Hirsman.  Li pibliye ak frè-l Frank: La Lutte et l’Espoir.

Tout liv sa yo franse osnon kreyòl esprime youn sèl bagay: Pwoteje, ede, sipòte tout mounn y’ap oprime, tout mounn ki anba bòt esplwatasyon. Noutout sou latè nou la pou nou viv.  Viv lib. Viv nan lanmou ak fratènite. 

Malge mouvman sosyalis-la pran baf sou baf ak miray Bèlen-an ki kraze, Inyon Sovyetik ki chanje kazak, militan lakay ki gaye, Pòl pa te janm pèdi lespwa… dayè se tit dènye liv li ekri nan lanng kreyòl-la:  Lespwa. Youn grap pwezi kreyòl, koleksyon mémoires pibliye an 2001. Tout vi-l li te kenbe kin. Li pa te janm faya. Pwezi mwen ekri Ti Pòl di nou se eksplozyon, youn melanj lanmou ak libète; rèv ak revolisyon. Mechanste jounen jodi-a ak lespwa pou youn  pi bon denmen. Se istwa nou ak kilti peyi nou ki brase ansanm ki va trase chemen pou dezyèm endepandans lan. Nou fè lareverans devan kadav Pòl Larak: youn vanyan gason!  

Jan Mapou-Miyami

lotus

OKAZYON LANMÒ PÒL  LARAK
Deklarasyon Sosyete Koukouy

Chak ekriven ki mouri se youn ja limyè ki file kite sobadji pèp la. Sepandan, menmsi yo pati, yo pa pèdi pou sa. Yo retounen leve nan plamen inosan ki pral kontinye trase vèvè lespwa sou modèl yo kite pou yo. Pòl Larak se lwa lespwa. Li pral kontinye danse nan tèt tyovi k’ ap chèche limyè konviksyon ak entegrite menmjan ak li.

Soti nan ane 1950 yo pou rive nan dènye bout souf li, Pòl Larak te rete solidè nan batay pou vansman lanng kreyòl la ak pou chanjman nan sosyete lakay la anba labanyè doktrin  sosyalis. Pòl Larak se Kako douvanjou. Lè li te fin kite Lame Ayiti,  li twoke bayonèt li pou plim nan defans kilti natifnatal la. Tankou li te di:

«An jenneral [premye ekriven kreyòl] yo te gen de (2) rezon pou ekri an kreyòl, youn rezon natirèl: se lanng yo, se lanng pèp yo, se lanng nasyonal yo; youn rezon politik: pou plen fose ki ekziste ant entèlektyèl yo ak mas yo, e bay pèp la youn avangad revolisyonè pou dezyèm endepandans lan.»
(Paul Laraque prefas Zile Nou, Michel-Ange Hyppolite 1995)

Dayè nan youn konferans li te bay nan Sant Kiltirèl Mapou nan Miyami, li te di:

«Premye Koukouy la se li, paske li te younn nan premye ekriven jenerasyon 1950 yo, ki te louvri wout pou pwezi kreyòl la.»

Konsa, menmlè kò li te kòmanse ap faya nou pa ka di li te bay legen. Lespri li te pran larelèv pou klere chemen-an bay lòt mounn ki sou wout ap chèche kouray ak libète. Pa gen anpil mounn nan kategori Pòl Larak. Chak kote yo pase, yo kite mak yo ki tounen fedatifis pou lespri k' ap chèche vanyans ak konviksyon. Se konsa, nan Sòlda Mawon(1987), li ekri:                                   

Yon lòt jou kòmanse
Kote m’ rete
Pitit mwen va kontinye...

Se ak bèl pawòl lespwa sa yo, noumenm nan Sosyete Koukouy, toupatou kote nou tabli, ap di gran Kouzen Pòl Larak, ale anpè; ale jwenn madanm li, Marcelle paske se nou tout ansanm ki pral kanpe sou tèt Mòn Wochas nan peyi ou Jeremi pou nou woule tanbou banbòch kreyòl la nan non lanmou ak libète pou tout pèp oprime sou latè.

Siyen:  Sosyete Koukouy Canada; Sosyete Koukouy Miami; Sosyete Koukouy Tampa Bay; Sosyete Koukouy Homestead; Sosyete Koukouy Connecticut; Sosyete Koukouy Ayiti; Koukouy Boston; Koukouy New Jersey; Koukouy New York.

lotus

Pòl Larak (Paul Laraque) (1920 – 2007)
Mwen nonmen non ou …

Ak: Max Manigat

          
Jedi 8 mas 2007 sa-a nan mache Sent Elèn Jeremi, gan youn bri ki konmanse kouri: younn nan mesye Larak-yo, sa ki te ansyen kolonèl Lame d’Ayiti-a, nou kwè se Pòl Larak li te rele, mouri Nouyòk. Pi jenn machann yo di yo pa konnen mounn sa-a, sa ki pi vye yo kwè yo chonje non-an. Youn tonton ki t’ap pase kanpe, li te deklare: «Kouman fè nou pa janm tande non Pòl Larak, se mounn Jeremi, se powèt, ekriven ki toujou defann kòz malere. Koute radyo n’a konnen sa k’ap di sou li.» Sa l’ fin di-a, wonnonwonnon-an grandi, telefòn selila konmanse bouyi, nouvèl-la pran lavil-la pou li. Men kote li soti? Sanble se gason lakou Misye Entèl la  ki te founi zòrèy li pou vole de mo nan youn konvèsasyon mèt kay-la ak madanm-ni pandan kuizinyèz-la t’ap sèvi yo kafe a 6-è dimaten.

