Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Fanm

Derosier 'Deewoy' Rith-Carlson's

Fanm
M ta renmen renmen'w
Tankou denyè gouyad
Ki pou grôs lavi.
N'on sssss ayyyyy

Fanm
M ta renmen renmen'w
Tankou premye
Mak lanmou banm

Fanm
M ta renmen renmen'w
Tankou Ann, Line
Tankou Madanm
Tankou Zanman'm
Tankou tout fanm djanm
ki gen fanm nan fanm
Tankou manman'm

Fanm
Dezyè'm siyati
Bondye.

boule

 Viré monté