Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Dans quelle langue écrire? | Nan ki lang pou n ekri?

Fabian Charles

Dans quelle langue écrire?

Dans quelle langue écrire? Aujourd’hui, après l’histoire coloniale. Comment pouvons-nous parler de nous-mêmes? Quels mots trouver pour décrire notre situation? Ça fait longtemps qu’on se pose cette question, et nous n’avons toujours pas trouvé la réponse. Est-ce que c’est par l’identité que nous pouvons la trouver? Ou bien, il n’y a-t-il pas du tout de réponse. Est-ce que c’est en effaçant tout ce qui nous vient de la colonisation, qu’on se retrouvera. Ou bien, c’est en s’adaptant à ce qui reste. La question n’est pas facile à résoudre. Les colonisés, s’il y en a encore, ont tellement de difficulté à s’imposer aujourd’hui, dans le monde. Est-ce qu’ils ont le droit de parler? Est-ce que s’ils parlent, leurs mots auront de l’importance? Peut-être que ce sont les écrivains qui devraient parler à leur place? Mais, comment peuvent-ils parler à leur place, dans la langue du colon? Est-ce qu’il y a vraiment d’ailleurs une langue du colon?

Mais, est-ce qu’ils ont une langue? Il semble, qu’on ne veuille même pas le croire. Les colonisés ne croient quasiment pas dans leur réveil. Ils ne croient pas qu’ils peuvent atteindre leur objectif comme ils sont. Cela revient à ce qu’ils ne croient pas posséder une langue. C’est pour eux, un handicap psychologique. Est-ce que les colonisés, dans le cas que nous traitons, les peuples créolophones, peuvent avoir une langue qui soit du même niveau que celle des colons? Quel discours continue à nous préserver dans cette situation? Quel discours porter contre cette domination, en science et en littérature? Est-ce que lors de cette critique, nous faisons la critique d’une classe sociale? Plus loin, nous comprendrons peut-être que ce n’est pas la langue que nous cherchons, mais c’est nous même. Ce que nous cherchons, comme philosophe, ce n’est pas la langue, qui est désincarnée, mais ce sont ceux qui la parlent. Ainsi, la langue a aussi une importance symbolique, parce qu’elle représente, la perception que les locuteurs ont d’eux-mêmes.

La plupart des gens pensent-ils que les langues des colonisés et les langues des colons ne sont pas équivalentes? Comme quoi, il n’y aurait pas non plus d’équivalence de leur intelligence. Ce n’est peut-être que des fabulations? Il n’y aurait pas de langues supérieures à d’autres. Toute langue est une langue, comme tout homme est un homme. La science a pour objectif d’anéantir ces sophismes. Ainsi, quand nous faisons la critique des propos des colons, nous dévoilons aussi la pseudo-scientificité de ces propos. Les enfants de l’histoire coloniale, ont une mauvaise tendance à sacraliser le discours qui les domine. Et pourtant, aucun discours n’est complètement préservé contre les critiques. Tout le problème de la décolonisation, repose sur comment nous décomplexer? Comment parvenir à croire à ce qui fait partie de nous-mêmes ?

Mais au même moment, les populations demandent-ils que la politique se fasse dans leur propre langage? C’est-à-dire, pour que les politiciens prennent le pouvoir, ils devraient parler le langage de leur peuple? Il y a sans doute une séparation aujourd’hui entre le langage des politiciens et le langage des savants. Est-ce que la langue de la rue peut servir aujourd’hui à faire à la fois de la science et de la politique? Est-ce que les scientifiques, ou bien les littéraires, peuvent-aujourd’hui avoir une influence politique? Ce qui fait que, plus qu’une simple question de langues, ce que nous posons, c’est le problème de l’engagement de l’écrivain. Pour que l’écrivain s’engage, dans notre monde, il doit aussi faire un choix de langue. Doit-il écrire pour l’élite ou pour le peuple?

Et même à ce point, nous n’aurions toujours pas épuisé la question. Parce que l’écrivain a d’autres problèmes qui le tracassent. Il peut écrire dans la langue du peuple, sans trouver de lecteurs. Comment peut-il trouver des lecteurs? Cet engagement chez l’écrivain, dépend d’une première question plus centrale: pour qui écrivons-nous? Ainsi, l’écrivain peut décider de prendre une position politique, ou bien de ne pas en prendre. Cet engagement chez l’écrivain, ne se limite pas au texte qu’il produit. Mais on le retrouve aussi dans ses actes. C’est-à-dire que l’écrivain deviendrait corps et âme cet engagement. Notre problème consiste à définir en quoi consisterait, l’engagement de l’écrivain aujourd’hui, alors qu’il y a une séparation entre le langage des politiciens et ceux des écrivains. Comment combler cette distance? Est-ce que le choix de langue nous permettrait d’arriver au bout de cette quête?

Plus loin, nous ferons la critique des choix littéraires d’une série d’écrivains, qui leur permette de se désengager. C’est-à-dire, que leur discours sert de prétexte, pour ne pas entrer en politique. Mais, s’il n’y a personne pour penser en politique, qui pensera pour nous? Dans ce cas, nous avons des intellectuels, qui sont plus au service du système colonial, qu’au service de leur propre peuple. Est-ce que les écrivains ont oublié leur mission? Ou bien, est-ce nous, qui demandons trop des écrivains? En tout cas, de toutes les manières, nous constatons le processus d’aliénation chez les créolophones et chez les écrivains qui sont censés les représenter. Comment les complexes coloniaux s’expriment encore chez ces écrivains? Nous devons porter un discours critique, pour montrer sur quels mensonges reposent certains choix littéraires de ces écrivains.

boule  boule  boule

Nan ki lang pou n ekri?

