Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kasèd wòch

Reginald Fils-Aimé

Bajou kase
Anba mato lavi
Midi s’on wòch galèt m’ap kase
Pou m' jwenn nannan l’ tankou zanmann

Solèy s’on galèt gwòs
M’ap tyeke lanmè l’
M’ap tate kè l’
zong mwen, fanm saj
pral fèl’ senyen lavi

Si mato m' jwenn kè wòch galèt,
Lajounen anfen va kaselezo nan figi lannuit.

boule

 Viré monté