Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

De bò goch

Jean-Baptiste Anivince

 

 

 

 

 

 

 

 

De bò goch, Jean-Baptiste Anivince • ISBN 9789997020048 •
Éd. Choucoune, Port-au-Princes.

Quatrième de couverture

Jean-Baptiste Anivince se kowòdonatè Festival du Livre et des Arts du Nord-Ouest d'Haïti (FLANOH) ki s on inisyativ Société Nord-Ouésienne des arts et des lettres (SONAL), Responsab Direksyon kiltirèl/ literè Editions CHOUCOUNE, prezidan-fondatè Tanbou-Literè e Direktè Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK).

Nan De bò goch, Jean-Baptiste Anivince kontinye avèk menm militans ki te sele pwezi kreyòl Ayiti a byen lontan anvan ane 2000 yo. Kòm literati ak sosyete se asosye, pase pran mwen, m'a pase chèche-ou, Anivince pa kab dòmi kole ak lokipasyon degize. Kèlkeswa fòm lokipasyon an, kèlkeswa koulè li, lokipasyon se kòd pou mare devlopman, lento pou pann lespwa, pèlen pou lespri ki vle viv an gran.

Anndan De bò goch Anivince di nou:

«lavni tankou sa n regrete
nou lage non nou sou lanmè
nan san nou tout tanbou vin kriye
syèl rechiya jouk lannuit pann zetwal
»

Pi devan nan liv la, Jean-Baptiste Anivince mennen nou nan site lendepans lan, pou li al mande zansèt yo dekiprevyen:

«Gonayiv
kan minista pichkannen limyè
sou tèt zansèt yo
souverènte n
ran larim marasa k ap fè kous
van plenyen nan twòkèt fèy
m kriye mezi vil ki nan tèt mwen
»

Si nou obsève vèpwezi (liypwezi) ki nan estwòf ki pi wo yo, nou kab remake chak liypwezi granmoùn lakay li. Chak vèpwezi se yon lide, chak lide se yon pous aksyon nan devlopman panse pwetik la. Anivince prefere avanse pous pa pous tan pou li rasanble panse li nan yon sèl estwòf pwezi. Lè nou li De bò goch, nou va rive apresye pi plis teknik pous pa pous Anivince ap eksperimante a, paske se nan goute konnen gou rete.

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
Vis prezidan Biwo Santral Sosyete Koukouy

boule  boule  boule

DE BO GOCH YON TABLI NAYIF: IJANS SOSYAL

Pale sou yon èv atizay, se jwenn oubyen chache rapo tèks la genyen ak sosyete li fè pati a. Oubyen se  eseye marande sosyabilite li ak literarite li pou eseye anvizaje imajinè ak ijans sosyal k'ap defile nan èv atizay sila(Claude Duchet). Paske, nanpwen èv atizay ki vini konsa konsa, li se rezilta yon pakèt faktè nou twouve nan yon sosyete byen detèmine. E atis la oubyen powèt la limenm, menm jan les Frères Grim(Jacog, Wilhem) di li a: Li la pou li fè panse sosyete a pase. Kidonk, li se yon vwadonb! E se pou sa pawòl atizay la di: Si vwa pèp la se vwa Bondye, alòs vwa atis la limenm sonnen pi fò pase vwa pèp la. E se sa ki lakoz yo rele li pòtpawòl. Konsa, lye literarite ak sosyabilite, se antame rapò ekriven an ak anviwonnman li. Otreman, se chache dimansyon fenomenolojik tèks la, nan gade pou wè ki chwa estetik powèt oubyen atis la fè pou li kapab fè mesaj la pase. Sitou, lè èv la enskri li nan yon dinamik angaje ou literati angaje, jan Filozòf ekzistansyanlis la prekonize li a ou byen literati jeklere pou repete Jean-Robert Durandisse ak Michel-Ange Hyppolite! E Bettina Ghio pa depaman ak lide sa a, lè  li di: Literati se rapò ak ijans[...] se konprann tèt ou, pou w kominike ak lòt yo. Kidonk, literati gen yon misyon sosyal, se yon projeksyon mantal. Alòs, li ta bon pou nou gade nan DE BOCH GOCH kouman Jean-Baptiste Anivince nan yon reyalite adisyonèl pou n repete Daniel Mercier pale de ijans sa e transmèt li bay sosyete a. E kouman tou Anivince Jean-Baptiste pozisyone li?

