Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

De bò goch:
lanmou ak doulè nan kè

Jean-Robert Placide
Manm Sosyete koukouy, seksyon Kanada.
Jen 2019

Anivince Jean-Baptiste (Ti Vens) se manm mouvman literè Sosyete Koukouy. Li se fondatè gwoup literè Tanbou literè epi li se manm Regwoupman ekriven kreyòl (REK). Li ekri plizyè liv pwezi, pami yo nou konnen gen Zo kanzo (2018). Li resevwa pri ekselans Groupe de réflexion et d’action pour une Haïti nouvelle (Granh) 2018, pou ansanm aktivite literè li yo avèk patisipasyon li nan devlopman literati kreyòl la. Dènye tèks pwezi mwen genyen an se De bò goch (2014). Liv sa a fè eko nan tit li ak yon liv pwezi powèt Douglas Zamor (Dou’z) ekri ki titre Balendjo: revolisyon men goch (2019).

Rekèy pwezi Anivince lan fann an 2 bò, avèk 2 tèks: De bò goch ak Kè grenn. Se 2 tèks ki pran souf yo nan esperyans lavi powèt la epi ki soti bò goch kè otè a.Yo manyen sijè politik ak lanmou nan lavi de bò goch ki touche venn sansib Ti Vens ki renmen 2 fanm ak doulè nan kè. Atmosfè relasyon damou yo soufle yon zègrè, yo  kite yon gou anmè, yon melankoli, yon lapenn nan kè jennonm nan.  Epi doulè nan kè  sanba a blayi powèm yo sou laplas piblik.

Premye lanmou ak doulè nan kè, se pou yon bèl grenn fanm kreyòl ki meprize lanmou atis la. Msye pa sèl flannè ki ap voye flè bay ti dam nan (p.61). Men okenn repons nadmarinad, ale wè pou kòmè a ta pran ka doulè kin an kè malere a (p.69).

M p ap fè blag ak verite cheri
Kè m pa sèl rèv k ap fè flè sou non w (p. 61)

Chak fwa m sone w ou pa reponn
Lavi a friz nan vwa m
Tout souvni sou sou kè m
M sonje je w cheri
Vwa w vwal arebo doulè m (p. 69)
...
si ou pa vle mwen renmen w
M ap renmen w ak on kè grenn (p.70, 73)

Nan dezyèm pati liv la, se deklarasyon damou. Se lapriyè lanmou powèt la ap bay fanm nan ki pa vle renmen ak Anivince. Yon kòmè ki derefize Ti Vens renmen li tou.

Kuis ou pete uit sous
Nan bouch mwen
Kè m lentansyon wottansyon
Nan filalang ranch ou
Tanpri souple
Pa kite santiman m santi a kanni cheri
Si ou pa vle m renmen w
M ap tou renmen ou ak on kè grenn  (p. 63)

Powèt la fè kont jakopyevèt li avèk bèl lomeyans simaye pou chouboulout la. Malerèzman, lawouze pa foulaye okenn flè lanmou pou fleri ti woz. Men yon lòt konbinezon bèl lomeyans ak pawòl mandasyon pou ti chelèn nan.

Ou se laj letènite m
Vwa ou koule nan venn mwen …
Souf ou tatouwe rèv mwen toupatou ….
Sèl pawòl ou simaye sou lenfini…. (p. 59)

Kè m pa nan kò m ankò cheri
Kè m se ke wòb ou
K ap pran lang ak van an
Solèy dezabiye ki neye nan bote w
Lalin k ap pran dlo nan bouch ou
Zye m ki ap fè laplanch
Nan rasin tete ou (p. 62)

Dezyèm lanmou ak doulè nan kè a, se pou Ayiti, fanm lespwa. Tankou twaka jèn Ayiti, peyi a pa ofri yo okenn avni ki bon pou yo. Leta echwe devan responsablite pou jèn nan jwenn lavi nan pwòp peyi li. Jenn natif natal yo ap viv yon move tan malouk, kote yo pa benefisye okenn resous peyi a.

Peyi a lagokache mil pwen kadino
... lòsyè tan an tou fennen
Nan mitan de bò goch  (p.15)

Isit tout vil pran fit
Lamizè kale tèt
Tètnèg asyèt fayans
Tètnwè nan bòl lanmò
Tèktègèdèk sou vit lavi (p.53)

Tout alfabèt pran okèt nan kè pèp
Tout alfabè bèbè nan priyè pèp
Isit van bwè mezi orezon
Chandèl pot pou lannuit (p. 91)

Se pou sa, nan kè powèt endijèn lan, doulè a pi anmè pase fyèl, lò li fè fas kare devan kondisyon dilere lavi politik enjis nan peyi a. Yon Ayiti ki ap kwape jèn yo kilbite yo deyò san pran souf. «Chagren degrennen sou grennje demen» yo. Yon seri jèn ki renmen Ayiti ak tout konsyans yo epi ki ap konstate ak kè grenn se moun vini ak etranje ki ap jwi richès peyi a.

