Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

An n selebre lavi Pierre Michel Chery

Fritz Deshommes

Rektè

30 me 2024

Michel Chéry

Pierre Michel Chery, se  te yon potorik gason

Yon  espri pisan

Yon nanm siperyè

Yon moun total

Yon solèy, yon limyè

Sou plan konpetans, sou plan kapasite, sou plan entelektyèl, men tou sou plan etik, sou plan moral, sou  plan angajman, sou plan konviksyon, sou plan jenewozite, sou plan senserite, sou plan lwayote.

Pierre Michel alèz ni nan domen  lasyans, ni nan domen literati, ni nan domen kilti.

Nan lasyan li bon pou tout pyès. Si ou bezwen pale sou syans fondamantal, tankou matematik, li la; si se pou syans aplike, tankou enfomatik, kesyon kompyoutè, se afè pa Pimich la menm. Men tou, si se syans sosyal oswa syans moun ki enterese w, la a tou Pimich  reponn prezan. Pimich se te yon pasyone lasyans.  Li te kwè lasyans, lakonesans, dwe gaye toupatou pou pèp la sispann pran Nanna pou Sizàn, pou yo sispann twonpe l epi pou l  rive jwenn chimen liberasyon l.

Yo konn di: se swa w bon nan lasyans oubyen w bon nan literati. Ou pa ka metrize toulede. Anben, n ap sezi konstate se nan literati a menm Pimich maton. Yo konsidere woman l yo pami meyè zèv literati kreyòl ayisyen janm pwodwi nan dènye ane sa yo. Li resevwa anpil  anpil pri literè, yo fè teyat ak woman l yo.

Sou kesyon kilti a menm, an nou raple yonn nan objektif li te bay tèt li, se rive fè  pedagoji ansèyman lasyans nan peyi d Ayiti ranmase kilti pèp la, dekwa pou lasyans, lakonesans  sispann yon mit, yon rèv, yon bigdil   pou majorite pep la. Nou ka sonje tem li te trete nan Kòlòk Akademi Kreyòl la: «Sipò Kreyòl nan langaj matematik». Se te tou sans angajman l san limit sou anfavè lang kreyòl.

Se nan INAGHEI mwen rankontre ak Pimich nan lane 1981. Premye eksperyans nou fè ansanm se te nan «Les Cahiers de l’INAGHEI», yon ti revi etidyan mwen te kreye lè m te responsab Aktivite Kiltirèl nan Kominte Etidyan INAGHEI. Nan moman sa a, se te peryòd diktati. Tout moun pè pale, pè ekri sa yo panse, tout moun pè tout moun. Li pa t fasil pou w te jwenn etidyan patisipe nan demach sa a. Pimich te fè pati yon ti minorite ki te aksepte angaje l nan revi a depi sou premye nimewo a.

Mwen sonje kon jounen jodia premye atik Pimich te pibliye. Tit la se: «La crise polonaise dans le coiflit idéologique Est-Ouest».  Li  te abòde yon sijè danje, yon sijè malouk pou peryòd la, nan yon moman kote gen yon seri de pawòl moun pa pale, gen yon seri de peyi moun pa site. Men tou se te yon sije enpòtan pou mond lan, pou Inivèsite a ak pou yon Fakilte ki gen yon depatman Syans Politik /Relasyon Entenasyonal.

Paske tou se te premye krakman ki te komanse parèt nan sa yo te rele «blòk sovyetik la». Tout moun t ap poze kesyon kote bagay sa a soti, kote l ap rive, ki konsekans li ka genyen sou diferan peyi yo, diferan blòk yo, sou avni mond lan. Bon! Nou konn sa k vin pase pase apre. Men fòk ou te gen anpil refleksyon, anpil kouraj, anpil kilti pou w trete yon sijè konsa nan peyi d Ayiti nan epòk sa a.

Menm si m riske pale twòp, mwen pa ka pa temwaye wòl potomitan Pimich te jwe nan Akademi an, depi premye aktivite n  t ap oganize pou n te lanse mouvman mete kanpe  AKA a jous jounen jodia.

Premye kout tiwèl nou voye sou chimen Akademi an se te Kòlòk Entènasyonal Inivèsite Leta a te oganize nan lane 2011 sou tèm «Akademi Kreyòl Ayisyen: Ki Pwoblèm? Ki Avantaj? Ki DEfi? Ki Avni?» Nou te déjà pale de sijè Pimich te trete nan kòlòk sa a.

Pimich te yon gwo manm nan Komite Pou TAbli Akademi Kreyòl Ayisyen an.

Pimich te fe pati premye kòwòt Akademi an, premye Akademisyen Kreyòl Ayisyen yo. E Pimich se premye Sekretè Jeneral Akademi an.

Yè swa pandan m ap prepare m pou m vin bay temwayaj sa a, mwen tonbe sou yon pòsfas Pimich te ekri pou dezyèm edisyon liv mwen ki rele: «Haiti la Nation Ecartelée» nan lane 2016. Jodia ankò, pwofondè analiz Pimich la toujou enpresyone m. Ou ta di se yè maten l ekri l.

Si n vle konprann reyalite n ap viv la, si n vle gen yon lide sou sa Pimich panse de peyi a, de chimen l pran yo, chimen l ta dwe pran, tèks sa a se sa nèt. E m ta menm vle konsidere pòsfas sa a tankou testaman Pimich pou pèp ayisyen, pou peyi d Ayiti. Se pou sa m ap mande nou pemisyon pou m ta  li kèk ekstrè pou nou. Mèsi pou konpreyansyon nou.

Eskize m pou longè pawòl la.

Bon travèse frè m,  Pimich. Ou se yon espri pisan. Ou se yon nanm siperyè. Ou se yon moun total. Yon solèy. Yon limyè.

Se te gwo  lonè pou mwen pou  m te fè yon bout chimen ak kalite moun ou te ye a.

Mèsi anpil,

30 me 2024

Fritz Deshommes
Rektè

*

 Viré monté