Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Fouad, Publié le 2019-03-13 | Le Nouvelliste
Pye poudre, André Fouad • Éditions Jebca, Boston • 2018 • $10.00. |
Oktòb 2018, André Fouad pibliye Pye Poudre, sou lobedyans Editions Jebca. Se nevyèm liv powèt la (2 premye yo te ekri an fransè), donk se setyèm li ekri an kreyòl, sa ki montre angajman otè ya pou avansman lang kreyòl la. André Fouad pa kontante l ekri powèm, li se youn nan dizè ayisyen ki pi popilè, kit an Ayiti ke aletranje, kote l bay menm moun ki pa twò enterese nan zafè pwezi chans pou yo dekouvri oubyen rekonekte ak bèl pawoli.
Tit liv la baze sou mo pyepoudre, ki dekri moun ki renmen pwomennen, ki pa rete an plas, ki vwayaje anpil. Moun, tankou Andre Fouad, ki devlope yon relasyon espesyal ak lari, ak vil, ak peyi. Depi nan premye vè yo, li di l se yon nèg Kongo «kote solèy reve», men ki dekonstonbre nan Lamerik, yon nèg Yoruba «kote solèy leve». Sou «wout pa bò isit ki se chaplè remo», powèt la sonje peyi l kote solèy ap gaspiye. Lòt bò dlo sonnen tankou yon prizon lanèj, kote menm lanmou «tounen pwazon vyolan». Eske se lanmou «ti fanm kayimit vyolèt» sa ki «reve rèv lavi ansanm» ak powèt la?
Pi devan, powèt la kite wout yo pou l pale de vil «k ap kouri dèyè lòt vil parèy yo/Vil ki mawonnen nan vire tounen/Twal arenyen sou panno kay». Powèm sa yo raple nou Iléus Papillon nan powèm «Peyi a pa la», men André Fouad pa annik pase vil yo an derizyon, li eksprime lanmou l pou yo: «Chak vil mwen goute ret andedan m pi fon», «Chak vil mwen wè/Ret sou chimen m/Chak vil mwen wè/Panama m tonbe pou yo».
André Fouad se yon powèt pyepoudre: «Mwen son pye poudre/Lari deboukante», men li pa janm bliye peyi l. Anpil fwa, solèy la se yon metafò pou lakay: «Mwen ak solèy/Nou se marasa dosou», «M anvi wè bèl solèy ki danse kou mabouya». Pati sa nan rekèy la chaje ak imaj, powèt la kite souf li pawoze de yon tèm a yon lòt, men devan entansite nostalji li, se a klè li eksprime tristès li: «Dlo nan je m vide an gran kantite/Jou premye janvye/Nan vil Mayami».
Pi devan, powèt la vlope plent li yo ak lanmou l pou metrès li. «Son flèch k ap mennen m kote w/Kidonk flèch sidès la...Son flèch vil la ‘Jakmèl’ k ap mennen m.» Relasyon l ak fanm sa fizik, tankou relasyon l ak solèy la, vil yo, lapli, lanmè, mo yo: «Kò w pale avè m/Menm jan ak mo yo». Metrès la se e bato e lanmè, li se tout pou powèt la: «Kite m antre nan bato w/Pou m navige sou lanmè w». Lanmou fè powèt la «Pale/Depale/Jebede/Bejede».
Liv la fini sou deklarasyon lanmou powèt la pou Pòtoprens: «Pòtoprens cheri! Pòtoprens tololo!» Apre tout monte desann aletranje, apre tout vil li vizite, tout wout li siyone, tout lanèj li pele, tout fredi li sibi, se nan pye Pòtoprens li vin konfese: «De pi m piti mwen koke foli m nan fil jipon w». Se komsi l vin mande kapita l la padon, deske l te kite l, deske lòt solèy tache zye l, deske lòt lapli rafrechi po l, deske l se yon powèt pyepoudre.
Mario Malivert