Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pale! Pale! Pale! Pale! Pale! Pale! Pale!

AYISYEN! FÒK NOU PALE!

Jean H. BELLEFLEUR, (editè: editor)
Kontak: jhbellefleur7@gmail.com contact
5 Mas 2018: March 5th, 2018

Fòk nou byen pale pawòl yo nan lang natif natal nou an, kreyòl Ayisyen an.

Konsa, nou tout va branche sou menm longè dond e konprann youn lòt pi byen.

Wi! Nou dwe pale. Nou bezwen pale! Fòk nou pale! Leve kanpe an blòk pou n pale!

Ayisyen! Ann pale kèlkeswa kote nou ye a! Vwa nou tout konte.

Kisa nou dwe pale?

Nou dwe pale tout sa ki fè nou mal, sa ki preokipe lespri nou, pou nou viv byen san strès e  pou panse nou yo ka lib e byen devlope.

Nou bezwen pale pou peyi nou chanje. Si nou pa vle pale se lòt moun k ap pale pou nou, pa vre! Sepandan, sa konn kreye pwoblèm jan nou konn pale pafwa. Lè se lòt moun k ap pale pou nou. Yo di sa yo vle ki konn pa fè nou plezi ditou.

Gen yon jan pou nou pale. Ann aprann pale! Lè nou byen pale, li fè kè moun kontan.

Nou bezwen pale pawòl ki fè sans, ki ankouraje, ki motive, ki konstwi moun e ki ap ede moun fè plis pwogrè nan lavi yo. Pale pawòl kontantman,  lanmou, linite ak rekonsilyasyon.

Wi! Fòk nou pale. Fòk nou pale sou tout sijè k ap trakase nou nan sosyete a, sitou nou tout bezwen peyi nou devlope, nou dwe pale sa k korèk san nou pa fè difamasyon, san nou pa lonje dwèt sou moun; pandan n ap respekte youn lòt.

Fòk nou pale pou n ka pèmèt sa yo ki ekskli nan sosyete a kapab retounen vin pran plas yo nan gran rasanmbleman tèt ansanm lan, pou Ayiti ka ale douvan.

Pa imilye moun lè n ap pale, sa kreye moun ki egri ak chimè pita. Sispann rele moun chimè, kokorat, elatriye. Sonje kote nou sòti. Pataje tout sa ki bon yo youn ak lòt. Sispann bese lòt la! Okontrè, kenbe men sa ki pi fèb la pou w ede l monte.

Mwen kwè li nòmal pou nou pale. Pa janm kite lòt moun pale pou nou. Se sa k fè m ap pale la a Jodi a wi. Se paske m vle pale pou eklere lespri nou sou sa. Nou dwe pale. Fòk yo ban nou pale e fòk yo respekte opinyon pa nou an tou lè n rive pale. Pa janm neglije pale! E konn kijan n ap pale. Pa pale twòp pou n pa peche. Sa vle di pou nou pa di pawòl ki pa laverite, ki ka blese moun, ki blasfème non moun. Pou m fini, fòk nou pale de fason entèlijamman e diplomatikman.

Mwen kite nou pale paske nou tout se pitit bèl manman kreyòl cheri nou an, Ayiti.

Pale, pale nou mezami!

JHB

Tout Dwa Rezeve©Edite 20 Dawout 2020

*

 Viré monté