Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pou Georges Castera

André Fouad

Photo: Le Nouvelliste

Lanmò grenpe
tankou yon makak
nan tout kò powèm ou
nan tout la ri ou we.

Ou twipe'l
ou lonje dwèt jouda’w sou li
ou dil la voum
frenk.

Ou bay lannwit lanmou
pou ti moun leve danse, jwe
ak ponyen pidetwal
nan pla men yo.

Ou louvri letènite pou peyi a
kraze zenglen tenèb.

Mo ou yo
Fè gwo van mande padon
se chante lobo
zwezo chante.

Pyès moun pa detounen
pyès moun pa bliye
pou tout moun rekòlte
pou tout moun desinen.

*

Viré monté