ANJE TEKS LA:

Anivince Jean-Baptiste, alyas ''Ti Vens'' se nèg depatman Nodwès. Li fèt nan yon fanmiy kretyen, pitit yon Djak Legliz, nan yon seksyon kominal yo rele Atrèl ki sitye ant depatman Latibonit ak depatman Nodwès, kote li te fè etid primè li. Aprè sa li ta pral fè etid segondè li nan vil Podepè e pou rive nan Kapital Pòtoprens pou etid Inivesite li. Se yon nonm ki konnen byen  reyalite Fawès la. Ki benyen nan reyalite zòn sa a pi souvan Leta Ayisyen bliye. Anivince  koumanse ap ekri depi li te nan vil Podepè, li te pibliye plizyè rekèy pwezi klasik ki pase sou silans. Depi kèk tan swa nan lane 2012, Anivince gen yon sansiblite pou kouran sireyalis, yon kolesere ak mouvman André Breton an depi lò li te fin tonbe sou tèks Guillaume Apolinaire, ki se ''Les Mamelles de Tirésias'' la atachman li te tou dekachte pou estil pwezi sa a, anpi tou pou rapousuiv tras powèt Ayisyen parèy li ki jwenn plas yo yomenm tou nan fòm pwezi sa a. Nou vle pale de: Magloire Saint-Aude, Marx-Exavier, limenm ki se nèg menm depatman ak Anivince. Moun ki banke ak Anivince konnen li se yon powèt ki trennen sa li ye, ki jistifye li ak kouran li adere li a menm si se pa jouk nan dènye limit la. Nan dyalòg kontidyen li se pwezi li pale, se dyalòg atis li genyen avèk tout moun, konvèsasyon powèt. San bliye, sou pawòl Anivince, pafwa yo konn ba li devwa nan Fakilte li, lè pou li sonje se yon travay syantifik l'ap fè, li te gentan sou yon paj pwezi. Kidonk, Anivince Jean-Baptiste kole-pyese ak imajinè li ak konsyans powèt li.

DE BO GOCH pibliye an 2014, nan edisyon Choukoun, se yon rekèy pwezi. Liv la gen de pati ladan, ki se de bòch goch ki tou gran tit la ak kè grenn, limenm ki ta plis ale nan sans lanmou,  e pa twò lontan n'ap gen pou nou manyen li nan analiz nou. Jean-Baptiste Anivince pibliye deja ''Ma ville en Archipel de vers/Mo bosal(2010)'', ''Descente Horizontale(2012)'', ''Miroir pour Habiter l'absence(2013)''. Jean-Baptiste Anivince, se direktè Regwoupman Ekriven Kreyòl(REK) ak Prezidan-Fondatè Tanbou-Literè anpi kòdonatè Festival du Livre et des Arts du Nord-Ouest d'Haiti(FLANOH), san bliye li se Responsab Direksyon kiltirèl Editions CHOUCOUNE ak Memoran nan Antwopo-Sosyo nan Inivesite Leta Ayiti a, fakilte Etnoloji.

