Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

88 kout kanno pou Frankétienne

Yves-Mary Fontin

Grande Pointe

Photo Francesca Palli

Ewa zetwal ewa kaptèn
Wonsi kanpe sekwe fèy bazilik
Sèt kout zèklè yon ponyen sèl
Van leve rido
Pou Dantò pase
Foukifoura foukifoura Foukifoura
Nanm ou nan nou
Konviksyon w se konviksyon n

Ou te getan chante adye w
Depi jou w te ligide twal zantray ou
Pou fè lawouze tonbe Ravinsèch
Jou Madan Kolo deside temwanye
N ap konprann tout mak san
K sou jipon tout fanm nan Bèlè

Dezafi rete yon defi toutouni
Pou n toujou sonje
nou gen miray pou n kraze
Pou n retire tèt nou nan pèlen
Adjanoumelezo ou fin ekri
Nou poko prèt pou fin li w

Ou konsole n avan w deplase
Nou pap met barikad
Douvan dènye priyè w
Pafwa lanmò se pi bon remèd pou remò
Anndan twoufoban
N ap chante pasay ou pou lavi

Yves-Mary Fontin

*

 Viré monté