Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Lang kreyòl kòm dezyèm lang ofisyèl CARICOM:

Jès senbolik osnon desizyon efikas?

Hugues Saint-Fort

Mwen fèk fin li yon «lèt tou louvri ak yon kaye agiman» komite pou tabli Akademi kreyòl ayisyen an ekri Konsèy minis ayisyen an. Ann atandan mwen ekri yon repons ki pi fòmèl, men kèk refleksyon rapid mwen fè sou agiman Misye Fritz Deshommes, vis-rektè lan Inivèsite LETA Ayiti prezante. Kite m di tousuit se pa polemik m ap chèche. Antanke lengwis kreyolis ki ap travay sou kesyon lang ann Ayiti depi plizyè lane,  mwen kwè se devwa mwen pou m di sa m panse sou yon kesyon konsa.  Anplis de sa, mwen renmen lang kreyòl ki se premye lang mwen pale e ke mwen kontinye ap pale malgre m ap viv lan peyi etranje depi lontan.

Agiman vis-rektè Deshommes lan genyen 4 pati ladann. Men, m ap kòmante sou 2 sèlman. Premyèman, vis-rektè Deshommes poze kesyon sa a:

Franse lang ofisyèl nan CARICOM, pou ki popilasyon, ki piblik?

Lan premye pati sa a, aprè rektè Deshommes montre li pa dakò ak pwopozisyon gouvènman Ayiti te prezante pou franse ta vin dezyèm lang ofisyèl CARICOM, li poze kesyon sa a: Ki sitiyasyon lengwistik peyi manm CARICOM yo?

Daprè  rektè  Deshommes, majorite peyi manm CARICOM yo (Antigwa ak Babouda, (Antigua and Barbuda), (Bahamas) (Bahamas), (Babad) (Barbados), (Beliz) (Belize), (Dominik) (Dominica), (Giyana) (British Guyana), (Grenad) (Grenada), (Jamayik) (Jamaica), (Sentkit ak Nevis) (St Kitts and Nevis), (Sentlisi) (St. Lucia), (Senvensan ak Grenadin) (St. Vincent and Grenadines), (Sirinam), (Surinam), (Trinidad ak Tobago) (Trinidad and Tobago)  sèvi ak lang angle kòm lang ofisyèl, sof Ayiti ki genyen kreyòl ak franse kòm lang ofisyèl, Akoz de sa, selon M. Deshommes, «nou konprann rezon ki jistifye chwa lang angle kòm premye lang ofisyèl CARICOM.» Men, daprè rektè Deshommes, «lang ki plis pale nan Karayib la se kreyòl avèk yon pousantaj apeprè 61% popilasyon zòn nan, lè nou konsidere Ayiti, Sentlisi ak Ladominik.»

Donk, rektè Deshommes frape yon agiman: kantite peyi vs pousantaj moun. Men sa li ekri: Kidonk si angle lang ofisyèl CARICOM sou baz kantite peyi ki sèvi avèk li kòm lang ofisyèl, kreyòl ta dwe dezyèm lang ofisyèl sou baz pousantaj nan popilasyon manm CARICOM ki pale li, e anplis li se lang ofisyèl peyi d Ayiti.»

Toudabò, mwen ta fè rektè Deshommes remake pakèt pwoblèm ki genyen lan etabli klèman ki sa sa vle di lè n ap pale de lang ofisyèl lan peyi Tiers-Monde yo an jeneral, men lan peyi Karayib yo, espesyalman. Ann pran yon peyi tankou Jamayik ki se dezyèm pi gwo peyi lan Karayib la,  lè n ap konsidere kantite moun ki ap viv ladann. Jamayik sèvi ak angle kòm lang ofisyèl. Men, genyen yon michan kantite popilasyon jamayiken an ki pa konprann e ki pa pale angle. Men sa yon michan lengwis ki rele Sylvia Kouwenberg ki ap anseye lan Inivèsite Mona (Jamaica) ekri:

“Jamaican Creole, known as Patwa (or ‘Patois’, in an English-derived spelling) does not have official status, and has no legitimacy in any of the public institutions through which the state interacts with and intervenes in the lives of its citizens, including the judicial system, public health care institutions, and schools. Nevertheless, Patwa is present in all these institutions, through individuals for whom it is either the dominant or the only language in which they have competence. Since these individuals speak a language in which the pertinent institutions are not prepared to conduct their business, they are disadvantaged, sometimes severely so….”

Ale wè atik “Linguistics in the Caribbean” lan revi ki rele “Journal of Pidgin and Creole Languages”, volume 26:2 2011, pgs. 387-403. (Kreyòl jamayiken yo rele  Patwa (osnon ‘Patois’, lan yon òtograf ki derive de angle) pa genyen yon estati ofisyèl, epi yo pa tolere li kòm lang lejitim lan okenn enstitisyon piblik Leta jamayiken pase pou li aji lan egzistans sitwayen jamayiken yo, tankou sistèm lajistis, lekòl ak lasante. Malgre sa, nou jwenn Patwa lan tout enstitisyon sa  yo. Se li menm, Jamayiken yo pale. Se li ki swa lang dominan yo, swa sèl lang yo pale fen e byen. Lang sa a ke Jamayiken yo pale fen e byen, enstitisyon legal jamayiken yo pa prepare pou yo itilize li lan rapò yo genyen ak Jamayiken . ) [se tradiksyon pa m].  

Donk, agiman lang ofisyèl lan peyi Karayib yo pa kenbe ditou. Menm jan rektè Deshommes poze kesyon: Franse lang ofisyèl nan CARICOM, pou ki popilasyon, ki piblik? nou ta kapab poze menm kesyon an tou pou Jamayik osnon pou nenpòt lòt zile lan Karayib la. Rektè Deshommes kesyone itilizasyon lang franse lan peyi CARICOM yo, li gen rezon paske CARICOM pa yon espas frankofòn.  Men, eske sa vle di CARICOM se yon espas kreyolofòn?