DE BO GOCH? Ki di goch di goche. Nan sosyete ayisyen an lè yo di yon moun goche sa vle di anpil bagay. Yon moun ki goche konn vize anpil lè l'ap tire wòch sou moun oubyen sou zwazo. Se yon veritab chasè! Men malgre sa pa anpeche yon konsidere men goch la kòm vye men...men goch tou gen pouvwa gerisè, sitou lè nou gen maladi kou-vire se limenm nou voye chache ki pou drese kou nou. Nan jwèt foutbòl, baskèt yon moun ki goche se yon bon jwè men ankò sa pa anpeche yo rele li kokobe, pou jwè parèy li pran blag sou li: tibosi, ou gen yon sèl ponyèt ak yon sèl pye, ou pa fouti gen debò! Pou nou di yon moun kreten nou joure li goche. Pou nou di yon moun entèlijan oubyen konn reflechi anpi pou nou di li pa fou, nou di tèt nonm sa a dwat. Poutan pati nan sevò a ki responsab lojik, rezònman, konte, langaj vèbal se pati goch la oubyen pati konsyan an. Menm si kè nou plase sou bò goch, nou toujou di pou n felisite yon moun ki gen kè sansib, nou di kè nonm sa a dwat. Nou nan yon sòt mouvman trese detrese! Alòs, kouman Jean-Baptiste Anivince fè konstrui tit rekèy pwezi li sou mo goch, pou limenm rive adisyone li ak yon lòt goch pou ba li de goch, anpi rezilta a ba li de bò goch? Paske de goch yo pa fouti pa gen yon pati...piske se mo ki trennen lide, lide menm mennen matyè, e matyè a kapab mantal(fòm imajinè) oubyen fizik. Men sa ki etonan an, tout bagay gen de pati, goch ak dwat men nou anfas yon fòm ki gen de pati men ki pa kontrè, ki pa depaman. Kidonk, nanpwen ekilib ki tabli.

Jan Michel-Ange Hyppolite di li a nan prefas la, Jean-Batiste Anivince genyen yon apwòch pou pa pous. Sa ki vle di, chak vèpwezi se yon lide, chak lide se yon pous aksyon nan developman panse pwetik la. Konsa, analiz nou an pap depaman ak apwòch vèpwezi powèt la, kote yon vèpwezi nan yon estwòf kapab  sèvi nou esplikasyon san nou pa chita sou lòt yo. Paske, chak vèpwezi yo endepandan! E sa pap anpeche nou tou sèvi ak tout yon estwòf lè sa mande, sitou lè n'ap gen pou n fè apwòch entètèks oubyen mizannabim.

De bè goch, se yon pwezi manchlong oubyen flèv, kote li koumanse ak: di manman  pou mwen anpi teks la fini ak: Peyi a pipi san jouk Leta anwe. E se premye rekèy pwezi kreyòl konplè Anivince pibliye. Kidonk ki endepandan!

DE BO GOCH  YON ESTETIK DELABREMAN POU YON TABLO NAYIF

DE BO GOCH: Se yon sòt manifestasyon ki tanmen nan èv powèt la. Yon tablo nayif menm si imaj yo fwape sireyalis, k'ap dekri sitiyasyon aktyèl la, ki anchouke nan yon estetik delabreman/trajik. Kote powèt la envante tèt li kòm premye pèsonaj nan tèks la pou tanmen yon dyalòg sou yon objè komen. E se sa Maximilien L. rele sijè-dedouble a. Yon liriz pèsonèl nan yon nouvèl k'ap pote bay yon entèlokitè ki pa pre, men ki gen pouvwa rezoud pwoblem peyi a: di manman mwen pou mwen/ peyi a fèy tòl nan ekwasyon van an.(p.9)Kidonk, powèt k'ap denonse ak plim li, se limenm ki nan tèks la tou k'ap denonse, nan espas ak tan li twouve li a, li pa kapab pote solisyon, men pito konsyans powèt la ki eveye nan li ak pawòl li, de manyè endirèk sa pral penmèt bay moun li voye mesaj la vin pote li sekou.

Nan DE BO GOCH, nanpwen moun ki vize epoutan tout moun konsène(vizib oubyen envizib). Chak moun kapab agi selon kapasite yo. E san nou pa bliye powèm lirik yo se diskou nanpwen echanj diskou nan yo, ki diferan ak yon sèn teyat. Kòm powèm angaje, De bò goch twouve sous li nan sosyete a. Tèks la mansyone non manman plizyè fwa men konsèp manman an kite konpreyansyon premye degre a (manman pitit) pou evoke yon lòt fòm larèl lide, nan sa ki gen awè ak zansèt yo. Fòk nou pa bliye se pwezi, kidonk se imajoloji ak ilizyon k'ap fèt oubyen kreye! Vwalatilpa, Powèt la ekri ak men goch. Kòm  sou nonm ki goche, miche  sanble  byen vize pou li puize nan sosyete a pou konstrui èv li.

