Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Malayòtay: Traji-komedi lengwistik

Marc-kensen Curvinglines

 

Pa gen bous nan bounda pòch
Ni nan pòch chemiz
Tou lètwa se demè ti diksyonè Lawous
Men tout  manke fèy
Se kòmsi fèy yo li te bouyi pou fè te klòch 
Yon dlo cho desonnay  pou transpotè l nan yon vwayaj lwenten
Se la senatè Gran Pans  lan fè dekouvèt gwo mo gwo tèm

Tèm ki bouche zòrey 
Mo ki pèdi tout tèt ki rive nan paleman san map diskou deba
Pou li se gran oratwa Plitak Seneka Sicewo
Se konsa li sòti pou mete mizo nan bouch senatè chantè senatè plantè
Poutan li se lamayòt ki pa rann li kont ke  li sòt

Pou ki sa ke li sòt?
Sonje ke M pa di li pa edike
Mwen di ke li sòt
Edike pa sinifi entèlijan
Ni pa konn li  sinifi sòt
Edikasyon sòti nan  konesans
Entèlijans se bon sans
Ou ka gen konesans san bon sans
Ou ka entèlijan san edikasyon

M oze di  senatè Gran Pans sòt
Men rezon an:
Yon palemantè pa pase lwa san alyans
Pou konvenk lòt pou sipote yon  pwopozisyon
Ou fè deba, pledwari
Sètadi ou kominike ide pou lòt konprann
Men tout kominikasyon mande yon mwayen
Nan reyalite politik deba palemantè, li pa lòt bagay ke lang
Lang pou tout sa ki ap tande konprann paske objektif tout deba se pou tout zorey ki tande  konprann, pou yo tèlman byen konprann ke sa ki te KONT janbe bò vin kole zepòl ak sa ki POU ou pwosès la fèt alanvè kote POU vin jwenn KONT

An nou imajine ke gen N palemantè kote N > 1
Gen 2 Lang: Lang K , Lang F
N a 100% konprann lang K
Men pi piti ke 100 % konprann Lang F
Kòm N reprezante palemantè, palemantè se moun, epi  pa gen fraksyon moun, atò si pi piti ke 100% konprann Lang F, sa sinifi lojikman gen omwen yon (1) palemantè ki pa konprann lang F
Ki sa sa sinifi?
Li sinifi sila:
si yon palemantè nan yon deba palemantè e ke objektif lan se pou konvenk ase palemantè pou adopte pozisyon li an, si palemantè fè chwa pou kominike nan lang F olye de lang K atò chwa li an plis ke irasyonèl, li se yon desizyon sòt bouki paske li fè chwa delibere pou pa ogmante pwobabilite pasay pwopozisyon lwa li an

Konklizyon an byen senp
Tout palemantè ki pale lang tout lòt palemantè konprann ki fè chwa nan deba pou kominike nan yon lòt lang ke tout palemantè pa konprann se yon moun sòt
Se yon moun sòt si objektif deba an se pou konvenk ase palemantè pou sipòte  pwopoze li an

Marc-kensen Curvinglines

 

 Viré monté