Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Sant lanmou

Jonel Juste

Si lanmou te gen yon odè
Li t ap gen sant tè
Ki monte nan nen w
Lè lapli fèk kòmanse tonbe
Lanmou t ap gen sant van
Ki pase anba wòb
Li t ap gen sant rèv
Ki sere anba zòrye
Li t ap gen sant Anayiz
Ki soti nan mache
K ap mache tou swe tou bouke
Pou l al jwenn Mannwèl anba raje

Jonel Juste, Astres et Désastres, Editions Marginales, Miami, Mai 2022

Odeur d'amour

Si l'amour avait une odeur
Il aurait l’odeur de la terre
Qui monte au nez
Aux premières gouttes de pluie
L'amour sentirait le vent
Qui s’aventure sous les robes
Dans la chaleur de l’été
Il sentirait les rêves
Coincés sous les oreillers
L’amour aurait l’odeur d'Anaïse
Qui revient du marché
Pressée de retrouver Manuel son amoureux
Sous les buissons
Aux sources de la vie

Jonel Juste, Astres et Désastres, Editions Marginales, Miami, Mai 2022

*

 Viré monté