Tèks la pase pran katastwòf douz janvye pou libere yon kouch enèji rèv nan tèt powèt la. Yon souvnans ki tache ak twomatiz ki poko ka jwenn terapi! Yon pèrèz pou manifestasyon Agawou(trablemandetè). Yon java nan sèvo li e menm ekriti powèt la gen lapèrèz: pa fouye douz janvye nan powèm nan/ twòp bri/twòp rèl(p.23). Tout moun ap mande lanmò, ap viv nan lanmò paske douz janvye poko fin pase...li toujou la ap fè pale de li: dat la bliye non l nan vil la/ dat la siyen non l nan vil la/ dat la friz sou lang mwen(p.22). Sèl yon boutèy ak lafoli ki se veritab medikaman pou sosyete sa a alèkilè: men m nèg pou kò m nan on gwòg(p.17)/ m blo prezans mwen nan foli m(p.31). Nanpwen larelèv nan peyi isit. Tout pepinyè yo ale ak sa yo te posede(manman, papa, piti, pwofesyonèl elatriye) e depi lè sa a lavi pa pase ankò,  anyen pa rive fèt pou soulaje doulè ak lamizè popilasyon an. Se sa ki fè, dat sa a toujou ap viv ak yo...tout sa yo te pran ventan oubyen trentan pou konstrui...te detui nan yon timoman, nan 45 segond...yo tounen mò ki an vakans, lage men balan, san konnen ki moun pou rele: Wotè chanmòt debout/ douz janvye souke/ doulè mòde tou wouj/ grann brijit bawon samdi/ fòskomin simityè bwè laj tou vèt/ chen manje laj tou vyèj(p.24)

Peyi Powèt la san Leta. Veritab ènmi popilasyon an se Leta, limenm ki ta dwe responsab myezèt li, pou ta ofri li yon lavi miyò. Men se pa sa ki rive fèt, se kontrè: manman ki kote pou m lage m/ lè peyi a kouri dèyè m(p.13) se yon leta k'ap chase pwòp pitit li, touye moun li dwe chanjman lavi miyò. E nanpwen moun ki epanye menm, tibebe ki nan eta inosan! Leta sa a tèlman maje pitit li, se san li pise. Se  yon Leta kanibal: peyi a pipi san jouk li anwe(p.52)/ prezidan prije priyè timoun(p.27). Leta fè kadejak sou laj mwen, ki di, malgre Leta pa vle wè moun ki fè l Leta, ki te vote li, sa pa anpeche chak kote powèt la pile, li bati yon espwa, yon vil, yon lòt peyi, swa nan tèt li oubyen nan tèt ayisyen konsekan yo: M krache on vil tout kote m pile/ pedagoji foli m s'on jou k'ap leve(p.51). Powet la pa pè, li ak tout san fwa li pakse li di: m pile beton lanmò deja/ m pa mouye(p.48), e se sa ki fè li vin machann letènite(p.47). Kidonk, lap denonse san rete!

Sous delivrans peyi sa a rete nan yon powèm. Poukisa? Eske se pale powèt la bezwen pale ak kretyen yo? Paske tout je kretyen kale ap tann retou yon Mesi san yo pa vle mete aksyon yo osèvis peyi yo. Pou sa powèt la di yo yon sèl fason pou yo wè Jezi k'ap vin chache yo, pou yo jwenn li tou, se chache li nan yon powèm k'ap dekri maltretans sosyete a. Konsa, yo va fini pa pran konsyans ak konprann anvan yo se moun syèl, se sou latè y'ap viv, se ayisyen yo ye, yo tout konsène nan batay la:Jezi vini nan yon powezi(p.43)