Manman ki kote pou m lage m
Lè peyi a kouri dèyè m
Raj emoraji
Sa minista ap fè la a
Souverènte n ti kwa nan simityè
San mèt (p. 17)                         

Kote pou m lage m
Lè minista fin souse souf vil yo
Lè yo pile demen (p. 22)

Toufwa, kontrèman ak relasyon lòt fanm nan, sanba a pa dezespere pou Ayiti. Malgre tout zegrè ki nan kè li sou yon wout de bò goch:

Al di manman  m pou mwen
Chagren m
Lannuit ki kwoke nan gojèt chen (p. 42)
...
Di manman m pou mwen
M pè tout kominote ki entènasyonal
Kuiy peyi a wont peyi a
Lespwa seksi
Devlopman pa gen sèks (p.54)

Se vre powèt la itilize premye pati sa a pou li dekri sèkèy madoulè eta politik Ayiti a, depi « chas, depo, travèse » nan epòk kolonyal la, rive nan moman «  minista » yo. San li pa bliye ajoute toubiyon doulè sèkèy tranbleman Goudougoudou an tou (p. 27, 28). Tèm ki dominen pati sa a, se militans yon lanmou ak doulè nan kè  pou Ayiti.

Gonayiv
Kan minista pichkannen limyè
Sou tèt zansèt yo
Souverènte n
Ran larim marasa k ap fè kous (p. 19)

Sepandan, malgre tout deblozay polotikososyal yo ak dekovi dekonm vil yo, powèt la pa devlope okenn «esthétique de délabrement». Yon wout de bò goch ki se yon chemen de bò ale, kote van lanmò lage, pa gen bò pou tounen. Bridsoukou, Ti Vens santi «apa lajounen kase tèt» nan chan imajinè li. Epi kè sanba a louvri yan! sou yon parantèz posiblite.

Poutèt dizuisankat
Yon rès wout rete nan pye nou (p.29)

Epitou, nan rekèy la, apre dedikas pou sanba Balendjo a ki pa janm pèd lespwa, li houke yon mesay lespwa pou rasire manman (tankou Guy Durosier te fè li pou manman pa li):

Di manman pou mwen
Solèy m ap donte a poko gen jou (p. 30).

Nan miwa lavi
Lanmo p ap sis bò remò atis la (p.36)

M pile beton lanmò deja
M pa mouye (p.52)

Kite lespas jete dlo tande!
Desten demen p ap ka detenn konsa (p.32)

Oralti ak literati

Premye pati liv la, De bò goch, chapante tankou yon mesay oral ou konfye yon moun pou li bay yon lòt moun pou ou. Chapant sila a se adaptasyon oraliti dezyèm nivo a ki rantre nan literati. Li fè eko ak yon chante G. Durosier, Si w al an Ayiti (1969), kote chantè a ap voye komisyon bay manman li. Epi yon chante Jean-Claude Martineau, (Koralen ) Vyejo (?), kote yon vyewo an Dominikani voye komisyon bay madanm li. Sanba Ti Vens, limenm, ap voye komisyon bay manman li tou. Men tèks konpòz Tanbou  literè a plis rapwoche ak militans anraje nan chante Manno Chalmay la, Pou ki sa w pa pale manman (?).

Di manman pou mwen
Peyi a fèy tòl nan ekwasyon van an
Di manman
Se souf wòch n ap kòde
Sans absans nou bout tout wout
Jou yo bosi sou po nou (« p.13 »)

Dezyèm aspè nan chapant rekèy la ki se yon adaptasyon oraliti a, se nan segman kote powèt la ap di ou : 
Pa foure douz janvye nan powèm nan tande! (p. 27)
Kite lespas jete dlo tande! (p. 32) 
Kite enspirasyon m respire tande ! (p. 47)

Dènye konstriksyon sa a, se enfliyans retorik oral la nan ekriti kreyòl la, ki sèvi ak espresyon «tande!» a nan finisman yon fraz. Pafwa tou, onivo sentaksik, li ka parèt nan koumansman, avèk yon ti chanjamn nan estrikti fraz la. Kòmkidire, ap toujou gen yon pati oralite nan pwezite kreyòl la. Malgre plizyè jenn powèt yo ta vle suiv modèl Castera pou yo itilize mo oubyen espresyon (tankou: lèt, powèm, pwezi, …),  ki gen rapò avèk lèt osnon literati nan ekriti yo, yon fason pou yo detache literati kreyòl la ak oralite a, men oraliti a filtre kanmenm nan ekriti ak literati. Nou ka menm wè tras oraliti a (pou mwen pa di oralite a), nan tèks Castera tankou nan Jòf (2001).

Kidonk, Oraliti ak Literati kreyòl se fas doub yon imajinè kreyòl dedouble ki ap jwe (reprezante) sou yon sèn doub. Nan sans sa  a, nou remake gen divès piblikasyon plizyè zèv kreyòl yo pwodui nan oraliti dezyèm nivo a (nou ta ka di literati oral), ki ka sèvi nou pasrèl pou nou travèse al layite pi byen nan literati popilè a.

