Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Bwadchenn
Bwadchenn

Kont/Lodyans

James Stanley Jean-Simon

Bwadchenn

Pou tout zanmi ki chita nan fon kè m
van pote ale
Pou tout lòt
Memwa danfans mwen
pa pre efase

Pou James Thierry Cédric Jean-Simon

I
Jou Pòtoprens fèt ou ta di manman l
te bliye koupe lonbrit li
sak fè tout moun ret kwè
jouk jounen jodi
Bwadchenn se kod lavi
mòso beki k'ap pote vil la
jouk li rive trepase

II
San di pètèt
laverite a
pensonn pa konnen l
Istwa sa long
bouch twò piti pou separe l !

III
Bwadchenn pou n di
pensonn pat konn istwa l
poutan istwa l te nan tout bouch

IV
Gen ki di Bwadchenn s'on manman lougarou ki kase chenn chak dat lapli. Pèsonn pa sèten , pèsonn tou pa di pètèt.Men sak konn pati dèyè l di li konn bwote soulye, li konn bwote chòdyè, pote manman kochon ale, zagribay, moun tèt drèt tankou menm moun fou. Jouk nan demè labalèn.

V
Gen lòt ki di :ohh! Bwadchenn s'on tijenn fi papa bondye pliye dra sou vijinite l. Lòt malpalan di Bwadchenn janbe manman l li pa janbe papa l...

VI
Sèl bòs Siyis, yon ansyen machann pen, ki te fè djòb kòdonye tou, ka konfime si Bwadchenn se yon nonm oubyen yon zanj. Si lapolis depi tan Jènral Bowòm te lage dèyè l pou opozan. Oswa fè l al bwa chat pou derespektan, konplo kont lasirte dLeta...

VII
Sèl grandèt sa, Bwadchenn te rakonte istwa l daprè moso pawòl yon sèten Wawoul (lanmò fè vwèl ak li depi kèk tan), ka separe avèk nou yon mòso miwa. Alòs mòso istwa rivyè a.

VIII
" Jou yo potko konnen si yo ta pran yo nan almanak. Lò Bwadchenn tap boujonnen. Bwadchenn se te yon ti ravin pye bwa ozalantou te viwonnen san eseye toufe l. Lè sa Branch bwa te kouvri peyi a soti mòn Boutilye rive pye Katedral. Vil la te potrè yon bèl ti jenn fi tout flannè kou jòkma t'ap seye file"

IX
"Vil la lè sa te fenk ap monte Katye Bwa Vèna bay lan men ak Pako fenk fè bèl maryaj nan pye Tijo. Vil la te kouvri ak bèl kay chanmòt ou ta di tan an bliye fèmen fenèt sou yo oubyen bliye pote yo nan tonm."

X
"Lò sa kafe, kanpèch ak lòt danre te kouvri peyi a. Yon kolonn bato letranje te konn vin tann vwèl yo sou waf ki chita nan pye vil la..."

"Bwadchenn wa eskize m souple, si m rapyese ak yon mòso krache, motamo bout listwa w".

XI
"Premye fwa Bwadchenn frape pòt kè m se te yon dimanch maten. Solèy potko louvri dra l sou peyizaj. Se te premye jounen ki te louvri men ban mwen Lakapital apre yon vwayaj difisil depi Okaydifon. Pòtay Yogann mwen te kontre bab pou bab ak manzè Bwadchenn".

Youn pandan yon ti tan t ap gade lòt, jouk rivyè a te lonje  lanmen ba l .

XII
"Lò sa vil la potko fò nan moute mòn. Li potko yon vil apik pano".

XIII
"Bwadchenn ak bèl ti wòb : wa banda pa w! Te toujou pwòp. Li te gon ti wòb kristal ou ta di li pa janm wete l. Timoun yo te desann detanzantan ladann al tranpe rèv yo mouye chans yo. Lesivèz pat ka lave pi blan, pi pwòp si rad vil la pat lave nan kristal Bwadchenn."

XIV
"Plezi pa m se te desann wè medam yo aprè gwo jounen ak batwèl, kim lesiv nan men, k'ap kouri dèyè fatig, ap sekwe swe sou kò yo. M t'anvi tounen timoun pou m pran mango pou m fè tòtòt. Tan ale, ah! pa tan jodi" .

XV
"Kèk jou ravin lan konn pa gen dòmi nan je. San rad, li pran lari. L'al benyen sou pewon. L'al fete nan lakou. Foure bouch li nan koze moun. San l pa mande pèsonn.Epi kouri al rann tèt li nan lanmè... Lè sa jou yo frajil kou blan ze arebò asyèt. Anba lapli."

