Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Avangou
Tout Ayisyen konnen, apre lapli Lasirèn al bwè dlo nan sous. La oun moun ki atantif gen posiblite pran kouwòn bèl sèpan sila a. E si moun lan rive fè sa san sèpan an pa kenbe li epi moun sila a remèt kouwòn lan byen vit. Enben Danbala ap kouvri li ak lò, richès, pouvwa, elatriye. Vèvè, lwa Panteon Vodou sila a siyifi Kolektif Ayiti zansèt yo lite pou fonde ki, dapre James, se oun Paj Istwa lemonn dwe aprann. Tandiske nou dakò edikasyon nesesè; sepandan, nesesite a pou Ayisyen dabò. Kididonk, se tach sila a, nou bay tèt nou dwa kòm Ginen e devwa kòm chèchè akonpli.
Istwa Kolektif
N ap santre esè a sou Istwa, patikilyèman definisyon mo sila a ki nan vokabilè pifò moun ann Ayiti.
San dout Istwa gen plizyè siyifikasyon men lè nou gade Ayiti nou wè se lit Ewopeyen kont Endijèn Ayiti e Afrik; ki vle di, lit ant plizyè gwoup sila yo pou resous natirèl detèmine sosyete Ayisyen ap viv. Li enpòtan pou note, apa de lit klas, genyen plizyè lòt kòz tankou administrasyon, fòs ame, ibanizasyon, elatriye ki se diferan faktè ki gen enfliyans sou moun ann Ayiti.
Nan twa zan, Ayisyen pral pase Santan okipasyon militè pa fòs etranje. Venn senk dènye ane yo t on reyèl lit pou pouvwa tankou “rache manyòk, coup de force, e grenn nan bouda,” ki kondui nan on seri entèvansyon ak militè Ameriken an 1994, e MINUSTAH, on Fòs pou Lapè Nasyon Zini te debake Ayiti an 2004. Sepandan, analiz preliminè pa sanble demontre evidans politik pote bon rezilta piske se on sèl prezidan ki reyisi konplete de manda dis lane, nan on entèval senk an pou chak manda.
Souvan nou tande yo di, anndan chak Ayisyen gen on grenn makout, on fason pou esplike tandans otoritè, diktatoryal, abitrè, elatriye, ki karakterize lidèchip ann Ayiti depi 1806, lane premye kou militè kont chèf leta. Pi resan kou deta fèt an 2004 lè on gwoup opozan politik t egzije ranvèsman chèf leta a pa mwayen ekstra-konstitisyonèl. Vèsyon pati konsène a rapòte, ofisyèl Ameriken kidnape li e depòte li ann Afrik, men gouvènman Ameriken di prezidan an demisyone. Demisyon ou non, pwen nou ankouraje ou konsidere, prezidan an pa fini manda senk an selon Konstitisyon 1987 lan.
Prezidan tonbe; Ayiti okipe; Ayisyen soudepandans on fenomèn k ap layite an konpay on latriye Òganizsyon Non-Gouvènmantal (ÒNG). Kesyon ki sa pou fè ak pòv pa nouvo. Nan ansyen rejim fewodal, wa te bay Legliz responsablite pran swen moun pòv, epi vin gen revolisyon e on nouvo rejim kapitalis, ak pwòp klas li, boujwazi ap mennen. Jodi a, nou wè wòl Legliz pa prèske enpòtan, anfèt sektè finansye an fòme on bra charite; ki se, ÒNG pou bay sèvis imanitè makònen ak kolòn fòs ame tankou MINUSTAH.
Monte tèt dlo
An nou retounen nan mitologji. Sèpan an k ap bwè dlo a fòme on sèk e li se reflè fantastik noumenm ki dedouble nan parèy li, on chimen yo retrase de ble syèl a ble tèt dlo. Kont sila vle di pwofite de on moman istorik, men fòk moun fè atansyon pou ou pa vin on wou nan on machin k ap mache. Tradisyon, pratik, pito “panse kolektif” konsène chak moun nan popilasyon an, sepandan, li pa sanble chak Ayisyen aksepte responsablite li nan okipasyon Ayiti. Li klè istwa fantastik noumenm sila a senbòl li deriban trese potomitan kache fason pou chak Ayisyen patisipe nan solisyon a eprèv peyi an ap fè fas.
An nou konsidere, pa egzanp, ka kolera ann Ayiti. Ankèt Minis Sante Piblik Larsene fè demontre Flèv Latibonit lan kontamine e kolera se on maladi enpòte; ki vle di, se etranje ki entwodui li nan peyi a. Koulye a, an nou gade kouman Larsene te reyisi idantifye kòz epidemi kolera. Premyeman, envestigatè monte Mielle on sous dlo ki koule nan Flèv Latibonit. Lè yo rive Mielle, yo jwenn prèv devèsman kaka, ki sòti nan baz militè MINUSTAH, Mirebalais, nan Mielle koze kontaminasyon Flèv Latibonit.
