Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Nou se Don Kato |
Dèyè MADAN TIKIT
Gen TALON KIKIT
Pa gen okin komisyon machann koripsyon
Pou vin ban N pinisyon
NOU SE DON KATO
Senatè delwès onèt, janmè yon palemantè mantè ki vin bwase mòtye ak san pèp pou bati nan kalewès pi gwo chato
Dèyè nanm
Nou gen manm
Moun Latibonit
Pa pran nan fo mamit
Yo konn lè mezi manke diri
Se yo atò ki plante kou rekolte diri bò lari
Bon doktè
Sa pa janmè bay piki nan zo pou fè Zo bourike nan faktori bouton anba tè
Ni bon avoka lalwa jwe jwèt kon
Pou fòse LAJISTIS monte mòn kalvè redi pote pwalou kwa plon
Krèyòl se lang ki ka fè e defè
Nan lang pèpè dezyèm men, M pa gen foli fè dyòl sirèt ni bèkfè
Nan lang Voltè M refize fè evantay Mimi volè mantèg bè
Nan rimine bèl vè Bodlè M pa kabrit vante l gwo zafè nan di bèèèè
Nan lang lakay
M ka pale tout bagay
M entèlijan
Sèvèl M ka wè yon sèl bagay plizyè jan
Pou defini kidnapin pou yon senp tilwa
Nou fè yon jou nan dezè dezawa
Nou bèbè bege kokobe
Kòmsi sou tèt nou te tonbe lè nou te bebe
Fransè ki nan bouch rann sèvèl nou petevi
Poutan se li nou chwazi pou entere paleman an touanvi
Nou di tout radòt
Men depi se an franse nou se Aristòt
Sispann fè rizib pou fè zòt griyen dan
Fransè se kann anana pou nou dyòl fobob-fo-dan
Si nan deba nou refize panse ekri pale krèyòl nan paleman
Nou pap janmè siman ni lakòl lanmidon pou kore pou kole bon gouvennman
Mal cheve trese M nou chita tout lajounen ap pale
Men Samson kou Èkil te gen cheve mele
Ansyen Grèk nou repete tankou jako repèt
Nan tanp Atena kou nan lari nan vil Atèn se tèt trese pou filozòf kou pwofan , pou esklav kou mèt
Pou sivik ak moral
Nan katedral sila ta sanble pa janmè gen koral
Men nan tout tijwèt se tout ti tivis
Si se pa voye gwo wozèt rale sou lòt tonnavis
Nan paleman an sa ki pwofesè listwa
Manipile lepase pou fè dilatwa
Sa ki te militè ofisye nou te antisipe gen bonjan metòd
Pa menm gen displin pou nan pwòp lakou yo mete lòd
Tout bijè nou sòti nan devantre malere ak kout ponya oubyen vye sen kòb wouye zòt lage nan bòl ble pòv devan katedral tèt bese
Nan rityèl Ladoba limilyason pèmanant sa, fyète nou pa janm blese
Poutan nou oze rele tèt nou pitit Desalin-Petyon-Kristòf
Pandan ke nou tout se patripòch ki toujou sou blòf
Pèp la pa bègwè
Simagri yo li wè
Pou li Jodi ya nou swadizan sonnen ason rele bon LWA GINEN
Men nan tèt nou se djab Baka ki pral danse DEMEN
Ki sa ki yon PALEMAN ?
Se reprezantan pèp eli, fanm kou gason, ki fè sèman
Pou defann Lenterè nasyon
Pou defann Lenterè rejyon
Eske se nasyon an nou defann...,
Lè ayiti an debò nou fann ?
Eske se rejyon yo nou pwoteje....
Lè lanjan pou LASANTE nou voye jete ?
Nou wè se teyat nou ap fè
Nou pa menm yon bon manipiletè blofè
Sa nou fè yo twò klè
Menm sa ki avèg pote vè san difikiktè wè nou klè
Nou ka chanje si nou tout fè alyans
Pou koumanse plante wouze lakonsyans
Maladi nou pa nan san ni sou po
Sa se fo rezilta analiz dòktè malfektè ki sèmante pou pa kite 1804 nou anrepo
Men ti doktè gen memwa kout oubyen ammezi selèktif
Paske Molyè, Voltè, Rablè se pa sou ayiti letriti yo te si aktif
Se te sosyete moun ki te imaj yo nan glas
Ke yo tap analize kritike san odas
Atò sispann di ke Ayiti
Ap toujou nan twou aneyanti
Pa bliye zòt jwenn lapè
Aprè tout yon listwa nan ying yang vye gè
Ayiti pap peri
Ayiti nou vin geri
Ayiti pral pi bèl
Pi bèl menm ke lakansyèl
Marc-kensen Curvinglines
P.S.: Don Kato nan pwezi sa se yon kolaj, yon ide pou kritije ipokrizi dirijan: ipokrizi politik, ekonomik, sosyal, lengwistik. Men li se yon pwezi tou ki konfwonte ideyoloji rasis Zòt ki mete kostim patènalis pou fòse nou pran NANA pou SIZAN.