Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Mesaj Rektè Inivèsite Leta a pou
Fèt Drapo ak Inivèsite a

Akayè, 18 me 2022

Fritz Deshommes

Drapeau d'Haïti

Jodia 18 me. Fèt drapo. Fèt Inivèsite.

Anpil nan nou ka mande: Ki Drapo? Ki Inivèsite?

Pou jan peyi a ap vire la a, èske n ka pale de drapo? Èske n ka pale de Inivèsite?

Kote pi gwo Inivèsite peyi a se nan madebat li ye. Ensekirite k ap fè anpil pwofesè ak etidyan pa ka vin ni fè kou ni swiv kou. Anpil nan etidyan yo blije dòmi sou ban Fakilte yo paske yo pa ka pran wout Matisan, wout Laplenn, wout Kwadèboukè. Yon Inivèsite ki toujou nan prekarite, ki gen gwo dèt pou pwofesè ak founisè, ki toujou manke materyèl didaktik. San n pa pale de dòtwa, kafeteria, elatriye. Yon Inivèsite ki gen plan devlòpman l li pa janm rive aplike. Yon Inivèsite k chaje ak pwojè rechèch, chaje ak pwojè sèvis pou kominote a, k ap dòmi nan tiwa.

Èske n ka pale de Inivèsite ? Èske n dwe pale de Inivèsite?

Menm jan tou, èske n ka pale de Drapo. Wi Drapo. Pi gwo senbòl grandèt majè yon peyi. Èske n ka pale de grandèt majè nan peyi d Ayiti? Èske nou menm ka pale de peyi? Nan sitiyasyon malouk n ap sibi jounen jodia? Kote se ensekirite, kidnapin, laperèz, dezespwa, ki fè lalwa? Kote n pa menm ka reflechi sou jan peyi a sou lagraba, nan domèn prodiksyon k ap dekrenmen, lavi chè k ap vale teren, dola k ap moute disèt otè, anvirònman an k ap degrade? Èske n ka pale de peyi, èske n ka pale de drapo?

E poutan.

E poutan, nou paka pa pale de 18 me. Nou pa ka pa pale de Drapo. Drapo sa a, ki se te  lalabanyè pou bat pi gwo lame ki te gen nan lemond, nan moman sa a. Drapo sa a ki  ban nou premye peyi nèg lib nan Lamerik la. Peyi sa a k pral libere tout nèg nan konti nan an, depi Sen Domeng jouk Venezuela. Premye peyi ki kilbite lesklavaj plat atè. Premye peyi ki mache nan tout Lamerik al fè bèl mèvèy tout kote libète potko tabli. Premye peyi ki janbe kontinan al jis nan peyi Lagrès al pote libète ak lendependans, menm jan l te fin fè l pou peyi Venezuela, peyi  Ekwatè, peyi Kolonbi, peyi Panama, peyi Perou, elatriye. Se pou sa, fèt drapo sa a, se pa sèlman pou Ayiti l ye. Se pa Ayiti senpman k ap fete l. Drapo sa a ede  kreye plizye lòt drapo, plizyè lòt peyi. Drapo sa a, se labanyè tout limanite nan fè konprann tout moun se moun, tout moun gen menm dwa, tout moun egalego. Se pa nenpòt ki drapo. Se pa nenpòt ki peyi. Se pa nenpòt ki pèp.

Nou pa ka bliye kote nou soti, kiyès nou ye, ki wout nou dwe pran. Nou pa janm dwe bliye.

Se vre jounen jodi a, popilasyon an yon jan desounen. Popilasyon an pa konn kote l gad. Bandi fin pran peyi a. Bandi ap opere tout kote, kote w pa ta janm sipoze. Popilasyon an  pa sispann mande sekou. Popilasyon an poko  santi l jwenn bon jan pwoteksyon.

Men popilasyon pa bese lebra. Popilasyon a pa sispann pwoteste. Magre tout risk ki devan l, popilasyon an pa sispann babye, pale, manifeste. Nan dènye jou sa yo, popilasyon an sanble l vle pase yon lòt vitès. Plizyè mach òganize. Sitwayen yo pa pè parèt tout figi yo. Gen de kote, pèp la defann tèt li karebare. Menm lapolis, nou pa t wè twòp anvan,  kòmanse leve pye l. Lapolis la komanse reprann  konfyans nan tèt li. Nou ankouraje l. Mete sou sa, nan mwa mas ki sot pase la a, yon gwoup pèsonalite, asosyasyon, enstitisyon siyen yon petisyon lajman laj pou yo raple otorite yo responsablite  ak devwa yo. Ladan yo nou jwenn edikatè, notè, komèsan, endistriyèl, doktè, famasyen, ouvrye, chofè, elatriye.