Nan mache Kwa Bosal, nan Site Solèy, nan Raboto Gonayiv, nan Lafosèt oKap, pawòl la pral pale tou men pa ganyen anpil mounn ki sonje ni non ni repitasyon Pòl Larak.

Nouvèl-la kontinye gaye. Pou vè midi konsa, Absalon nèg Leyogàn ki vann sirèt nan youn bak devan Otèl Plaza sou Channmas Pòtoprens te gan tan ap resite sa li pran nan radyo. «Gran patriyòt, powèt revolisyonnè, Pòl Larak,  ki malad depi kèk tan, kite nou jodi-a 8 mas 2007 a 5-è dimaten. Pòl te youn ansyen kolonèl Lame d’Ayiti men li pa te fè bann ak lòt ofisye ki t’ap maspinen pèp-la. Divalye te revoke-l, li te pati an ekzil an 1961. An 1986, li te tounen nan peyi-l men sa l’ te wè te ba li degoutans. Li te pito vire do-l al viv Nouyòk.

Bèlis ki t’ap koute entewonp Absalon: «Kisa nonm sa-a te fè pou malere pou w’ap plede voye-l moute konsa?» Absalon kuipe-l: «Se konprann ou pa konprann sa «gran patriyòt ak powèt revolisyonnè» vle di. Poukisa ou pa mande?» De twa lòt aryennafè ki te sanble pete ri kwa ! kwa ! kwa ! Bèlis konfòme-l. Li kite Absalon pale.

Se konsa, nan chak kwen, bò tab machann chen janbe-yo, nan taptap, nan otobis, nouvèl lanmò Pòl rive jwenn pèp li te goumen pou li-a. Jounal, radyo, televizyon pral ekri, pale, montre lavi ak zèv li pou plizyè jou. Nan mache Sent Elèn, nan mache Kwa Bosal, nan Site Solèy, nan Raboto Gonayiv, nan Lafosèt oKap, nan Savann Okay… kankannèr, merilan, machann kenkay, chany, bouretye, yo tout ap kontinye monte desann-yo, vire tounen-yo. Te gan youn nouvèl youn gwo gason ki rele Pòl Larak mouri men timounn-yo grangou lakay n’a di pòdyab pou li men nou pa ka kanpe.

Epoutan, Pòl te konprann tray malere, li t ap batay pou wè si sò-yo ta chanje. Pòl se sa Ameriken konn rele «role model» pou plizyè nan nou ki kwè mete plim sou papye gan enpòtans-li. Se pa sèlman  pou kalite pwezi li men pou tout jefò li plede fè pou mete lanng kreyòl-la kanpe sou de pye-l. Apre Fistibal, li te mete Solda mawon deyò, apre sa Lespwa. Tout pwezi franse-li rasanble nan «Œuvres incomplètes: Ce qui demeure, Camourade, Armes quotidiennes / Poésie quotidienne ki pote Pri Casa de la Americas nan Kiba. Se pa nwasi papye pou pale bèl franse; se zam plim-nan tounen pou atake tout lènmi pèp-la.

Pòl, ganyen youn plas espesyal nan kè Sosyete Koukouy pou travay san pran souf-li pou lanng kreyòl-la kriye wonz toupatou. Nou p’ap kriye pou sòlda mawon-an, n’ap pito kanpe kinalaganach pou kenbe drapo li lonje ba nou avan l’ tonbe-a.

Nicole, Claude, mwenmenm, n’ap di fami Pòl, pitit li yo: Max, Serge, Danielle, pitit-pitit li yo, zanmi nou Franck frè li, nyès, neve ak fanmi pa yo, ti nyès, ti neve, bofi, bèlfi, zanmi, asosye: kouraj pou pase move pa sa-a. Souvni Pòl p’ap janm mouri. Pyebwa li plante a gan tan leve, li fleri, li bay grenn ki pouse deja.

Max Manigat 
(8 mas 2007)

lotus

Hommage à Paul Laraque / Ochan pou Paul Laraque
Sa kite rete / Ce qui demeure

Jean-André Constant

yon vag lanmò depoze odè tete
ak lonbray gangans Marcelle
nan mitan maleng ou

il y a ton accord
avec tout le corps de la vie
désirée saine et humaine
il y a toi accroché
aux voix désaccordées
des exilés de la bêtise

se pa sèlman lapenn ou
nan simityè yon peyi
an somèy sou po do douvanjou

demeurent tes grands goûts
d’amour rouge pour le tout
des luttes aux grands desseins
comme les veines
de la liberté en conquête
ou le liquide sacré
de tes rives immortelles

wale ak yon moso solèy
ak tout lizay yon pèleren
kap fè lanmò filalang
sou zèl yon sèvolan grandoub

demeure le fil de tes nuits impossibles
dans la turbulence des îles agenouillées
et d’autres métaphores serties
dans le cynisme des grands voisins

wale ak kòlèt ou plen kòlè
ak yon koutodigo nan kè w
pou zago bèf kap fè akrèk
sou lestomak yon fanm
ki sanble ak yon zile
yon pitimi san gadò
yon kabrit lage nan yon rèv

restent tes rives ouvertes
y coulera tout le plasma
de ton amour
de tes amours
et les enfances nées de ton fleuve
y coulera tout le flot de ta course
vers la liberté en essence

ou rete tou kale
nan tout fant rèv libète

demeure l’essence
de ta poésie libre
en toute effervescence

tu demeures en essence

Jean-André Constant
Hartford, Connecticut
9 mars, 2007

lotus

  • Paul Laraque sur le site Île-en-Île. (Avec des extraits sonores)

Viré monté