Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kisa ki nan tou a ?

Yon istwa

Jonel Juste

krapo

Photo Francesca Palli.

M sonje yon bagay ki te rive m yon fwa pandan m te Lazil. M te timoun lè sa a. M te ka gen 5 al 6 zan konsa. Men anvan m rakonte n sa ki te rive nan, fòk mwen di n nan ki kondisyon m fè rive Lazil kèk ane apre m te fin fèt nan Pòtoprens.

M te fèt pi presizeman nan komin Kafou. M te gen 3 frè, men youn ladan yo te mouri yon ti tan avan m te fèt. Yo di m li te rele Valmi. M pa t janm konn figi Valmi, m pa menm sonje si m te wè l nan foto. Li te tèlman mouri bonè petèt yo pot ko fè foto pou li. Men manman m te toujou ap pale m de frè sa a m pa t janm konnen an e ki jis jodi a ret grave nan lespri m tankou yon mistè, yon devinèt ki san repons. Se lanmò Valmi ki ta pral lakoz yo pimpe m Lazil pou m pa t mouri menm jan ak frè m nan.

Lè manman m t ap pale m de defen an, li te toujou gen emosyon nan vwa l. Sa ki nòmal, se te premye pitit li. Lè m mande l kijan frè m nan te mouri, li te rakonte m yon istwa m pa janm bliye jouk kounye a. Manman m te di m lanmò Valmi pa t yon bagay senp, kòmkidire se pa t lanmò Bondye men lanmò lèzòm. Katye kote n te rete a te gen repitasyon gen anpil lougawou ladan l. E dapre manman m, se youn nan lougawou sa yo ki ta manje pitit li a. Se sa l te kwè antouka. Li te menm ban m non lougawou a, yon non m pa ka repete la a sizoka moun sa a ta toujou vivan. Se te yon vwazin nou. E menm lè m te tounen Pòtoprens apre kèk ane Lazil, manman m te toujou aprann mwen di vwazin sa a bonjou pou l pa fè m mechanste. Se konsa depi m pase devan pòt kay li m te toujou salye l, men se plis paske m te pè l.

Manman m ak papa m te vin antre Pòtoprens nan ane 1960 yo e yo te tabli la. Yo te kòmanse fè timoun la epi tanmen bati yon kay ki ta pral pran plizyè lane pou l fini. Pa t gen mwayen pou bati kay la yon sèl kou, se tanzantan paran m yo te fè yon ti travay ladan l jiskaske l fini.

Paran m yo te pèdi premye pitit yo te fè Pòtoprens lan e sa te fè yo mal anpil. Donk yo te tèlman pè pou menm bagay la pa t rive m, yo te voye m al kache nan zòn kote yo te soti a. Yo te voye m nan peyi yo. Se konsa m te ateri kay grann mwen, Madan Sonson. Grann mwen t ap viv nan yon kay ki te chita sou plizyè kawo tè, kontrèman ak jan paran m yo t ap viv nan Pòtoprens.

Pòtoprens se yon gran vil ki peple, yon megapòl kote popilasyon an ap viv moun sou moun. Se te epòk kote anpil moun t ap kite pwovens pou antre nan kapital paske lavi te kòmanse rèd nan zòn andeyò. Lavi peyizan te vin enposib, anpil ladan yo te pedi bèt yo, anpatikilye kochon kreyòl yo te touye poutèt pès pòsin. Latè pa t vle bay ankò, epi lè yon siklòn pase li te ravaje tè yo, pote tout zafè moun yo ale. Donk pou anpil peyizan, sèl espwa yo se te antre nan yon gwo vil kote yo panse yo te ka jwenn yon alemye, kote pitit yo te ka gen yon avni.

Se konsa paran yo m te imigre Pòtoprens, yo te jwenn yon bout tè nan komin Kafou epi yo te kòmanse bati kay, elatriye. Men bagay la pa t fasil pou yo paske yo te gen moun ki pa t vle wè yo epi ki t ap pèsekite yo nan zòn nan. Gen vwazinay ki t ap ba yo pwoblèm e se nan konsa yo te pèdi premye pitit yo. E se konsa m te oblije al fè konesans ak peyi kote paran m yo te soti a.

Yo te voye m kay grann mwen an, manman manman m, yon bèl ti granmoun bwòdè ki te renmen abiye. M pa t konn grann sa a non plis, se Lazil m te vin fè konesans ak li. Kèk fwa m ap reflechi, m di tèt mwen petèt egzil mwen Lazil se te yon bon bagay. M sonje se la m pase kèk nan pi bèl ane nan lavi m. M te grandi nan yon savann ki te benyen ak limyè, libète epi lawouze dimaten. M te ka kouri ak tout vitès ti janm mwen ki t ap pran manm. M te konn al benyen nan rivyè, m te ka wè solèy k ap leve epi kouche, manje tout kalte fwi nan jaden. M panse sa t ap diferan si m te pase premye ane anfans mwen Pòtoprens. Se t ap de reyalite diferan. Andeyò, moun benyen larivyè touni san yo pa enkyete pou moun k ap gade. Se te yon laj inosans.