Nan ki lang pou n ekri? Jodi an, apre listwa kolonyal sa a. Ki jan pou nou pale de tèt nou, ki mo pou n jwenn ki pou dekri sa n ap viv lan? Sa fè lontan, n ap poze tèt nou kesyon sa a, e nou poko jwenn repons. Eske se nan idantite n pou n jwenn li? Oubyen pa gen repons menm. Eske se nan retire, tout sa k sot nan kolonizasyon an n ap rejwenn tèt nou, oubyen se nan adapte nou ak sa k rete an. Kesyon an, pa fasil pou reponn. Si tèlman, nou gen difikilte pou n enpoze tèt nou, nan monn lan, jounen jodi an. Eske nou gen dwa pou nou pale? Eske si n pale sa ap gen enpòtans pou l genyen an? Petèt, se ekriven yo ki pou ta pale pou nou. Men ki jan y ap fè pale pou nou nan lang kolon an?
Men eske nou gen lang? Ta sanble, nou pa menm ta vle kwè sa. Nou rete kwè, nou pa gen kapasite pou n leve tèt nou. Nou pa gen kapasite pou n rive lwen ak sa nou ye. Sa vin fè, nou pa menm kwè nou gen lang pa nou. Eske pèp nwa yo, ka gen lang, ki kanpe kin menm jan ak lang blan yo ? Kiyès, ki diskou, ki kontinye ap kenbe n nan sitirans sila a ? Ki kritik nou ka pòte kont dominasyon sa a, nan lasyans ak nan literati ? Eske lè n ap fè kritik sa a, n ap fè kritik yon klas sosyal ? Si n rive pi lwen, nou gen dwa konprann, se pa lang lan n ap chache, men se nou menm. Sa n ap gade, kòm filozòf, se pa lang lan, ki pa gen chè, men se moun ki pale l yo. Kidonk, lang lan gen yon enpòtans senbolik, paske l reprezante jan moun yo wè tèt yo.

Pi fò moun yo rete kwè, lang nou an, pa ka twoke kòn ak lang blan an. Komkidirè, lang nou an ta enferyè pase pa blan an. Kidonk, lespri nou tou, ta gen mwens richès pase pa blan yo. Tout sa se radòt. Pa gen lang ki siperyè pase yon lòt. Tout lang se lang, menm jan tout moun se moun. Lasyans la a, pou dechouke tout pawòl anlè sa yo. Kidonk, lè n ap fè kritik pawòl kolon an, n ap fè kritik tou, pawòl li an pa lasyans. Nou gen yon vye tandans, pou nou repran pawòl kolon an, pou nou fè l tounen pawòl levanjil pou nou menm. Epoutan, nanpwen pawòl ki levanjil. Tout pwoblèm dekolonizasyon an, vin chita sou, ki jan nou ka dekonplekse? Ki jan nou ka rive kwè nan sa k pou nou?

Menm lè an, pi fò moun yo mande pou politik lan fèt nan lang pa yo. Sa vle di, pou politisyen pran pouvwa, li pi bon, si l konn pale lang pèp li. Vin gen yon separasyon ki kreye, depi lang politisyen yo vin dekonekte de langaj save yo. Eske lang lari an jodi an ka sèvi pou fè anmenm tan lasyans ak politik? Eske moun k ap fè lasyans yo, oubyen moun k ap fè literati yo ka gen yon enfliyans nan politik jodi an? Ki fè, plis pase yon senp kesyon lang, sa n ap mande tèt nou, se pwoblèm angajman ekriven an. Pou ekriven an angaje l, nan monn n ap viv lan, li dwe fè tou yon chwa nan lang l ap ekri ladan l. Se swa l deside pou l ekri pou lelit lan, oswa l ekri pou pèp lan.

E menm la a toujou, nou poko ap fini ak pwoblèm lan. Paske ekriven an gen lòt pwoblèm k ap trakase l. Li gen dwa ekri nan lang pèp la, san l pa jwenn lektè. Ki jan l pou l rive jwenn lektè? Zafè angajman kay ekriven an, depann de yon premye kesyon santral, ki se : pou kiyès n ap ekri? Lè sa a, ekriven an gen dwa deside pran yon pozisyon politik oubyen l pa pran l. Angajman sa a, pa rete sèlman nan tèks lan, men nou jwenn li tou, nan zak ekriven an. Sa vle di, ekriven rantre tout kò l ak nanm li nan angajman sila a. Men, pwoblèm nou se ki jan sa posib jodi an, lè langaj politik lan vin separe de langaj ekriven yo? Eske nou jwenn bout solisyon an nèt, avèk afè chwa lang sa a?

Pi devan, nou pral fè yon kritik de chwa literè yon seri ekriven pran, ki pèmèt yo retire tèt yo nan angajman an. Sa vle di, diskou yo an sèvi kòm pretèks, pou yo pa rantre nan zafè politik. Men si pa gen moun ki pou panse nan zafè politik, kiyès k ap panse pou nou? Lè kon sa, nou gen de entelektyèl ki plis nan sèvis sistèm kolonyal lan, pase nan sèvis pèp yo. Eske ekriven yo bliye misyon yo? Oubyen eske se pa nou menm, ki mande twòp de ekriven yo ? Antouka, wè pa wè, n ap dekri pwosesis alyenasyon kreyolofòn yo, ak ekriven sa yo ki sanse reprezante yo an. Ki jan gen konplèks kolonyal, nou ka jwenn toujou lakay ekriven sa yo. N ap pòte yon diskou kritik, pou montre ki manti ki genyen nan chwa literè ekriven sa yo pran.

 

boule

 Viré monté