Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Remèd natirèl pou pwatrin ak konjesyon pilmonè

Natural Chest Remedies and Pulmonary Congestion

(© Jean H. BELLEFLEUR)
kontak: jhbellefleur7@gmail.com contact
Dawout 2017: August 2017

Konjesyon lestomak lan ka fè menm moun ki pi kontan yo pa kontan. Li rann alafwa respirasyon ak dòmi an difisil, epi ka menm mennen w pèdi apeti. Malgre gen anpil medikaman kont tous ak ekspektoran sou mache a pou trete pwoblèm sa a, kèk chwazi pou trete konjesyon pwatrin lan natirèlman. Remake byen ke, mezi sa yo kapab efikas, yo pa destine pou itilize a long tèm. Si konjesyon w lan pèsiste aprè yon semèn aplikasyon nan aksyon sa yo, chèche konsèy doktè swen sante w la.

 

Chest congestion can even make the happiest people unhappy. It makes both breathing and sleep difficult, and can even lead to loss of appetite. Although there are many cough medications and expectorants on the market to treat this problem, some choose to treat chest congestion naturally. It should be noted that, although the following measures may be effective, they are not intended for long-term use. If your congestion persists after a week of implementing these remedies, seek the advice of your health care physician.

Ogmante likid ou yo

Byen idrate jwe yon gwo wòl nan kraze konjesyon pwatrin lan. Plis likid ke ou pran, plis larim lan vini, sa rann li pi fasil pou ranvwaye l sòti nan poumon ou yo. Youn nan meyè bagay pou bwè pou konjesyon pwatrin lan se dlo cho avèk sitwon nan dlo a, answit melanje yon gout oswa siwo myèl avèk yon ti kiyè pwav Kayèn nan dlo a. Gagari l ak melanj dlo cho a ede kalme gòj ou, espesyalman si li se yon tous souvan ki fè mal. Ou kapab bwè melanj dlo ou a pou ede eklèsi larim nan poumon yo.

 

Increase your fluids

Being well hydrated plays a big role in breast congestion breaking. The more fluids you take in, the longer the mucus becomes, making it easier to expel it from your lungs. One of the best things to drink for chest congestion is hot water with lemon and honey. To improve efficiency, you can boil a lemon wedge in the water, and then mix a drop or two of honey with a teaspoon of cayenne pepper to the water. Gargling with the hot water mixture helps first soothe your throat, especially if it is painful to frequent coughing. You can drink your water mixture to help clear up the mucus in the lungs.

Fè yon bwason Ten

Ten chofe ede pou detann poumon yo epi dekole larim ki lakòz konjesyon an. Pou fè remèd sa a lakay, tou senpleman bouyi yon tas dlo epi ajoute de gwo kiyè ten fre a. Lè sa a, kouvri epi kontinye bouyi pandan yon lòt senk minit, aprè sa w ap vide melanj lan nan yon tas epi pwofite pandan ke li cho.

 

Make a cocktail of Thyme

Thyme heated helps to relax the lungs and loosen the mucus causing congestion. To make this remedy at home, simply boil a cup of water and add two tablespoons of fresh thyme. Then cover and continue boiling for another five minutes, after which you pour the mixture into a cup and enjoy while it is hot.

Respire vapè

Malgre sa fèt nan douch la, li pi efikas lè ou itilize yon kaswòl ki gen dlo bouyi. Pou resevwa plen efè yo, kouvri tèt ou avèk yon sèvyèt pandan w ap respire vapè yo ki soti nan kaswòl dlo a. Vapè yo ede detache larim nan poumon yo ak pwatrin lan, ki fè li pi fasil pou krache ak deliberasyon.

 

Breathe steam

Although this can be accomplished in the shower, it is most effective when using a pot of boiling water. To receive the full effects, cover your head with a towel while breathing steam vapors from the pan of water. The vapors help detach the phlegm into the lungs and chest, making it easier to spit and release.

Sous: rechèch pèsonèl sou entènèt.

Tradui de Fransè an Kreyòl ak Anglè pa Jean H. BELLEFLEUR, Tradiktè - Editè. Ansyen Enstriktè nan Lang Kreyòl Ayisyen ak Piskò-Ayiti & Chèchè Endepandan.

Konnen ke enfòmasyon sou sante ki founi nan dokiman sa a pa angaje m nan anyen. Sèlman si w gen yon pwoblèm ki trè grav konsènan sante ou, kontakte doktè w imedyatman pou èd ijan.

 

Source: personal search online.

Translated from French to Creole and English by Jean H. BELLEFLEUR, Translator - Editor. Former Instructor in Haitian Creole with Peace-Corps Haiti & Independent Researcher.

Know that health information provided herein does not engage me in anything. Only if you have a very serious problem regarding your health, contact your doctor immediately for urgent help.

boule

 Viré monté