Flèv Latibonit. (Dimafis fotograf)
Li enpòtan pou pote atansyon a etap rechèch sou epidemi kolera ann Ayiti. Envestigatè yo, pou idantifye orijin kolera, te sètsoblije monte tèt dlo. Dapre nou, apwòch syantifik sila a, Larsene aplike pou demontre Nasyon Zini responsab epidemi kolera ann Ayiti, dwe pwopaje nan diferan lòt sektè tankou politik on fason pou rezoud kriz e enstabilite pami popilasyon an.
Krik! Krak?
Rakonte istwa Amerik, Nouvo Monn, se pale de triyonf iltim libète ann Afrik, 661 ane Avan Kris, pa on seri konba pou endepandans ou lanmò ki te kontinye ann Ayiti. Nan tan n ap rakonte la, nenpòt atak kont libète mennen nan goumen lavi ou lanmò ak konbatan kè yo rele yo viv lib.
Ejip diran dènye Dinasti. (Dimafis fotograf)
Asiryen. (Dimafis fotograf)
Lit pou libète gen on istwa long. Sou tout wout pou transpòte diferan group sosyal Afrik ann Amerik, konbatan libète pa janm sispann lite. Yo goumen nan chato sou tè; nan bato sou lanmè yo revòlte e gen zòt ki te prefere plonje anba dlo. Rive Sendomeng genyen zansèt Afriken, Kolon p at janm rive mete nan esklavaj, on bann Kolonis p at janm rive donte, trete tankou bèt. Se defile konbatan sila yo, k ap goumen pou libète depi Afrik, ki reyisi genyen lagè kont Lame Fransè e deklare Ayiti endepandan. Konba pou libète, fas a konkistadò, esklavajis, kolonis, ak tout lòt libètisid, se altènatif evidan ki montre nesesite pou endijèn viv endepandan de koloni, epi suiv nati enfini.
Kesyon kouman ou ap fè viv san blan pa bizwen poze piske ou dwe koute kè ou ki rele ou viv lib. E piske libète anndan; ki vle di, pwòp fòs ou osnon pouvwa pou pa bay vag e pou ou sispann soufri, se endepandans ou lanmò. Pa gen kesyon chwazi ant byen e mal piske nou pa kapab fè otreman. Ekriti osijè Revolisyon Esklav se on mis-reprezantasyon de prezantasyon konbatan endepandans paske esklav yo te plis jwe on wòl segondè, pa egzanp bay mèt yo pwazon. Sèl diferans nou note se pami kòmandè yo, sitou sa ki t ale viv nan kominote lib andeyò nan mòn; ki vle di, yo pa t esklav ankò.
Se konsa, lavi nan Nouvo Monn, libète se on kesyon endepandans ou lanmò, grenadye alaso sa ki mouri zafè a yo, nanpwen manman, nanpwen papa pou lavi kontinye milyon konbatan brave lanmò pou endepandans Ayiti. Se sa mwen t ale wè, mwen retounen rakonte,
Pale Fransè pa vle di lespri
Granmèsi Frè Enstriksyon Kretyen, pifò Ayisyen letre aprann on Istwa Esklavaj, e on Diskou Nwaris. Istwa e Diskou sila zòt kontinye anseye misreprezante preponderans konba pou endepandans pa zansèt nou yo ki t ap viv lib nan pwòp kominote yo nan mòn, andeyò Sendomeng, koloni esklavajis Ewopeyen kòmanse ak Christophe Colomb an Desanm 1492 sou zile Ayiti Kiskeya.
Nan etap nou rive la, li enpòtan pou note pa gen okenn chèchè ki dokimante on gwoup moun ki te pote etikèt Nwa. Pawòl nèg ap trayi nèg se panse Ewopeyen pou simayen alyenasyon, zizani, divizyon, ensètitid, elatriye. Sepandan, nou jwenn “Code Esclave,” Louis XIV, Wa an Lafrans, te ranplase ak òdonans “Code Noir “an 1685. Louis XIV te sètoblije chanje Code paske mèt esklav nan Sendomeng t ap fin tiye siksè diferan metwopòl ann Ewòp. Ou k konprann poukisa li pa t on bon afè osnon biznis pou kolonis te gen dwa deside lavi ou lanmò selon Code Noir. Anplis desa wayòm ann Ewòp te vle entegre “Gens de Couleur” nan sosyete a, ki pa t janm sispann mande dyòb konesans osnon esperyans te kapab pèmèt yo fè. Code Noir te nonsèlman anpeche kolonis detui biznis, Komès Tri-Angilè ant Ewòp, Afrik, e Amerik, li te on fason pou entegre diferan klas Mèt, Afranchi, e Esklav nan Sendomeng.
