Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Traduction du poème de l’américaine Maya Angelou

«Still I rise»

Reginald Fils-Aimé

m’ap kanpe pi rèd

ou ka pale m mal nan liv listwa
avek tout kalite manti malachong,  koze lang long
ou ka sapata m nan labou, woule m nan fatra
men tankou pousyè sa menm,
m’ap leve

Kouman? Enpètinans mwen estomake ou?
Pouki w sonm konsa a?
Se paske mwen  mache kòmsi m gen pi petwol kap ponpe nan salon mwen an ?

tankou solèy ak lalin
avèk asirans yon vag ki ale ki va tounen kanmenm
tankou lespwa kap boujonnen disèt otè
toujou-toujou, map leve kanpe

ou te vle wè mwen delala,
tèt anba, je bese
zepòl mwen kap tonbe tankou dlo nan je,
ki ap anfonse ansanm ak rèl mwen nan feblès mwen?

kouman? frekansite mwen derespekte ou?
sa pa ensipòtab pou ou
lè m’ pete kout ri mwen kòmsi mwen te gen ja lò kache dèyè kay mwen ?

ou ka mitraye m ak pawòl
ou ka filange m ak koutje
ou ka touye m ak rayisans ou a
men toujou, tankou van, map leve

Bèl fòm kò mwen agase ou?
èske sa fè w sezi
lè w wè m ap danse kòmsi  m te  gen min dyaman nan mitan kuis mwen?

Soti anba tant lawont listwa
mwen leve kanpe
kanpe drèt soti nan yon istwa ki pran rasin nan doulè
mwen kanpe pi djanm
mwen se yon lanmè tou nwè, m laj, m fon, m'ap gwonde, m'ap gonfle,  m'ap sote, m'ap ponpe

 

yon trenn nuit tribilasyon ak laperèz dèyè do mwen,
mwen leve kanpe pi rèd

Opipirit chantan,
nan yon douvanjou ak wòb lawouze, klè kou dlo kokoye ak souri mètrès dlo nan chapo lakansyèl,
mwen leve kanpe

nan pote eritaj zansèt mwen yo te kite,
mwen se rèv ak lespwa esklav la

mwen leve kanpe

mwen leve kanpe

mwen leve kanpe

Poème de Maya Angelou.
Traduction de Reginald Fils-Aimé
le 28 mai 2014

boule

 Viré monté