Dapre rektè Deshommes, «lang kreyòl se lang ki plis pale nan Karayib la e CARICOM se yon espas anglo-kreyolofòn.»

Genyen 3 peyi ki pale yon lang kreyòl ki baze sou franse lan Karayib la. Se Ayiti, Dominik ak Sentlisi. Men, Dominik ak Sentlisi pa genyen anpil moun ladan yo. Nannan popilasyon moun ki pale yon lang kreyòl ki baze sou franse se ann Ayiti nou jwenn yo. Donk, lè nou di ke lang ki plis pale nan Karayib la se kreyòl, nou ta dwe kouri ajoute ke se kreyòl ayisyen. Nanpwen oken mal lan sa. Okontrè. Men, se pa sa ki pou fè nou di ke CARICOM lan se yon espas kreyolofòn.

Yon lòt pwen ki enpòtan: Kreyòl ayisyen menm jan ak kreyòl dominiken, kreyòl sentlisyen se yon kreyòl ki baze sou franse. Sa vle di yo genyen estrikti gramatikal ak estrikti leksikal ki soti lan franse. Men, gen anpil chanjman ki pase lan 2 kreyòl sa yo parapò ak kreyòl ayisyen. Pandan lontan 2 peyi sa yo genyen angle kòm lang ofisyèl alòske Ayiti te toujou genyen franse kòm lang  ofisyèl. Youn lan konsekans sitiyasyon sa a, se prezans ak fòs lang angle lan de zile sa yo. Men sa lengwis Daniel Chapuis ekri lan yon etid li pibliye sou «kwéyòl» dominiken/ «patwa»: «…Dominican Kwéyòl (DM) vocabulary is heavily coloured by borrowings from English. Indeed, an interesting issue in the study of DM (as well as St Lucian) is the effect of the virtual absence of French as a language spoken by any of the natives, a situation which is decidedly different from that in  the neighboring islands of Guadeloupe and Martinique, where French is used daily and studied by all children in school. According to my Dominican informant, competence in English is fairly widespread across the island. Indeed, “Stuart (pc) notes that speakers of the creole increasingly circumvent gaps in their lexicon by switching to English, which enjoys high prestige and has been spreading at the creole’s expense” (Holm 1988: 373). Christie notes the disappearance of Creole monolinguals and a “growing trend towards monolingualism in [an] English variety” (1979:13). (Ale lan liv Comparative Creole Syntax pou li atik ki rele “Kwéyòl, or Dominican (Creole French), pg. 83-100

Kwéyòl dominiken an (yo rele li patwa) prete anpil mo lan lang angle. Yon kesyon ki enteresan lè n ap etidye kwéyòl dominiken (menm jan ak kwéyòl sentlisyen tou) se jan preske pa genyen okenn mo franse lan lang moun natif natal yo pale. Sa se yon sitiyasyon ki diferan anpil de sitiyasyon ki egziste lan zile tou pre yo, Gwadloup ak Matinik kote tout timoun sèvi ak franse toulejou, epi yo etidye li tou lan lekòl. Dapre gid dominiken mwen an, moun pale angle fen e byen prèske sou tout zile a. “Stuart te di m pèsonèlman ke abitan zile a fin abitye nèt kounye a ranplase mo yo pa kapab jwenn an kreyòl avèk mo angle. Lang angle jwi yon kokennchenn prestij lan zile a. Li fin layite kò li nèt sou do kwéyòl. (Holm 1988: 373) . Dapre Christie, moun ki pale kwéyòl sèlman sou zile a ap fin disparèt. Deplizanpli, moun yo ap pale angle sèlman. (1979 : 13). [se tradiksyon pa m].

Donk, mwen pa dakò ak rektè Deshommes lè li pale de yon blòk kreyolofòn lan CARICOM ki rele Ayiti, Dominik, ak Sentlisi. Mwen sot montre sitiyasyon lang kreyòl lan 2 zile sa yo. Mwen prèske sèten si genyen gwo diskisyon sou sijè konplike ant reprezantan ayisyen ak reprezante zile sa yo, l ap difisil pou youn konprann lòt. Lang kwéyòl dominiken ak sentlisyen ap disparèt piti piti. Se yon reyalite sosyolengwistik e  pa gen anyen nou kapab fè pou nou rete sa.

Si nou bezwen fè lang kreyòl vini 2èm lang ofisyèl CARICOM, se pou nou touse manch chemiz nou pou enpoze «leadership» nou, pou nou batay pou sa. Apre tou, rektè Deshommes siyale genyen 13 milyon moun (anndan peyi a, plis aletranje) ki pale li, san konte etranje ki aprann li osnon k ap aprann li. Men, nou dwe konte sou noumenm sèlman paske pa genyen blòk kreyolofòn dèyè nou.

Avan tout lòt bagay, nou dwe kapab mete lòd lakay nou sou kesyon lang lan. Nou dwe estandadize lang kreyòl la lan tout aspè li, sentaks, mòfoloji, leksik,  devlope yon POLITIK LENGWISTIK  ann Ayiti,  ranfòse etid  kreyòl lan tout nivo ansèyman ann Ayiti, fòme pwofesè ayisyen yo pou debarase peyi a de lekòl bòlèt. Lè sa a, lè devan lakay nou pwòp, n a kapab mete lang nou an lan nivo li ta dwe ye pou li fè 13 milyon kretyen vivan ki pale li a, onè.

Hugues Saint-Fort

 Viré monté