Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Si yo mande

James Stanley Jean-Simon

Si yo mande pou mwen
Di m al mezire rèv nan longè powèm lan
Mwen al abite chagren
nan koulwa k' pa gen pòt

Solèy mouri nan pwent dwèt
k'ap keyi l anba zepòl

Ou abiye m nan kò w
chak lè w ou chanje po
ou kanzo
nan chak mo ki boule powèt la

boule

 Viré monté