Yo mande pou tout chay la  pa tonbe sou do lapolis senpman. Yo pwopoze yon seri mezi senp, fasil, dirèk, pou kwape ensekirite  ak kidnapin. Yo mande pou lòt enstitisyon yo, prive tankou piblik, Leta tankou sosyete sivil, jwe wòl yo kòmsadwa. Epi pou yo gen yon koòdinasyon solid. Yo site Ladwan, DGI, Ministè Finans, CONATEL, konpayi telefòn yo, Bank Santral, Bank Komèsyal yo, notè, apantè, mezon k ap vann ak lwe machin, sèvis sikilasyon machin, OAVCT, ULCC, UCREF, DCPJ, CSPN, Lajistis, elatriye. Si tout enstitisyon sa yo rantre nan batay la, idantifye sikwi zam ak lajan, idantifye bandi nan tout nivo, bandi abiye ak bandi san chemiz, bandi ak soulye, bandi pye a tè, travay lapolis, travay lajistis, travay otorite ki la pou kwape ensekirite ak kidnapin  ap pi fasil.

Sitwayen yo si tèlman pap dòmi, lè yo wè Leta pa pwofite tout bèl lide sa yo, yo pibliye sou rezososyo yon Dekrè Etadijans kote yo bay tout detay sou ki jan pou yo ta aplike mezi petisyon an te pwopoze yo. Dekrè a te gen nannan. Anpil nan nou te kòmanse bat bravo pou gouvenman an. Men nou te pran gwo desepsyon, lè n te vin apran se te yon fek, se pa t yon dekrè ofisyèl.

Nou ankouraje Leta gade pwopozisyon sa yo. Yo pa konplike.

Mezi sa yo ka ban n bon rezilta. Yo ka ban nou yon bon souf. Men yo  pa kont. Fòk nou rantre nan fondalnatal kesyon an.  Fok nou abòde pwoblèm yo nan tout dimansyon yo.

Ki sa k fè yon peyi ki pa gen  tribi, ki pagen etni k ap goumen, yon peyi kote pa gen  relijyon k ap fè lagè yonn ak lòt, ki sa k fè nou rive nan nivo chen manje chen sa a? Ki sa k eksplike bandi k ap fè move zak yo pa fè diferans ant rich ak pòv, boujwa ak malere, ti machann ak gwo komèsan, pè, pastè, oungan, komèsan, endistriyèl, elatriye? Ki sa k eksplike lè gen yon kidnapin, lòt malere ki pa bandi  pa ezite patisipe nan krim yo? Menm lè se kont malere parèy yo?

Kèlkeswa jan n pran l lan, kèlkeswa jan kesyon an parèt sou nou, kèlkeswa rezon nou rive jwenn, si n bezwen konprann sa k rive peyi nou an, men ki kote pou n al chache l:

  • Katafal inegalite sosyal ki blayi sou peyi miwo miba nou an depi dikdantan ; mete sou sa, kote nan je lòt la, sila ki pa gen anyen yo, nou pa jennen  ap fè etalaj tout  richès ak tout privilèj nou, menm sa ki fèt nan move kondisyon;
     
  • Enkapasite pifò nan nou ap trennen pou yo satisfè bezwen ki pi nesesè nan lavi yo, tankou manje, bwè, dòmi, rad, travay, dlo, lekòl, elatriye;
     
  • Gwo pòz anpil nou konn pran pou nou fè konprann nou pa kanmarad lòt la, tout moun pa moun, gen moun pase moun; Ki fè lang nou pale, katye  nou rete, lekòl nou frekante, legliz nou mache, ka fè gen moun ki enferyè e gen lòt ki siperyè.