Teknik estetik

Pale oubyen ekri ak imaj, se yonn nan karaktè literati popilè a epi pwezi kreyòl la eritye estrateji analoji sa a tou. Mo imaj literè yo enpòtan nan diskou powetik yo, pou tradui flonn panse abstrè k ap layite nan lespri konpòz yo. Selon E. Mirville (Pyè Banbou)1, se pou nou tande langay pèp la ak odyansè popilè tankou D. Octave, pou nou kapte teknik ak fòmil analojik imaj yo. Poudayè, se yonn nan rekòmandasyon Sosyete Koukouy fè powèt kreyòl yo, pou yo devlope tandans imajis la nan ekriti yo. Nan pèspektiv sa a, langay powèt la pa chich ditou pou imaj literè ki bati ak teknik estetik analoji yo. Nan tou 2 pati yo, n ap jwenn anpil bèl konparezon ak metafò Sanba Ti Vens kreye.

Peyi a fèy tòl nan ekwasyon van an (p. 13)
Se souf woch n ap kode (13)

Mouchwa bwè dlo solèy sou figi nou (p. 24)
M pile beton lanmò deja, m pa mouye (52)

Lonbrit ou se sèl syèl ki rete m
Solèy dezabiye ki neye nan bote w (62)

Trè souvan, gen anpil jwèt mo ki vin kore imaj literè yo tou. Nan pasay sa yo, leksèm yo gen anpil resanblans fonetik, men yo pa gen menm siyifyans.

Leta se viyaypi lamo
Vi a pi lanmo (25)
Tout kote se fòskote (p. 67)
Ri w kouvri tout ri lespri m (p.68)

Pou nou fini

An final, se anvi ak jalouzi, pafwa fristrasyon ak kòlè ki kòz yon moun ka renmen ak kè grenn. Souvan se konpòtman damou patnè a ak yon rival ki konn fè yon amoure santi kè grenn. Nan De bò goch, ajisman tou de fanm yo pwovoke yon santiman madoulè nan kè  santiman lanmou powèt la esprime pou de medam yo. Se yonn nan fason nou kapab li tèks yo.

Sepandan, istwa lavi se yon vwayaj, yon wout de bò goch, ale pa tounen. San li pa paseyis, Anivnce konstate gen yon rès wout ki rete nan parantèz lavi a. Epi De bò goch vin devlope sou fòm de gimè sou bò goch, ( « ) avèk yon espas tou louvri pou tout bèl chanjman pou jèn yo. Semyoloji gimè goch la, tankou men goch Balendjo a, se yonn nan lòt kle ki ta ka pèmèt nou yon lòt lekti tèks De bò goch Anivince ekri a.
 
Nan koumansman prezantasyon an, nou te rapwoche De bò goch (2014) avèk Balendjo: revolisyon men goch (2019). Apre yon ti analiz rapid, nou wè gen anpil resanblans nan ekriti Ti Vens ak pa Dou’z la, petèt paske yo soti menm kote (Nòdwès) epi yo se manm menm gwoup literè Tanbou literè a. Souvan nou jwenn mo vokabilè ki ap layite nan menm chan leksikal.

«nou krache lamizè nan figi lorizon
konsa mizè krache sou konpòtman nou tou» (Douglas, p.7)

Chagren degrennen sou grenn je demen
nou blese nan konpòtman (Anivince, p.48)

Men se onivo teknik fraz yo, mwen dekouvri yon resanblans avèk G. Castera, nan Jòf (2001). Pafwa, nou konstate plizyè powèt nan jenerasyon sa a konn sèvi ak menm teknik fraz Castera yo tou.

«Epi mwen avè w, n anraje nan raje» (Castera, p. 29)

Epi m a di madi gen madichon
Madi rès maladi ki gaye sou po (Anivince, p. 26)

«Ki batiman san non, san nan kò m monte» (Castera, p.57)

Lanmou  m plen ak san santiman
Plen aksan fòs (Anivince, p. 67)

Nou gen lenpresyon, siman Castera ka egzèse yon enfliyans sou pwezi kontanporen k ap deplòtonnen kounye a. Sanble menm gen lòt powèt ayisyen, tankou yon Georges Greffin, nan  Les dérives des cerfs-volants (2018), daprè W. Lahens2, ki ta sibi yon enfliyans kon sa tou. Li ta enteresan si ta gen yon etid sou ki pati nan eritay literè Castera, powèt kontanporen yo ranmase.  Sa se yon lòt pèspektiv, pwezi ki detenn sou pwezi, powèt ki make powèt, nou ta ka anvizaje pou yon lòt tèks.

Mèsi !
Jean-Robert Placide
Manm Sosyete Koukouy, seksyon Kanada
Jen 2019

* * *

Nòt

  1. Gros plan sur Anivince Jean-Baptiste
    Zeste de Palabres sur Fond de Poésie Contemporaine
    Publié le 2012-02-24 | Le Nouvelliste
     
  2. Georges Greffin, pour renouveler la poésie contemporaine
    Publié le 2019-02-20 | Le Nouvelliste

boule

 Viré monté