Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Mwen renmen lanmò

Joubert Joseph

Mwen renmen lanmò

L'envers qui est l'endroit

Se konsa m chita
M ap graje lespwa
Nan kòd gita m
W annik parèt
M gen vètij
M annik gade w
Kò m fè yon sèl
Ak lonbray mwen
Chak jou
M pase bò lakay ou
M ap ranmase
Epi kole-pyese rès souri w
Pou m wè
Si m a jwenn sans lavi
Bridsoukou
M anvi klere
Tout ti fè nwa
Ki nan kè w
Ak solèy mwen
Lonbray ou
S'on tonèl
Kote tout flannè
Vle vin kache
Pou solèy mizè pa klere yo
M anvi santi souf ou
K ap monte desann
Nan mitan silans mwen
Fòm kò w
S'on chema
ki twò lou pou papye
Se pa fòt mwen
Si m anvi di w
Yon pawòl dwategòch
Lanmou ki nan kè m nan
Pa konn doulè gramè
Li degaye tout règ
Ki nan tèt mwen.

Joubert Joseph, powèt.
8 jwiyè 2015


C’est comme ça que je suis assis
Je râpe l’espoir
Dans les cordes de ma guitare
Tu m’es apparue
J’en ai eu le vertige
Je n’ai eu qu’à te regarder
Et mon corps s’est fondu
Dans mon ombre
Chaque jour
Je passe près de ta maison
Je ramasse
Et colle les restes de ton sourire
Pour que je vois
Si je trouve le sens de la vie
Brides au cou
J’ai envie d’éclairer
Toutes les ombres
Qui sont dans ton cœur
Avec mon soleil
Ton ombre est une tente
Là où tous les flâneurs
Veulent venir se cacher
Pour que le soleil de la misère ne les éclaire pas
J’ai envie de sentir ton souffle
Qui monte et qui descend
Au milieu de mon silence
La forme de ton corps
Un schéma
Trop lourd
Pour le papier
Ce n’est pas de ma faute
Si j’ai envie de te dire
Une parole à l'envers
L’amour qui est dans mon cœur
Ne connait pas de douleur grammaticale
Il désordonne toutes les règles
Qui sont dans ma tête.

Joubert Joseph, poète.
8 juillet 2015| Traduction: Gérald Bloncourt

 

boule

 Viré monté