Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Gade m cheri

James Stanley Jean-Simon

Gade m cheri
Pou w ka ede m klere chimen
m pa konn pri zanpoud
zafè! m mèt peye l pri wotè tete
pri wotè pla men 

yon bèl kout je
se sa m vle boukante avè w
cheri koupe m kout je
blese lavi m pa tranch
Pou je w ka ba m lan men

Lè je w limen amou
Yon kouran 100 mil vòlt pati
al atrap mwen jouk nan kè
m mò depi nan rèv
lanmò m se prèv
ke ou fout renmen m

Lè je w tounen pyebwa
kò w grandi m nan forè l
lanmou se bèt sovay

Gade m pou
jounen an sispann fè grimas
jwe marèl nan do lalin
konsa w a etenn fènwa sou vizaj mwen

James Stanley Jean-Simon, (in Pye Douvan, inedi)

 

boule

 Viré monté