Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Alarechèch yon idantite

Analiz Bèbè Gòlgota

Jeanie Bogart, 6 janvye 2023

Bèbè Gòlgota se yon woman moun li san pran souf; s on liv ki kenbe lektè a nan yon sispenns depi nan komansman jiskalafen. Dezyèm edisyon Bèbè Gòlgota sa a, gen 121 paj, se Pierre Michel Chéry, otè a, ki pibliye l an 2013.

Liv sa a rakonte istwa Bèbè yon jennonm ki pran kanntè twa fwa. A chak fwa, yo pimpe l tounen Ayiti. Men, twazyèm fwa a, l al ateri nan yon kan Baamas ki te tankou yon prizon, kote limenm ak yon ekip l t prizonye sibi yon dividal abi anba men gadyen yo. Pami prizonye sa yo gen Janèt, yon tifi uit an, li te kontre sou bato a, men yo te jete manman l ak papa l nan dlo. Li pran Janèt anba zèl li, li pwoteje l. Nan lavi l, yo te ba li plizyè non, men se Bèbè, dènye non an, ki rete. Li pa fouti sonje bon non l. Apre yon pil ane li pa rive konte, Bèbè debake Ayiti ak yon pitit fi li te fè nan prizon an ak manman pitit la. Li sèmante se pou l jwenn bon non l pou l ka bay pitit la rejis.

Gen plizyè mo nan woman an lè nou rasanble yo ki pèmèt nou distenge chan leksikal tèks la, kidonk yon seri mo ki gen yon tèm ki sanble osnon ki gen pwen komen. Gen 4 chan leksikal nan woman an:

  1. Vwayaj: bato, kanntè, kannòt, zaviwon, lanmè, dlo, pasaje, gadkòt, avyon, ayewopò.
     
  2. Espas: prizon, kan, depo, lanmè, wout, lari.
     
  3. Idantite: non, siyati, lisans, rejis, paspò, batistè, anprent, achiv, X, enkoni.
     
  4. Memwa: bliye, sonje, rekonèt, adrès, dat, tan, yè, jodi, kilès.

Naratè a se Bèbè, yon pèsonaj extradyejetik autodyejetik. L ap rakonte istwa lavi l, tribilasyon l pou l rejwenn idantite l. Woman an montre kijan lekzil nan peyi etranje ak yon bann lòt faktè ka fè yon moun bliye idantite l.

Sa ki frapan nan resi sa a se kantite negasyon ki nan premye chapit la. Se tankou yon avètisman yon bagay ki pat dwe fèt, yon siy, yon malè ki pral rive.: «Moun pat konn rele m Bèbè», «Mwen pa konn kouman», «Kanntè a pat pou fèt», «Vwayaj la pa t pou fèt», «bak Agwe a pa koule», «Pèsonn pa reponn», «Pèsonn pa pale ankò», «P ap gen jijman, p ap gen mande padon», «Pa gen lodyans, pa gen kantik, pa gen lapriyè», «Pa gen fanm, pa gen gason, pa gen timoun, pa gen granmoun», «Pa gen dat, pa gen jou, pa gen mwa, pa gen ane», «Agwe pa egziste, Bondye pa egziste». Negasyon sa yo pa sèlman predi malè, yo make yon mank, yon vid, yon absans, yon bagay enpotan ki pa la.

Se nan senk dènye paj yo nou aprann kijan l te rele, non manman l ak papa l anmenmtan avè l. Nan woman sa a, istwa a anchene yon evenman apre yon lòt, yon aksyon apre yon lòt. Nou suiv Bèbè depi anvan l monte twazyèm kanntè a jis li desann ayewopò Pòtoprens. Nou mache avè l nan tout demach li antreprann pou l rive jwenn idantite l. Sa rele Fokalizasyon entèn1. Nan bon Kreyòl, nou te kapab di Fokalizasyon andedan. N ap aprann ansanm ak Bèbè tout enfòmasyon yo: sa l konnen, sa l wè, sa l konprann osnon pa konprann, sa l viv nou viv yo tou an menm tan. Sa ki pa tèlman enpòtan pou li osnon sa ki sanble jennen l, li pa rakonte yo. Nou ka pran kòm ekzanp peryòd li mennen vi fanm ak gason ak Janèt nan kan an jiskaske manmzèl fè pitit. Li pa ban nou okenn detay. Se yon fèteksprè lè narratè a fè nou viv sitiyasyon pèsonaj la ap viv la, li fè n pa konnen sa l pa konnen, li fè n pa konprann sa l pa konprann, pafwa li kenbe kèk enfòmasyon li pa vle osnon li poko vle pataje ak nou.

