Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Foli lapli, pou Yanick Lahens

Joubert Joseph

Foli lapli se foli Yanick
Yon ti gout
De ti gout
Twa ti gout kè kontan
Nou fou ak tout fòs lapli
Nan Lenbe
Fè nwa ak limyè
Pa gen lodè
Si n pa pale se fòt kiyès?
N ap detrese silans
Ak tout fòs foli
Pandansetan lapli ak foli se marasa
Youn mayande ak lòt
Nou ka dekole yo
Men si n fè sa
Menm lenvizib ap kont nou
Nou tout konnen se loraj
Ki desinen rèv
Sou pwent tete fanm gran ri
Nan moman lapli
Yanick e si foli a monte n
Ak gwo solèy cho?
E si lapli pran tonbe
Nan absans foli?
Depi dlo je n kont
Pou plen lanmè
N a ekri yon woman
Ak batman kè n.
.
Joubert Joseph, powèt.
Powèm sa-a ekri 26 novanm 2015 nan jaden bibliyotèk Georges Castra nan
Lenbe nan okazyon remiz pri Joseph D. Charles a Yanick Lahens.

boule

 Viré monté