Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

5 Kob Penich

André Fouad

Soley koupe fache ave'm depi 3 jou
se te tan madigra nan peyi'm
branch pawol mwen aliyen sou gran chimem
branch pawol mwen aliyen tout kote'm pase

m'anvi diw yon lot pawol

yon pawol ou pa janm tande
yon pawol ou pa janm reve
yon pawol ou pa janm desinen
yon pawol ou pa janm we ki defile nan akwaryom la vi'w

yon pawol la vi
yon pawol lakansyel
yon pawol tou limen

m anvi di w yon pawol la foli
m anvi di w la foli se yon gwo sevolan papye fen
li vwayaje le li jwenn van
van ti lesepase'm
van ti frerejakem
van ti domevou'm
van van van

van ale ak posesyon pawol mwen byen lwen
deye mon belans peyi granme m kote papa'm
m anvi di w depile sa le ou vle le ou pi pito
se ak cheve w m aprann trese rev bouklet mwen

Viré monté