| Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan | 
| Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire | 
Yon elatriye vil flannen
nan je ble'w toulejou
          
mwen pa konnen kilo ou te  vwayaje
            gen moun ki di se vre
            gen lot ki di se nan rev sa te pase'w
yon elatriye kalte fle grandi nan rev sa
gen moun ki di se vre
            gen lot ki di se nan rev sa te pase'w
rev marye koule chak vil andetres
            chak fle nan jaden
            chak janb de bwa nan  kanaval
chimen chak rev mennen kichoy
            pou la te anpedvites
            anped damou
gen moun ki di se vre
            gen lot ki di se nan rev sa te  pase'w
gen chimen vil pou'w konte sou  dwet ou
            gen chante zile pou'w pa bliye
            tankou yon priye katechis.