Ayiti ap toujou rete yon rèv ki poko janm ap fin materyalize, fin akonpli. Paske menm pawòl ki di depi nan ginen ti nèg rayi ti nèg la poko sispann. E nou ènnmi pwòp tèt pa nou, nan chache boure sèvo n ak fatra pou n ka toujou dezakòde jan Klass nan mizik Nou se ayisyen an di li a. Nou nye sous delivrans nou, nou tchuipe ane liberasyon nou pou nou ka jwenn grenn bak lakay sa yo ki jalou de pase eroyik nou. Nanpwen siyal oubyen limyè sou wout nou: apa lajounen kase tèt tounen/ solèy mache do ba/ tout kontrè kontre nan sevèl tèt/ poutèt dizwisankat/ yon rès wout rete nan pye nou(p.25). Ann mete men pou n fin akonpli pwojè Zansèt nou yo. E se pou nou konsyannou se ayisyen nan zile karayib la e se yon sèl la nou ye, jan koze a di, nou se pitit bò kot manman, bò kot papa, travèse pa menm kouran sivilizasyon: nou se karayibeyen depi nan doulè rive jouk nan listwa(p.36) . E apwòch mizannabim sa a ap penmèt nou  tou rale mizik klass la ankò, nou se ayisyen an ki di: Nou dwe refè yon lòt miluisankat la. Kontinye pwojè peyi Zansèt yo. Paske peyi a divize, fann debout, nasyon an dechire, youn kont lòt, se ying-yang! Nanpwen linite ki tabli nan mitan nou ankò. Vil kont lòt vil e si tout fwa nou mete fòs nou ansanm se pou n ka detrui pwòp frè nou: Podepè di je potoprens mare/ nan ke wòb madan kolo(p.29). Tout moun ap abize yo de feblès lòt. Kote tou, dizui novanm ak premye janvye nan tirayman, youn pa vle ede lòt. Chenn linite a kase: se nan zorèy Okap vin di m/ Gonayiv gen dlo pre(p.30). Chak moun ki deside byen ranpli fonksyon yo nan sosyete a, yo voye li nan peyi chan chapo, sa ki lakòz peyi a pa gen moun k'ap panse pou lavni li ankò: lè zetwal yo pèdi anplwa yo/ lavi m'al ri nan ri lantèman(29). Kisa ki ka pote de bon nan yon peyi kote moun se ak lanmò y'ap viv? E yo tèlman sanble ak lanmò, lanmò kite yo viv ak volonte yo si yo vle yo va mouri: m anmègde lanmò kon lavi vle(p.42).

Peyi a vid! Peyi a ap viv san konnen poukisa, sitou ak yon Leta k'ap jwe wòl ONG e kote tout peyi oubyen lòt nasyon vle ede pou yo ka souse li pi byen. Pou yo ka ogmante mizè li pibyen: Leta ONG tande(p.44)/ mondyalizasyon fè grèv nan rèv ti peyi(p.16). Powèt la denonse kolonizasyon. Men podyab kolonizasyon an pran yon lòt fòm, vizaj yo chanje men se menm chofè yo. Senpman yo rete dèyè, y'ap bay dikte. Apa yo konnen nou renmen foutbòl, yo ban nou Brezil pou okipe zafè  minista ak kèk ti peyi Amerik-latin anpi lafrik elatriye, limenm ki se frè n, si li la nou pa ka di se kolonizasyon ni pou lòt ti peyi yo tou. Se yon chwa kalkile! Paske souvan lè n di kolonizasyon nou wè gwo peyi yo, tankou Etazini, Lafrans, Kanada elatriye...sètfwasi yo pa la! Men se may kap mete: Kote pou m lage m lè minista fin souse souf vil yo/ kan minista se pokan sou po/ kòman demen ape kanpe(p.18).

Kolonizasyon pa pote lòt bagay, se maladi ak lamizè. Paske depi enperyalis yo pile yon kote se detrès ak kalamite yo pote. Se kraze ak piye yo vin piye pou yo sa pi rich ak gen plis pouvwa san konte konbyen maladi yo pote!(fenfon tribilasyon grif kolonizasyon(p.34)). Anivince denonse okipasyon, denonse tout malè ki pandye sou tèt sosyete peyi li. Chak jou ki jou, se mizè popilasyon an k'ap ogmante, se soufrans mas pèp la k'ap pran degre e pyès moun pa ka di yon mo pou li e Leta se pwazon rèv sosyete sila: mizè mize sou souf nou toulejou/ Leta se viyaypi lanmò/ vi a pi lanmò/ tan an pote dèy li sou figi nou(p.21).