Bèbè pa kontante l rakonte yon istwa, li vide konsyans li tou. Nou jwenn anpil monològ enteryè nan resi a, pami yo men yon premye: «Mwen pè pou tèt mwen, mwen pè pou Katrin, mwen pè pou Janèt, mwen pè pou lòt Ayisyen, frè m yo, mwen pè lwa baka ki t ape de m konbat Baamas pou yo pa janbe dlo, retounen avè m Ayiti» (p. 74). Li pa gen okenn pyès idantite, li pa konn non l, men li bezwen bay Katrin, pitit la, batistè. Sa lakoz li fè anpil monte desann, mal manje, mal dòmi, sitou yo pa gen lajan. Janèt, manman pitit la debouye l fè ti komès, Bèbè ap monte desann chèche lavi. Malgré yon dekourajman k ap tingting li, li detèmine se pou l jwenn idantite l pou l ka fè rejis Katrin. «Jou anprent la rive, mwen saanti mwen soulaje, m ap fè demach pou m pran grad sitwayen anndan peyi m, Ayiti. Mwen mete yon bèl chemiz blan mwen te achte ak lajan Channmas la. Mwen santi m tankou yon lòt moun, mwen gentan santi m ka gade nenpòt ki moun nan je» (p. 85). Angwo, pouki naratè a fè sa ? Se pou l ka fè lektè a santi li annafè ak you moun reyèl, yon moun toutbon, pou l ka santi emosyon l, pou l ka tris avè l, pou l ka pè pou li, pou l ka kontan ak li.

Men, kòm li ra anpil pou yon resi gen yon sèl fokalizasyon, gen kèk pati ki a Fokalizasyon zewo. Lè sa a, naratè a vin tounen yon pèsonaj omnisyan. Li konn tout sa k ap pase, li konn sa k nan panse lòt moun, pafwa li konn sa k pral pase tankou nan pwolèps sa a: «Dans lanmò a pral komanse. Si gen moun ki te kwè lanfè pi dous pase Ayiti, yo pral aprann apre Ayiti gen lanfè toujou.» (p. 11). Kidonk, li konn sa k ap vini tankou s on pwofèt li ye. Naratè a rakonte nou li te abite kay Man Dikas ak Ton Dikas lè l te jenn ti gason. Men, Ton Dikas te mete l deyò gwo lannuit, madanm nan pat ka fè anyen pou li. Lè l tounen sot Baamas la, li aprann toulede gentan mouri. Lè l al wè Mèt Jan, avoka fanmi Dikas la a, li li panse mèt la : «Mèt Jan gen lè pran m pou yon lòt moun li pa vle kwaze. Sanble li te konprann se kèk eritye lafanmi Dikas k ap vin mande l regleman. […] Yo di Ton Dikas te gen yon pitit anvan l marye. Mèt Jan genlè te konprann se pitit la ki vin reklame eritay.» (p. 39). Kouman li ka fè konnen sa k lan panse Mèt Jan ak sa Mèt Jan konprann? Se menm jan an kote nan fen woman an lè l al chache yon bwat Man Dikas te kite pou li nan yon depo, li di: «Gen lè se mize Avni Maglwa Anbwaz la, plizyè jenerasyon radyo ak televizyon ki te vin chache lavi nan yon chòp elektwonik t ap tann yon teknisyen, ki gen ladrès, remete yo sou konpa yo, pou yo kontinye jwe mizik sou katye a. Anpil lòt te vin la a pou yon ti pàn neryen epi yo twouve yo anndan yon simityè.» (p. 103). Kouman Bèbè fè te gentan konnen gen aparèy elektwonik ti te gen yon ti pàn nèryen ? Sa a se yon lòt ekzanp fokalizasyon zewo kote narratè a gen vizyon ak konesans sou kèk bagay lojikman li pa ta sipoze konnen.

