| Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan | 
| Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire | 
Potrew ap defile nan chak vwayel powem nan
            
          potre w ap defile nan chak konsonn chante a
potre w ap defile nan chak kod bwat gita sa
          potre w ap defile nan chak raleminvini vag lanme sa
          
Kem son gwo boulva
          boulva Harry Truman
          Boulva Ste Katrinn
          boulva Jan jak Desalin
          <<Le Boulevard de toi et moi>>
Kem son gwo boulva
          ba li koule ou vle
          ki koule
          koule pou kew gwo kalfou
          repozwa jibilasyon lanmou
          woloy, wololoy, wololoy
Aswe a kem mouye ak chagren nan potoprens
          chagrenm monte barikad diset ote
          sim pa fe atansyon l'ap fese'm ate
          Mouye menm ak sous dlo nan kow
          mouye kem ak sous dlo nan jew
Kem son gwo boulva
          Boulva Harry Truman
          boulva ste katrinn
          boulva jean jak desalinn
          <<Le boulevard de  toi et moi>>
Kem son gwo boulva
          mache ladann
          abite ladann
ANDRE FOUAD
          CHIMEN SOUVNI"M
