Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Suze Baron

Suze Baron

TANBOU-A PALE

tanbou-a pale
Ti-Roro fè
tanbou-a pale
nòt yo leve
yo mache
y'al sote
sou Sò Yaya

yo rantre
nan kòlèt li
yo jwe anba vant li
teke zantray li

Sò Yaya
alèkile
avèk de bra-l anlè
k'oun pè k'ap preche
kòmanse gouye

pli nan vant li woule
kou vag sou lanmè
souf li kou timoun
k'ap sote kòd

lò misik la fini
figi Yaya w'a di
oun fanm ki
fèk fin fè lanmou

crabe

Yo di
san kretyen
enrichi
latè
Si sete vre
si sete vre
mezanmi
ala diri
pitimi
ak mayi
ki ta genyen
lan peyi
Dayiti.

crabe

Teneb Teneb

Se lan ri St Honore
tape a komanse
ri reyinyon reponn

toupatou
se kowkow kowkow
kowkow kowkow

Ti moun granmoun
travayè lokatè
chofè faktè

komèsan chalatan
abitan Dirijan
Tout ap tape

Yo tape
sanrete
yo tape
jous Bondye
lan syèl la
tande.

boule   boule   boule

Traductions

boule   boule   boule

Bibliographie de la famille Baron

Family Baron Family Baron Family Baron Family Baron Family Baron
Family Baron Family Baron Family Baron Family Baron Family bBaron
Family Baron Family Baron Family Baron Family Baron Family Baron
Family baron Family Baron Family baron Family Baron Family Baron
Family Baron Family Baron Family Baron Family Baron  

 

 


 

boule

Viré monté