Edikasyon se baz devlopman yon sosyete. Men kouman panse devlopman lè pi fò moun nan peyi pa konn li ak ekri. E rèv tout moun sa yo se ta konn li ak ekri pou yo ta itil peyi yo k'ap mache sou plas: tout alfabèt pran okèt nan kè pèp/ tout alfabèt bèbè nan priyè pèp(p.27) e se pou sa lespwa prèske pa parèt ankò ni pou nou ta wè siyal devlopman(p.50).

Powèm nan di tout bagay nan fason pa li, pou prezante nou reyalite peyi a nan tout konpatiman li. Yon tèks ki merite enskri nan panteyon tèks jèn powèt kontanporen yo ki deside chante pwoblèm peyi a nan yon apwòch delabre oubyen nan yon estetik trajik ki chita sou delabreman oubyen tou atizay chòk. Tousuit nou wè” Iléus Papillon(Chimen dekoupe, Tribòpabò), Inéma Jeudi(Gouyad Legede), Miraclin Jean(Marèl), Sagesse Mécerne(Gout-Rèv), Kempesse Brice(Gri-mas) elatriye. Nou pa gen dwa bliye Atis-Rezistans yo menm ki te gen tan koumanse ak fòm estetik sa a, ki se delabreman depi anvan 96 oubyen nan lane 93 nan atizay rekiperasyon. Eske tou ranfòsman fòm estetik sa a nan èv literè nou yo, sitou lakay jèn powèt yo, sekous tranblemandetè douz janvye a pa jwe yon gran wòl ladan? Oubyen èske se yon amòs jan krititik atizay Webert Lahens di li a pou dekouvri oubyen anonse yon lòt fòm mouvman atistik oubyen literè Ayisyen? Oubyen tou èske se demanbreman sosyete Ayisyen an ki se veritab responsab?

YON SOSYETE  K'AP TANN YON LIBERATE K'AP SOTI LWEN

Jean-Baptiste Anivince bay pote yon nouvèl. E sa fè n sonje chante tradisyonèl-vodou ki di: Papa Loko ou se van […] ou se papiyon w'a pote nouvèl ba yo. Si se papa Loko ki pote li ale petèt nouvèl la va rive? Men gen yon pawòl Ayisyen renmen repete lè yo bay yon moun pote yon nouvèl pou yo, pou di: komisyon pa chaj men nou pa dwe bliye, gen yon lòt ki di: koze rapòte pa pote bon nouvèl. Paske moun k'ap pote mesaj la oubyen nouvèl la pa fouti pa defòme li. Eske n'ap sèlman chita voye nouvèl ale sa n pa deside yon lè mete men nan pat la, nan batay la pou chanjaman an. Paske tout tan nou pran pou bay nouvèl la, nou te ka fè anpil bagay. Souvan sèten Powèt, Ekriven, Atis elatriye, yo toujou gen yon relasyon espektatè, oubyen distans ak peyi a nan fè dekripsyon san preskripsyon(modèl politisyen tradisyonèl). Si tout fwa nou pa deside voye di, li ta bon, konsa, nan eta delabreman/trajik oubyen demounal, pou n repete Hénock Franklin, peyi a twouve li a, nou ta mete men pou n chanje sa pi vit olye n'ap tann repons nouvèl nou voye ale a. Paske voye nouvèl pa vle di rive! E feblès nou rann nou enkapab pou n chanje jodi ak demen. Tankou sa ki di nan vèpwezi sa a: Kite lespwa jete dlo tande/ desten demen n pa ka detenn konsa(p.28). Se yon pawòl espektatè ki kanpe k'ap tann lespwa aji pou li, men ki pa pran yon pati pou ede lespwa reyalize. Anplis yon atitid k'ap ankouraje moun rete kanpe tann jouskaske yo vin pwatann. Pou dayè ki wòl literati? Eske se pa projeksyon?Si n pat mare kou krab nan zafè devlopman mantal, vèpwezi sa a te ka jwenn jèvrin pou l ta di pito Ann jete dlo lespwa pou desten demen n pa detenn! Se t'ap yon fraz otorite olye yon fraz rechinya k'ap plenyen. Men vèpwezi a tradui reyalite mimetik la. Se yon sosyete k'ap tann yo vin pote li sekou, li pa ka pran desten li an men. Si di ak fè se menm oubyen si di se fè, diskourè ak revolisyonè se menm bagay. Kidonk, teyori vle di pratik. Men nou tout konnen se pa fouti vre. Nou kapab di Powèm nan se yon bilan k'ap dekrete ijans.

