Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Dòmi dous Photo F. Palli |
Se nan je w
m mouri chak jou
lè pwezi vle bwote m
lè somèy frèt nan je m
nan mitan powèm lan
M kabicha kabicha m
vlope nan bra w
pou van pa volè m
kè m san plas pou lanmò
m dòmi drèt anba galri
nan popyè je w
anndan souf ou
mo nou wonfle nan menm kabann
James Stanley Jean-Simon (in Pwezi Vakabon)