An nou pale de vitès nan resi a. Gen de moman nan resi a kote naratè a kouri ak istwa a, li pa bay detay, gen lòt moman kote li pran tan pou rakonte tout ti detay. Gérard Genette rele Tan Istwa a dire a TH, li rele Tan naratè a pran pou l Rakonte a TR.

Dapre li:

  • Nou gen yon elips lè TR = 0, TH = n. Kidonk: TR TH
     
  • Nou gen yon poz lè TR = n, TH = 0. Kidonk: TR ∞> TH2.

Nou ka konte Tan Istwa a (TH) an segonn, minit, jou, ane, nou kapab konte Tan narratè a pran poul Rakonte a (TR) an paj, liy, chapit. Se aksyon yo ak evenman yo lè yo rakonte youn apre lòt ki bay tan an. Pa ekzanp, lè Bèbè rive nan kan an ak Janèt, ofildèzan, Janèt fin jenn fi nan men l. Men kouman li rakonte sa a: «Epi Janèt mwen te adopte a, ti sè m nan, pitit adoptif mwen an, kòmanse domi anba vant mwen. Sa m santi yo, li santi yo, sa m bezwen yo, li bezwen yo tou, se konsa nou tounen papa ak manman anndan kan an.» (p. 15-16). Th = n, Tr = 0 paske ak de fraz, 5 liy li pase sou tout vi jèn fi Janèt, sou relasyon gason ak fanm yo devlope nan kan an, sou gwosès ak akouchman. Li ban nou yon kou sipriz, li pa menm di klèman Janèt te ansent li fè yon pitit. Li fè menm bagay la nan pasaj sa a: «Nou fè semenn nan ap wete nan lajan an, nou wete pou n dòmi, nou wete pou n manje» (p. 59). Sa a se yon resi sengilatif kote li rakonte yon sèl fwa yon bagay ki pase plizyè fwa. Poutan, li sonje de ti non li te genyen anvan l pati: Papèchay ak Levwayan. Li pran depi nan paj 21 rive nan paj 31 (10 paj an tou) pou l rakonte kijan k fè yo te ba l ti non sa yo. Istwa rechèch idantite l ak rejis l ap goumen pou l fè a, istwa sa a kanpe yon bon moman, sa vle di li pran yon poz pou l rakonte yon lòt istwa ki pase déjà, istwa non lasosyete te ba li. Konsa tou, pandan l sou Channmas ki se yon espas enpòtan nan wonan an, li pran tout on paragraf nan paj 54 rive nan paj 55 pou l pale de souvni Janèt, de vwayaj li yo nan kanntè, de tout non li sonje yo ba li yo: Levwayan, Papèchay, Bèbè. Nan ekzanp sa yo, li pran yon poz, li fè yon retou an aryè pou l pale de ansyen non l epi pou l retounen sou eksperyans li nan Baamas. Kidonk, fòmil nou te mete pi wo a, TR ∞> TH.

