Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Raoul Guillaume

Yon Mizisyen An Gran Jan

7 Desanm 1927- 29 Novanm 2020

Yves-Mary Fontin

Mizisyen Raoul Guilaume mouri jounen dimanch 29 novanm 2020 an, a midi edmi lakay li nan Delma, Ayiti. Ansyen lejand Ayisyen an pèdi lavi li kèk jou avan 7 desanm ki se jou li ta pral selebre 93 rekòt kafe sou tèt li.

Raoul Guillaume kite etidye kontablite, te aprann prenye nòt mizik li nan lekòl Saint-Louis-de-Gonzague. Se yon mizisyen Ayisyen ki te chaje ak talan. Li te jwe saksofòn (alto), li te yon chantè, konpozitè, mayestwo, powèt e blagè. Msye Guillaume te jwe e mare yon kòkòday ak saksofòn li nan yon lòt nivo. Li te jwe nan lòkès Issa El Saieh avan li te vin kite pita. Aprè li te al bay sèvis nan plizyè lòt group kòm mizisyen oubyen kòm manm fondatè tankou:Lòkès Kazino Entènasyonal, Lòkès Radyo Nasyonal d Ayiti, Group Raoul Guillaume. Li te gen chans tou pou l jwe bò kote anpil lòt gwo mizisyen Ayisyen tankou: Nemours Jean-Baptiste, Webert Sicot, Guy Durosier, Joe Trouillot, Romain Raoul, pou nou site sa yo sèlman.

Pandan lavi li, mayestwo a te resevwa anpil lonè ak merit pou kontribisyon li nan soufle bon jan van pou ede mizik Ayisyen pike pou pi devan. Nan ane 1964 konpozisyon mayestwo a "Vive le football" te jwe anpil nan estasyon radio an Ayiti ak peyi Lafrans. Anpil atis Ayisyen kou etranje entèprete konpozisyon Guillaume yo: Brandford Marsalis, Mikito Ozuma, Oscar de la Pointe, Tipico Cibaeño, Sonora Matancera, Los Jao, James Germain, Buyu Ambroise, Ju kann, Emeline Michel, Jean-Jean-Pierre, elatriye.

Mayestwo a mouri kite twa pitit fi dèyè. Raoul Guillaume se te tankou yon liv istwa mizik Ayisyen an ki te rete tou louvri pou tout moun ki te vle aprann. Youn nan istoryen Ayisyen yo, Michel Soukar te pibliye yon liv sou lavi ak travay saksofonis lan ki rele "Raoul Guillaume et sa musique", C3 édition, 2015. Selon deklarasyon msye Soukar, konpozitè a te fè dènye jou l yo ap ekri yon seri de patisyon pou tanbou, yon esntriman li estime ki merite plis valè paske nan tout mouvman pèp Ayisyen an tanbou toujou prezan.

Bi kò Raoul Guillaume prale, men nan fon kè tout tizè mizik Ayisyen kou etranje l ap toujou rete vivan. Nou pap janm bouke tande konpozison li yo ki pa janm pase mòd: "Lavi mizisyen", "Ma brun", "Madan Brino", "Yoyo", vComplainte paysanne", "Peze kafe", vVoisin, voisine", "Vive le football" ak anpil lòt ankò.

Antèman saksofonis Raoul Guillaume ap chante nan legliz Senterèz nan Petyonvil, jounen vandredi 6 desanm 2020 an a dizè nan maten, daprè sa Rachel premye pitit fi li deklare.

Yves-Mary Fontin

*

 Viré monté