Pou n konprann pi byen, yon ti egzanp: Lekòl. Nan peyi d Ayiti se pa tout timoun k al lekòl. Pami sa k al lekòl yo, tout pa al nan menm kalite lekòl. Tout pa aprann menm bagay. Tout pa wè peyi a, sosyete a, anviwonman an, menm jan. Kidonk se depi nan  timoun, depi nan lekòl, sosyete a ap kreye segregasyon ak diskriminasyon. Ki jan pou sosyete sa a pa tounen yon savann chen manje chen?

Epoutan, si nou li Manman Lwa peyi a, n ap wè atik 32.2 an di kare bare: premye devwa, premye responsablite Leta se fè kon l konnen pou tout timoun al lekòl, bonjan lekòl. M ap repete: premye devwa, premye responsablite Leta, se mete lekòl pou tout timoun al lekòl. Premye wi l di. Se pa yonn nan yo. Premye  devwa premye responsablite Leta.

Èske Leta respekte lòd sa a? Èske tout timoun alawonnbadè al lekòl, nan bon lekòl? Epi si n al chache konnen konbe lajan Leta mete pou Edikasyon n a konprann pi byen.

Nou ka fè menm konsiderasyon sa yo sou Inivèsite a. Manman Lwa peyi a di tout moun gen dwa al nan Inivèsite depi l gen kapasite akademik pou sa. Se pa ta dwe ni lajan, ni lòt rezon pou ki fè yon moun pa rantre nan Inivèsite al resevwa bon jan fòmasyon. Se pou sa Atik 231 a mande pou Leta finanse Inivèsite Leta a ak Inivèsite Piblik yo dekwa pou yo fonksyone kòmsadwa epi byen devlope tèt yo.

Ki sa reyalite a ye? Sou 100 elèv ki vle rantre nan UEH la, apèn si nou rive pran 20. Nou pa gen resous pou n pran plis. Nan rès 80 an, se pa anpil ki gen kapasite  al nan bon Inivèsite prive. Anpil rete sou beton an. Gen lòt se non Inivèsite kote y ale a pote. Gen sa k pati al Chili, Brezil, kay vwazen, elatriye. Nou ta renmen ka pran tout 100 an. Men nou pa gen resous pou sa. Epi chak ane, bidjè Leta ban nou ap vin pi piti. Magre sa Konstitisyon an prevwa sou kesyon finansman Inivèsite Leta a.  

Èske nou konnen konbe sèvo k ap gaspiye oswa ki detounen nan peyi d Ayiti? Konbe ti jeni ki pèdi vokasyon yo? Men tou konbe jèn ki lage de bra balanse nan aryennafè, nan delenkans, nan tout lòt aktivite ki pa laj yo, ki pa pou yo?  Ki jan pou jenès la santi l makonnen ak peyi a, anvi travay pou li? Ki jan pou majorite jèn nan peyi a pa anvi kite l, al chache yon demen miyò lòtbò fwontye, lòtbòdlo? Ki jan pou ing-ang lan, chen manje chen an, rayisab yonn lòt nan peyi a, pa vin pi grav?

Epi Inivèsite a gen anpil lòt fonksyon pou l ranpli nan sosyete a. Lè nou bezwen konprann peyi a, idantifye pwoblèm ki dwe rezoud, lè nou bezwen konnen richès peyi a, lè nou bezwen bay sitwayen yo kèk metye itil ki mande refleksyon, lè nou bezwen fòme moun ki pou defann peyi a, lè nou bezwen yon jenès ki makonnen ak peyi l, se Inivèsite ki ka pwodwi kalite sitwayen sa yo. Sitwayen ki sansib pou peyi l, ki konn peyi l byen, sitwayen ki gen kapasite, konpetans ak konsyans pou l konnen, pou l konprann epi pou l defann enterè peyi l. Sitwayen ki gen vizyon, ki pap kite se lòt peyi k pou vin defini politik peyi l.

Se pou sa nan peyi d Ayiti, Inivèsite a makonnen ak Drapo a, Inivèsite a se gadò Drapo a. Inivèsite a la pou  prepare demen peyi a,  veye sou  prezan l,  pou pwoteje peyi a, pou garanti grandetmajè peyi a, pou simaye konesans, konsyans, konpetans, pou jenès la sispann dezanpare, pou kad ak dirijan yo jwenn zouti pou jere peyi a nan bon kondisyon, mennen nan bon wout, fè l vanse, dekwa  tout sitwayen vin  anvi viv ladann.

