Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pwojè Sèvèl Tèt

Marc-kensen Curvinglines

SÈVÈL se yon pwojè piblikasyon peryodik ke nou ap travay sou li. Objektif lan se pou pibliye yon magazin mansyèl pou angaje tout koze konsekan nan lang zantray ---ki pa lòt lang ke lang Kreyòl . Lang sèvèl tout ayisyen natif-natal menmsi li rich kou pòv, menmsi li edike kou iletre, menmsi li nwa kou blan, nan pwen lang sèvèl li konprann pi byen ke Kreyòl. Yon reyalite ki pa ta dwe siprann okin moun ki ase edike. Pou ki sa? Paske pa gen aryen ekstraòdinè nan reyalite sa, se sa syans newolojik ak sikolojik atann.

Sèvèl se yon zouti literè pou ankouraje devlopman, pwodiksyon ak lekspresyon IDE ENTÈLEKTYÈL, KOZE KILTIRÈL, ZAFÈ SOSYAL nan lang Kreyòl. Kwake SÈVÈL se yon angajman aktif, sètadi li ekziste pou kreyòl pa kont lòt lang, angajman aktif sa gen yon konsekans reyaktiv paske li se mwayen tou pou fè reziztans, pou fè demonstraksyon kont tout prejije lengwistik kolonyal ki baze sou mit sila:

Yon mit ke lang Kreyòl limite, sètadi li swadizan pa sofistike ase pou poze, kritike konsevwa, bwase (sentetize) keksyon abstre ni pou rive kapab pwopoze solisyon pou keksyon sa yo. Kwake nou gen pou abòde mit sa, objektif nou se pa pou angaje tèt nou nan yon polemik dyalistik pèmanant kote nou nan yon dyèl konstan ak pwopajè mit sa.

Pou ki sa nou fè chwa SÈVÈL pou tit magazin lan, e ki sinifikasyon imaj, senbòl ki sou kouvè magazin lan?

Sèvèl, kòm nou tout konnen, se ògan esansyèl pou lespri. Pa gen okin èt vivan ke nou menm lezòm konsidere entèlijan ase ki pa gen sèvèl. Dayè lè nou gen ou pa gen dout sou entèlijans yon moun, nou di ke mou sa pa gen ou gen sèvèl respèktivman. Se menm koneksyon sèvèl ak entèlijans sa ki enspire nou pou fè chwa rele magazin lan SÈVÈL ----paske angajman an se yon angajman esansyèlman entelèktyèl nan lespri yon konsyans sosyo-lengwistik.

Menmjan koneksyon karakteristik entèlijans ak ògan sèvèl te enspire chwa nou pou tit magazin lan, konsepsyon senbòl yo, chwa imaj yo swiv menm demach lan. Sètadi yo menm tou se rezilta sentèz ak koneksyon bagay nou wè, nou aprann, nou dekouvri dirèkteman, endirèteman nan mond lan. Pou kòmanse, nan senbòl imaj yo, gen sa ki senp tankou map peyi dayiti ke nou tout rekonèt, men gen sa ki ase konplike tankou ekzagòn lan.

Li pa nesesè pou nou elabore sou rezon chwa map peyi dayiti nan konpozisyon amaj ki sou kouvè magazin lan paske rezon an evidan---nou se ayisyen, nou se ayisyèn, sa klè tankou dlo kokoye.

Ekzagòn lan li menm kòm nou tout konnen deja se yon poligòn ki gen sis kote pakonsekan yon figi ki gen egalman sis pwen.

Ezagòn ki sou kouvè ya modifye : atache ak pwen anwo-a se mo IDE, ak sa ki direkteman anba li ya nou atache mo PANSE. Yon ide konkrè oubyen abstrè. Pou rezon sa nou mete KONKRÈ, ABSTRÈ arebò IDE. Kòm PANSE pèmèt devloman konsèp ak presèp, nou mete mo sa yo arebò PANSE. Yon aranjman ki bay ekzagòn lan yon aparans reyonant ki ak yon distans delwen fè li sanble ak yon soley briyan ki ekzakteman yon efè konvenab ---yon soley ki ap briye sou ayiti, pote limyè nan tout kwen peyi Dayiti. Sètadi pase isit ya konkontre : lespri se limyè epi limye se lespri.

Yon moun ka mande pou ki sa se pentagòn nou chwazi si se efè soley sou peyi Dayiti nou t-ap senbolize. Pou ki sa ke nou pa te chwazi yon sèk pito ke moun tradisyonèlman itilize pou senbolize soley?

Rezon an se paske yon ekzagòn gen sis kote eke sis se PI PITI NONM PAFÈ---yon nonm pafè, tankou 6 ak 28, se yon nonm ki egal ak sòm faktè positif li kòm nou ka wè tousenpleman kote 6 = 1 + 2 + 3 epi 28 = 1 + 2 + 4 + 7 + 14. Paske sis se PITI NONM PAFÈ, nou chwazi sis ki nan konsèp ekzagòn lan pou senbolize reyalite sila: menmsi Kreyòl PITI MEN LI PA PITIMI SAN GADÒ---sètadi, menmi pwopòsyon moun ki pale, ki li, ki ekri Kreyòl sou latè pa gran, moun ki entèlijan ki edike nan lang kreyòl la pafètman kapab panse e komike tout ide konkrè kou abstrè menmjan ak tout lòt moun entèlijan edike fè nan lang ayo.

Anndan Egzagòn lan gen twa senbòl matematik: π Σ π ki se yon zigma(Σ) --limit siperyè 1 mwen panche sou bò gòch pou fè li sanble aksan grav sou yon E, limit siperyè 0 pou korèktitid konsèp lan. Sigma-a nan mitan de pi (π) aranje nan yon sans pou parèt tankou de T pou tout ansanm parèt tankou mo TÈT. Lè mo TÈT konekte ak mo SÈVÈL nan tit magazin lan, li ban nou fraz SÈVÈL TÈT.

Finalman koub lan menm, sa ki preske antoure imaj yo se tras yon tèt-depwofil men se tou yon pwen entèwogasyon. Prezans li se pou fè pase mesaj ke se nan Sèvo, Sèvèl ke tout bagay limanite kreye, panse sòti----sètadi entèwogasyon sou pwoblèm ke moun rankontre nan lavi, solisyon ke moun pwopoze pou rezoud ou tante rezoud pwoblèm sa yo pa jefó lot bagay ke SÈVO moun ki abite nan SÈVÈL moun.

Marc-kensen Curvinglines Out 2017

boule  boule  boule

 

 Viré monté