XVI
"Gen moun ki lonje dwèt jouda yo byen long pou pale mal, vye gran moun lan, adye, di bòs Siyis, Bwadchenn sèl ki ka di n koze k' pale twò lou pou bouch, si se nan twòkèt pou yo mete l.

Bwadchenn sèl" ... koute m
ma di w...

XVII
Istwa a bòs Siyis pat rive konnen, ( pètèt Rivyè a pat pran tan separe mosò listwa sa avè l, m pa konn pouki...), Bwadchenn pat toujou yon ravin osnon yon rivyè. Sa gen lontan. Se te yon jèn tifi ki abite tou pre mòn Lopital. Li t'ap viv ak fanmi l nan yon bèl ajoupa twa pyès. Li te sèl pitit fi.

XVIII
Bwadchenn te gen on kolonn frè. Wòl li se te al nan mache ak bwote dlo nan sous. Misye sa yo:  w a jalou pa w! Pat gen tankou yo. Mouch pat dwe poze akote sè yo a. Travay pa yo se te met yon souri nan bouch latè.

XIX
Jounen mache se yon bèl eksperyans pou demwazèl Bwadchenn. Se te okazyon an ò pou l te wè yon lakansyèl visaj k'ap defile, fè lanavèt sòti anwo rive jouk anba. Se te jou pa l pou l fè pwovizyon lavil. Vann tout danre. Aprè pike moute lakanpay, ak panyen l tou chaje. Yon jou konsa, jèn demwazèl la kontre bab pou bab sou chimen l yon ti bonònm. Ti bway la te byen banda e bon jènjan... Piti piti... bèl koze t'ap soufle; pawòl fre t'ap fofile antre nan zorèy, jouk rive poze nan fon  kè ti demwazèl lan...

XX
Firamezi jou tap pase mesye dam yo te pi vin fou. Kidonk pi damou. Lavi te pran lòt koulè sou figi jèn fi an... Bò sous dlo a se te chimen  yo kase bèl rankont, randevou anba yon pye sapoti. Lalin te chanje wòb, chak jou se te konsa.

XXI
Bridsoukou! Yon jou konsa, youn nan kolonn jalou yo vin banke sou anmoure yo... Pawòl lou te pati tankou galèt wòch. Sa te rete la. Babye,  machwè gonfle manzè Bwadchenn te rantre lakay li.

XXII
Konsa yon jou, Bwadchenn al nan mache. Towo jalou an an bon grenn senk te sispèk ti jennonm pral tann Bwadchenn nan  bout chimen... Li abiye tèt li ak yon wòb demwazèl la te renmen mete. Jounen an t ap koule swa anba solèy, nan zegwi mont... Ti jènnonm lan wè wòb la ap vini. Pat rive sezi se lonbray Bwadchenn pito yo t'ap trennen ba li. Li kouri al kontre wòb la. La pou la towo jalou a fonse... sou tibonònm lan. Li pete yon eskonbrit avè l. Trapde, aprè kèk mawonay, Li trangle l. Epi trennen kò san vi a bò sous la.
XXIII
Apremidi te fin tonbe sou tout do kay. Lè manmzèl te tounen. Li etone l' pa kontre Tibonònm bò chimen an. Konsa, san pale ak pensonn, li pran yon so. Devire dèyè kay la. Pran chimen ki mennen nan pye sous la.
XIV
Bwadchenn te prèske rive bò sous la. Lè zye l dekouvri yon koze malouk. Li pwoche. Sezisman! Rèl te gaye tout alantou sous la. Dlo nan je l pat sa seche. Dlo telman te ponpe sòti nan je l nan kò l alafen tout dlo sa yo te fè Bwadchenn tounen yon rivyè. De kò yo te disparèt. San pèsonn pa konnen. Jouk jounen jodi!
XXV
Gen sa ki di sèl Bwadchenn konn ki mò ki touye lanprè ak tout konplis... O wi sèl bwadchenn ki melanje nan yon senfomi krache zotobre ak rigòl pise pòv malere. Sèl lakou lakay li galèt anwo konn menm frechè ak biswit leta. Sèl sendou sa a pote tout sant tout move vi tout move mès vil la, jounen jodi.

XXVI
"Bwadchenn do w laj
A la pale yo pale dèyè do w
yo di pawòl kwochi
W bwete ak pawòl dlo"

 

boule

 Viré monté