DE BO GOCH: se yon patrimwan vivan nan zafè pale malsite, fristrasyon ak valeryann sosyete a, sitou nan sitiyasyon aktyèl nou ye la a. Se sa ki fè mesye kritik atizay yo di: Atizay se revelatè, li la pou fè nou konnen sa k'ap pase ozalantou nou. E se nan sans sa a Sylvie Bauer et Anne-Laure Tissut di nou nan La vérité en fiction,  ''fiksyon, atizay an jeneral se sous verite''. Yon maryaj reyèl ak ireyèl-entèprete pou konstrui yon monn ki pral chita sou refleksyon, nan mete nou pi prè ak reyalite nou san pou otan li pa preskri oubyen pwojte. Se yon tablo miwa fas-majik jan Manno Ejèn renmen di li a, pou nou gade san pèdi yon yota. Se yon reyalite ki rekreye oubyen fè yon mimesis(platon), sa nou ta rele reprodiksyon, imitasyon men ki pa yon kopi tèt koupe, ki se rezilta fiksyon ak reyalite. Paske sansibilite, jeni powèt la ba li pouvwa pou li jwe sou mo yo ak sou lang lan. Nan lide pou kreye emèvèyman lakay nou. Paske yon powèt se yon lavandjè-mo.

E bay kiyès Anivince voye nouvèl la? Nouvèl k'ap denonse a? Bay manman. E nou konnen kisa lide manman trennen dèyè li. Ki se: bay lavi, nesans elatriye. Alòs pa resanblans manman vle di Zansèt yo ki te ban nou bout tè sa a, kite kreye nasyon sa a, peyi sa a. Men kou di Maximilien Laroche: Zansèt yo kapab ban nou konsèy men yo pa kapab sèvi nou de manyè pratik kont advèsè aktyèl nou yo...paske tan an limite yo!...mit yo pa kapab bay pyès garanti...petèt  yo ka ban nou konsolation ak esperans. Paske se sèl listwa jodi a, moun kounyeya ki kapab bay nesans ak ero  oubyen lejann. Moman an rive pou nou kite estad mitoloji a pou anchouke nou nan estad aksyon, pratik oubyen mobilizasyon. Paske aprè Boukman te fin ale, Tousen vini, aprè Desalin vini men depi lò kilès ki suiv mouche Lanperè pou mennen rèv la pi lwen? Paske olye pou nou fè rèv yo a vanse pou pi lwen nou pito fè sa M, Laroche rele Remontée paradoxale la oubyen nan lang ayisyen an ''mach-annaryè''. Ki di, olye nou ta mennen ideyal  Jeneral yo pi lwen men nou pito vle sanble ak yo. Bourik fè piti se pou do li pran repo, alòs, menm si nou pap janm ka pran plas Papa nou men nou kapab fè rèv yo rapousuiv. De bò gòch peyi pa kapab  byen vize lespwa, ak byen vize pou touye anpi rache pwoblèm men se pito yon sitiyasyon ki montre peyi a pa gen ekilib. Kidonk, l'ap mache sou plas!!!

Nanpwen manman, nanpwen pitit sa ki mouri zafè a yo. Paske nanpwen chanjman ki pa mande sakrifis. Ann fò de bò goch la tounen mouvman ekilib, pou n vanse nan prensip libète-egalite-fratènite pou n konstui peyi nou. Alaso!

 

Orso Antonio Dorélus “Art-Gens”
Histoire de l'Art et Archéologie
U.E.H(IERAH/ISERSS)
dorelusorsoantonio@ymail.com

boule

 Viré monté