Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Vag Lanmè

James Stanley Jean-Simon

Niche pye m kantite fwa w vle
Ak dlo je ak lanm ou
koulè w va rete sou kè m

pentire m ak mezi krache w
ak mezi vag ou yon van ale
yon vag tounen

W'a aprann mwen bwode
yon wòb dantèl
M'a tou tranpe rèv mwen nan pye w

boule

 Viré monté