Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Dèy |
Tout jou pa gen menm koulè
Gen jou k anmè pas’on lòt
Pwent tete goch lavi gen gou fyèl
Letan jounen n ranpli
Bave de ran dlo de ran larim
Gen jou k boukante ak lannuit
Gen jou se jou
loray lapli van zèklè
dèy
rèl
madjigridji
konprès
Gen jou k pa gen senk kòb limyè jistis
Gen jou k pote
dlo nan je
men nan machwè
chita fasafas poze kesyon ak lavi
Nou paka jwenn repons
Epi tou se pa tout repons
Ki merite atansyon
Se pa toutan
remò
meyakoulpa
prizon
bèl diskou ak lòt pwomès
chanje sitiyasyon
Gen jou k vin ak gwo lapli
Sou do gwo solèy midi
Se pa zonbi k ap bat madanm
S on peyi k ap degrengole
Gen de jou pa gen mouchwa
K pou seche rivyè chagren
K ap koule nan je larepiyans
yon fanmi
yon pèp
Gen jou k pa vin ak grafèm
Pou ekri LESPWA
Sou fèy papye kè k ap dechire
Gen jou vant kòde jouk nan zantray
lanmè a
solèy la
rivyè yo
syèl la
tè a
kouri lwen nou
Malgre jounen n melanje ak san
sèkèy
lantèman
simityè
dèy
Te vèvenn ede n pote
Pwa lanmò sou tèt san twòkèt
Malgre tout wòklò nou kanpe djanm
Nan mitan kafou REZISTANS
Yves-Mary Fontin
*