Lòt diferans m te remake ant kapital la avek Lazil se tout espas ki te genyen yo. Tandiske n te antoure ak vwazinaj Kafou, kote m te ye Lazil la pa t vreman gen vwazinay. Fòk ou te mache anpil avan w resi jwenn yon lòt kay, anvan w resi kwaze ak lòt moun. Donk se konsa n t ap viv nan inosans, ak chan kòk k ap reveye n lè maten, ak solèy k ap antre nan chanm nou toutouni epi reveye n ak reyon li yo ki byen dous. Nou t ap vi nan ensousyans, kay yon grann ki te renmen n anpil. Nou pa t bay lavi regle anyen pou nou.

Epi se lè sa a bagay m te di nou nan kòmansman iswa a te rive m. Nan gwo lakou kote n te rete a, te gen yon bann gwo pyebwa. Youn ladan yo te chifonnen lespri m anpil paske pyebwa sa a te gen yon gwo tou nan mitan l. Kòm timoun fouyapòt, m te  toujou vle konnen sa ki te nan tou a. Grann mwen ki te konnen m kòm yon tantafè te toujou di m pa al fouye tou a pou m konn sa k ladan l. Men lè m te mande l sa k ladan l, li te derefize di m. Se konsa granmoun yo ye.

Paske grann mwen te ban m lòd pa chache konnen e paske l te refize di m, sa te vin fè m pi anvi konnen toujou. Ou konnen lè w timoun, depi yo di w pa fè yon bagay, se kòm si se ankouraje yo te ankouraje w fè l. Timoun toujou vle konnen pouki yo entèdi l fè tèl ou tèl bagay, se yon bagay ki chouke byen fon lakay lòm menm. Tout sa yo entèdi l, li pi anvi fè l. Bondye te di Adan ak Ev pa manje fwi a men se sa yo te fè menm. Donk se pa fòt nou, se kote premye paran n yo nou pran vye abitid sa a. Abitid se vis.

Pou mwen menm se pa t yon fwi grann mwen te defann mwen manje, men se toujou yon zafè pyebwa. Pyebwa a te wo, li te laj, li te bèl. M pa sonje ki pyebwa l te ye, si se te mapou, bwadchenn, gayak. M sèlman sonje tou ki te ladan l lan. Moun yo toujou ap rakonte pyebwa yo gen bagay ladan yo, kòmkidire yo pa senp. Antouka, sanble pyebwa ki te enterese m nan te gen yon bagay kache ladan l, e m te sèmante fò m konnen sa l te ye.

 M te reve pyebwa sa nan nuit e lespri m pa t ap anpè toutotan m pa t pèse mistè gradoub sa a. E sèl mwayen pou m te konnen, se te pran yon ti bwa pou m foure anndan tou ki nan pyebwa a epi djigèt sa ki anndan lan. M pa t ka fè sa pandan grann mwen te la. Donk yon lè pandan Mdan Sonson te soti, m pa sonje kote l te ale, si se nan mache, si se larivyè oubyen legliz, m pran kouraj mwen ak de bra, m pran yon ti bwa epi m mache sou pyebwa a. M sonje m te tande yon vwa nan zòrèy mwen ki t ap di m non pa fè sa men m pa t deside koute l. Fò m te pwofite pandan granmoun nan te soti a pou m te rezoud devinèt sa a. M lonje ti bwa a epi m foure nan tou a.

Lè m fouye pyebwa a, kisa w konnen ki soti ladan l? Yon gwo manman krapo! Bèt la vole sou mwen, m rele anmweeeeeey, m sot tonbe atè, m woule epi m leve m pete kouri m al kache anndan kay la. Pandan m ap kouri a se kòm si m te tande yon vwa k ap ri byen fò dèyè m nan e k ap di: M te pale w, tank ou tantafè! Se bon pou ou! Ou bat kò w twòp!

Eksperyans sa a make jouk jounen jodi. Finalman moun yo te ge rezon: pyebwa a pa t senp, li te gen yon bagay ladan l: Yon gwo krapo! Jouk jodi a m pa konn kot krapo sa a pase, m pa konn si l te tounen nan pyebwa a oubyen si l t al chache yon lòt kay pou l rete.

M pa janm sonje si m te janm rakonte grann mwen epizòd sa a nan lavi m. M pa kwè m te janm di l sa paske m te wont epi m te pè pou l pa t ban m yon bèl kal lè l tande m te dezobeyi lòd li. Depi jou sa m respekte tout tou ki nan pyebwa, m pa janm al fouye yo pou m konn sa ki ladan yo. Ou pa janm konnen se ka yon michan krapo.

Jonel Juste

*

 Viré monté