Nou sipoze lavi e karaktè pèsonaj e fè ki kondui a refondasyon Ayiti se istwa mal rakonte. Istwa Ayiti, pifò entelektyèl aksepte, redui tan e espas lit endepandans pou viv lib nan on rezime Revòl Jeneral Esklav an 1791, nan fason sila li pi fasil pou makònen Endepandans Ayiti a Revolisyon Fransè ki te derape an 1789. Se kòmsi, zansèt yo te tèlman sòt, yo pa t kapab panse a libète, e sous enspirasyon yo, an nou di pito Ewòp se premye sous lespri. Byenere Ayisyen ki konnen “Pale Fransè pa vle di lespri.”
Nou pa souzestime narasyon sou Esklavaj gen gran anplè pami lelit nan monn lan piske Toussaint L’Ouverture konsidere kòm on ewo sou twa kontinan nou te deja site. Grandè Toussaint plis nan panse olye nan analiz syantifik; nou vle di, enstriktè edikasyon elitis pou alyene plis moun ke posib sètoblije reprezante omwen on esklav kòmandan-an-chèf Sendomeng, ansyen koloni esklavajis. Pèsonn pa dwe sezi peyi kolonizatè pa vle mas lan aprann anyen de Dessalines, vrè liberatè nanchon Ayisyen. Otreman, okenn nan nou pa t ap kontinye ale lekòl, e émigré nan “ville metropole” nan Kanada, Etazini, Ewòp, elatriye; ki se, vrè rezon leta repibliken egziste, asire transfè resous Ayiti a letranje.
Lekòl Mèveye osnon Ayisyen
Ak sa ki pi piti nan lanati enfini zansèt yo fonde nanchon Ayisyen. Nou anvizaje viv lib nan kominote andeyò senp e difisil pou kèk ekriven konprann. Dayè, chèchè sivilizasyon di yo pa jwenn okenn liv osnon lòt tip ekriti ki te kapab pèmèt yo etidye lavi moun an deyò. Pou nou se pa sa ditou piske lavi an deyò ap kontinye jouk jounen jodi a.
Chèchè Lekòl Ayisyen di ou dwe ekri nan menm lang pèp la pale pou ou fè mèvèy. Anfèt, Lekòl Ayisyen vin ak on mo Oralti pou esplike lavi, karaktè, pèsonaj e fè nan pi bèl zèv Literati Ayisyen tankou Gouverneurs de la Rosee, Compere General Soleil, Krik! Krak? Nan tip ranvèsman sila, pa gen dout, nou pèdi anpil pa reprezantasyon pèsonaj yo, sitou jan yo te prezante tèt yo. Ak Lekòl Ayisyen anyen p ap pèdi, pa gen konfizyon, ni pa gen nesesite okenn entèmedyè piske menm lang lan pale, ekri, chante, danse, taye, elatriye.
Chèchè Lekòl Ayisyen admèt Ayiti pa sèl peyi nan kontinan Akeriken kote te genyen kominote andeyò nan mòn pou sèten zansèt yo te viv lib. Pa egzanp, Jamayik repite pou trete Mawon te siyen ak kolonis Anglè, se menm pou Brezil kote Kilombo yo t ap viv lib, nou dwe mansyone lit pou libète nan Etazini menmsi konbatan yo pa t rive tabli okenn kominote lib. Sepandan, Ayiti diferan nan sans lit pou libète abouti a endepandans pou tout moun ki t ap viv sou zile a, epitou zòt ki t ap kouri pou tirani.
N ap esplike kontinuite mouvman endijenis, avan Saite dènye dinasti endijèn ann Afrik, jouk nou rive sou Tayino ann Ayiti Kiskeya ak lòt natif natal ann Amerik. Ou ka wè se on sèk fèmen, ki pa gen anyen pou wè ak Asiryen, Grèk, Romen. Sizoka ou pa konprann, n ap site Kwame Nkrumah, Prezidan, apre Ghana te fin deklare endepandans an 1957, te deklare endepandans lan pa vle di anyen depi gen lòt peyi ann Afrik ki poko endepandan. Kididonk, endijèn pa gen anyen pou wè ak koulè, ras, osnon fo premye repiblik nwa esklav fonde,
Bis Nectanebo II. (Dimafis fotograf)
Kwame Nkrumah. (enkoni)
Endepandans Ayiti se kòz endijèn lib ki t ap goumen pou kenbe libète piske yo te konnen otreman Ewopeyen t ap fè esklavaj etènèl. Note nou depase dyalite esklav kay e esklav teren, osnon Kreyòl e Kongo, pou nou entwodui pèsonaj e lavi endepandan tan e espas, mouvman endijenis san kòmansman, san fen, san entèripsyon k ap fè chimen li pami natifnatal toupatou sou latè.