| Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
| Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Si Pwezi m te Yanick Publié le 2025-11-13 | Le Nouvelliste
|
M ta kite lalin benyen m,
Dezabiye m,
Pou m pentire lorizon
M ta ale toupatou,
Pran foto
Kantite wòch nan Karayib la.
Lakansyèl lanmize lawont
Krache sou yo.
Mezi m konnen,
Mezi m kapab,
Pou m kite moso lanmè kouvri m.
Byen lwen, byen lwen,
Byen lwen, byen lwen,
M ta di w : Viv prentan.
*