Nan Bèbè Gòlgota nou kontre ak de metadyejèz: youn se diskou Mèt Gregwa fè pou pale de Frè Serafen an – Frè Serafen se yon moun Bèbè t ap chache kou chen fou, yon moun ki te ka ede l jwenn idantite l – lòt la se lèt Man Dikas te mouri kite pou li a. Otè a kreye de kalte espas mete yo fasafas: anndan ak deyò.Anndan an pa yon bon bagay, se souvni prizon Baamas la, chanm lopital la yo te mennen Bèbè lè dezyèm kanntè a te chwe a, ti chanm depo kote l ap dòmi ak Janèt ak Katrin lan. Se espas ouvè lanmè a, lari a ak souvni wout nasyonal yo ki reprezante siy lalibète pou Bèbè. Nou konstate li prefere libète a, se sa k fè l santi l byen. Li pa janm rete lontan nan depo a, li toujou ap monte desann ap chache kote lari a fè kwen. Pwovèb la di mache chache pa dòmi san soupe. Yon aspè ki diferan nan tèks la nou paka pase sou silans se jan otè a, Pierre Michel Chery, antre anndan tèks la detanzantan pou l kominike ak lektè a. Men kèk ekzanp: «Mwen rive Miyami! Kilès ki ka kwè sa ? » (p. 6), «Mwen santi Janèt ak Katrin ap rele m, wout la long, kite m di Bòs Nènè m ale pou m al jwenn moun pa m yo» (p. 80) epi, «Èske nou se zanmi, èske nou se frè, kisa nou ye, youn pou lòt? Pi devan n a wè sa.» (p. 13). Ekzanp sa yo, se sa Genette rele yon «Fonksyon kominikasyon» kote otè a ap eseye kenbe yon kontak osnon yon dyalog ak lektè a. Men youn nan pi bèl metafò nou jwenn nan woman an: «Levwayan, Papèchay t ap mache ak yon djakout chire, Bèbè al rapyese l Baamas. Tou sa ki te nan djakout la, anvan sa, glise tonbe, anwetan de twa ti souvni. Jodi a djakout la chaje, li tache sou do Bèbè, ak Agwe, Kanntè, Baamas, Lanfè…» (p. 54-55).  Djakout sa a pa ni de ni twa, se memwa Bèbè. Men, pa sanble se vwa Bèbè k ap pale nan twa ti fraz sa yo, t a sanble pito se yon lot naratè osnon otè a k ap fè lalimyè sou memwa Bèbè.

Onomastik la enpòtan anpil nan woman Pierre Michel Chèry a. Nou jwenn Katrin, pitit Bèbè a ki pote non Catherine Flon, yon fanm vanyan ki te koud drapo Ayisyen an pandan lagè endepandans lan. Anplis, se sou plas Katrin Flon, sou Channmas, batèm timoun nan fèt. Non Bèbè a reprezante tout moun k ap gade peyi a k ap ale aladeriv, men ki fè silans. Anmenmtan, li reprezante malere, moun ki pa gen dwa alapawòl, moun yo fèmen bouch yo nan sosyete a, men ki pa janm sispann goumen pou yon alemye. Levwayan se yon moun ki pa fèmen je sou sa k ap pase bò kote l, de grenn je ki reprezante yon brigad vijilans, l ap pot kontwòl. Papèchay limenm, non sa a tou di sa li ye: pa gen anyen ki ka fè l pè. Kanta Gòlgota a, se yon kalvè, se sou ti bout mòn sa a andeyò Jerizalèm, dapre labib, yo te krisifye Jezi, ki vle di se kalvè Bèbè ap monte chak jou.

Pou n fini, nou ka di Bèbè Gòlgota se istwa yon jennonm ki alarechèch idantite l. Li rakonte n peripesi l antanke «boat people» nan prizon Baamas, e menm lè li tounen nan peyi l, tribilasyon pou li rejwenn idantite l pou l te ka bay pitit li batistè. Men, se sitou istwa pèsistans yon nonm ki anvi travay pou l viv, pou l okipe madanm ak pitit. Se yon leson pou aprann Ayisyen lakay se lakay, se yon fason tou pou di tout moun kèlkeswa non lavi a  oblije w pran, vrè idantite w se lakay li rete. Bèbè di nan paj 46 la «Malgre sa, mwen kontan mwen Ayiti, mwen gen yon kè kontan mwen paka esplike. Èske se tè a ? Èske se moun yo ? Èske se libète a? Dwa monte desann, alevini san kè sote a ?». Nou ka reponn se tout sa Ayiti te reprezante. Libète sa a pa egziste ankò. Moun pa ka sikile lib e libè ankò. Si Pierre Michel Chéry t ap reekri woman sa a, ala kantite bagay pou l ta chanje!

Nòt

  1. Gérard Genette. (2007). Discours du récit. Éditions du Seuil, Paris. (P. 197).
     
  2. Gérard Genette. (2007). Discours du récit. Éditions du Seuil, Paris. (p. 91).

* * *

Sur Potomitan

Bèbè Golgota: Bouskay sitwayènte ak diyite, Michel-Ange Hyppolite.

*

 Viré monté