Se pou sa, nan tout peyi sou latè, plis Leta ak sosyete a bay Inivèsite a valè l merite, se plis peyi a devlope.  E se pou sa tou, Manman Lwa peyi d Ayiti rezève yon plas espesyal pou Inivèsite an jeneral, Inivèsite  Leta a an patikilye. Nou pap sispann mande pou Leta jwe wòl li, pou Leta finanse Inivèsite Leta a, jan Manman Lwa peyi a mande l, pou Leta wè Inivèsite yo tankou zouti ki ka pèmèt li rezoud divès kalite pwoblèm, ede l m ete peyi a sou ray pwogrè, sou ray devlopman ak  sou chemen viv ansanm. Poudayè, nan lemond antye, yo konsidere Inivèsite ak Ansèyman Siperyè an jeneral tankou yon byen piblik, yon byen sosyal, yon dwa fondalnatal, tankou tout dwa moun

Anplis Lekòl ak Inivèsite, gen lòt sektè pou nou konsidere ki ka pèmèt nou desitire sitiyasyon chen manje chen sa a k ap ravaje peyi a. Istoryen Michel Hector te toujou atire atansyon nou sou sa l rele «faktè entegrasyon nasyonal» yo. An n site kèk nan yo:

  • Kanpay alfabetizasyon pou tout sitwayen rive konn li ak ekri;
     
  • Lekòl pwofesyonèl nan tout kolektivite teritoryal yo;
     
  • Yon agrikilti djanm ki marye ak yon endistri solid ki jwenn nan men Leta pwotwksyon ak pwomosyon dekwa pou pwodiksyon nasyonal la ka pran bon jarèt;
     
  • Refòm agrè pou tout travayè latè  rive jwenn tè, entran ak zouti pou yo travay;
     
  • Lang kreyòl, lang nasyonal, lang ofisyèl, pou pèmèt tout sitwayen pale sa yo bezwen san yo pa wont, nan tout sikontans epi pou fasilite tout sitwayen aprann tout konesans itil ak tout lòt lang yo vle;
     
  • Desantralizasyon pou tout kote, tout kwen nan peyi a, ka viv, ka egziste, ka fè valè tèt yo ak tout moun k ap viv nan yo;
     
  • Kreye kondisyon pou tout sitwayen egzèse dwa yo genyen pou yo jwenn manje, travay, edikasyon, lojman, jistis, lwazi, elatriye.

Tout sa n di la a fè pati ajennda fondalnatal nasyon an. Yo tout soti nan Pwojè sosyete  peyi a bay tèt li depi lane 1987. Tout sa n di la a byen chita nan Manman Lwa peyi a depi 29 mas 1987, lè nou te abiye toudeblan pou n t al fè lemond antye konnen ki peyi n vle, ki sosyete n vle, ki jan n vle viv.

Sa vle di, lè n deside toutbon kwape ensekirite ak kidnapin, lè n deside konstwi yon peyi pou nou tout, kote nou tout gen enterè, nou tout gen opòtinite, nou tout ka vanse ansanm, nou tout ka wè lòt la tankou frè, tankou sè, nou konn sa pou n fè. Wout la trase depi dikdantan.

Nan jounen 18 me sa a, an nou chache ki jan nou ta ka reprann peyi nou, ki jan pou n refonde l, ki jan pou n chanje Leta a, pou n konstwi yon Leta k ap sèvi nasyon an toutbon, kote nou tout pa pè, pa wont, pa jennnen, rele yonn lòt: frè m, sè m.
Tankou pawòl la di: «Catherine Flon te koud drapo a; an nou rekoud peyi a».

Se pi gwo sèvis nou ka rann zansèt yo. Se sou baz sa a, nou ka merite pote non eritye vanyan gason ak vanyan nègès sa yo ki te fè 18 me 1803 a, ki ta pral debouche sou gwo viktwa Premye Janvye 1804 la pou nou desitire lesklavaj, rasis ak kolonyalis.
Annatandan nou pran desizyon sa a, m ap swete nou tout alawonnbadè:

Bòn Fèt Drapo
Bòn Fèt Inivèsite.

Akayè, 18 me 2022

Fritz Deshommes
Rektè UEH

*

 Viré monté