Estrateji Pou Rebwaze Ayiti
(Emmanuel W.Védrine)

Me 2005

Pye gayak (Guaiacum officinale L.; fanmi: Zygophyllaceae)
Pye gayak (Guaiacum officinale L.; fanmi: Zygophyllaceae). Photo F.P.
ESTRATEJI POU REBWAZE AYITI gen pou wè ak tout yon Kanpay Edikatif sou sa. Se yon bagay ki dwe konsène gouvènman, sektè prive, òganizasyon, ONG ak gwoup moun nan chak seksyon kominal an(n) Ayiti. Sa ta dwe antre tou nan kad Korikilòm Lekòl (yon kou espesyal sou sa pou edike timoun yo dekwa depi piti pou yo pran konsyans de anviwonnman an / kijan pou renmen l e pwoteje l tou, montre yo kijan fè pepinyè epi òganize joune ak yo pou y al vizite pwovens Ayiti, patisipe nan yon seri ti aktivite rebwazman epi ekri yon ti rapò sou aktivite sa yo), reyinyon tribòbabò pou edike tout moun sou sa (patikilyèman tout peyizan), montre timoun yo kijan pou fè pepinyè, kikote ki pi bezwen pou yo plante pyebwa, ki tip pyebwa pou plante (an priyorite). Fòk ta gen yon yon seri sant sou pye ki anchaje yo de pepinyè ak distribisyon yo.

KÈK PEPINYÈ PYEBWA:

Pye (z)abriko (Mammea americana L.; fanmi: Clusiaceae)
Pye banbou (Bambusa vulgaris; fanmi: Poaceae)
Pye gayak (Guaiacum officinale L.; fanmi: Zygophyllaceae)
Pye kachiman (Annona squamosa L.; fanmi: Annonaceae)
Pye kafe (Coffea arabica L.; fanmi: Rubiaceae)
Pye kajou (Acacia lutea Mill; fanmi: Mimosaceae)
Pye kalbas (Lagenaria leucantha Rusby; fanmi: Cucurbitaceae)
Pye kanpèch (Haematoxylum campechianum L.; fanmi: Fabaceae)
Pye kayimit (Chrysophyllum cainito L.; fanmi: Sapotaceae)
Pye kenèp (Exostema caribaeum Urb.; fanmi: Sapindaceae)
Pye kokoye (Cocos nucifera L.); fanmi: Arecaceae
Pye kowosòl (Annona muricata L.; fanmi: Annonaceae)
Pye mandarin (Citrus reticulata Blanco); fanmi: Rutaceae
Pye monben (Spondias mombin L.; fanmi: Anacardiaceae)
Pye piyong (Gliricidia sepium Kunth; fanmi: Fabaceae)
Pye ponm kajou (Anacardium occidentale L.; fanmi: Anacardiaceae)
Pye rezen (Vitis vinifera L.; fanmi: Vitaceae)
Pye sapot (Calocarpum mammosum Pierre; fanmi: Sapotaceae)
Pye sapoti (Achras zapota L.; fanmi: Sapotaceae)
Pye sèd (Cedrela odorata L.; fanmi: Meliaceae)
Pye sitwon (Citrus aurantifolia Swingle; fanmi: Rutaceae)
Pye siwèl (Spondias purpurea L.; fanmi: Anacardiaceae)
Pye tòchon (Luffa acutangula (L.) Roxb.; fanmi: Cucurbitaceae)
Pye wozo (Gynerium sagittatum Beauv.; fanmi: Poaceae)
Pye zaboka (Persea americana Mill.; fanmi: Lauraceae)


POU LEKTI SOU TÈM NAN, AL LI:

  1. Agriculture the first Target for Haiti's Development
    http://www.palli.ch/~kapeskreyol/bibliographie/vedrine/agriculture.pdf
     
  2. Agrikilti Ta Dwe Premye Sib Nan Devlopman Ayiti
    http://www.palli.ch/~kapeskreyol/bibliographie/vedrine/agrik.pdf
     
  3. Ann Pale De Bwa Ak Fri Ayiti!
    http://www.palli.ch/~kapeskreyol/bibliographie/vedrine/bwa.html
     
  4. Ayiti, Yon Peyi Ravaje Nou Dwe Sispann Detwi
    http://www.palli.ch/~kapeskreyol/bibliographie/vedrine/ravaje.pdf
     
  5. Dyalòg Sou Rebwazman An(N) Ayiti
    http://www.palli.ch/~kapeskreyol/bibliographie/vedrine/dyalog.php
     
  6. Kèk Plant Kreyòl Ak Non Yo An Laten
    http://www.palli.ch/~kapeskreyol/bibliographie/vedrine/plant.html
     
  7. Kijan Yon Plant Fèt (yon tèks Jean Eric Rene)
    http://www.palli.ch/~kapeskreyol/bibliographie/vedrine/plant.php
     
  8. Sezon sechrès Ayiti (roman)
    http://www.palli.ch/~kapeskreyol/bibliographie/vedrine/sezon.pdf

FIDBAK

M byen renmen atik ou a. Men m ta renmen nou kontinye sansibilize pèp ayisyen an pi plis sou pwoblèm saa. Anpil moun k ap travay latè nan peyi a pa mèt tè a. Konsa yo pa enterese nan zafè rebwazman. Okontrè yo lage  yo tèt kale nan koupe pyebwa. Epitou gen yon pakèt lejann sou zafè plante kèk espès pyebwa. Pa ekzanp moun nan zòn sid(zòn Lèzanglè,ak kèk lòt kote) di si w plante zabriko, sapoti ak kèk lòt kalite pyebwa, kou pyebwa sa yo donnen w ap mouri. Fè yon ti ankèt pou wè si m  manti. Epi tou, poukisa gouvènman  peyi a pa detakse gaz pwopàn? sa ta ankouraje moun yo achte gaz piplis pase chabon. Gen mi n chabon Mayisad, Kanperen, ak lòt kote ankò. Poukisa yo pa deside yo eksplwate yo pito? Mezanmi, ala yon peyi papa!... -- Jean Silvéra François

Mil mèsi pou kout kiyè ou fè nan deba sa a ki si enpòtan pou mwen kòm peyizan ki te gen chans pase lekòl pou konnprann pwoblèm Ayiti pi byen. Mwen di peyizan pase m fèt andeyò, m ap viv reyalite peyizan yo depi piti. Mwen wete chapo devan tout moun ki ba yo valè yo merite pase moun Ayiti, anpil fwa, meprize yo paske se latè yo travay epi yo pa t pase lekòl donk yo pa pale franse.

Wi li enpòtan pou n sansibilize pèp ayisyen pa tout mwayen; pa egzanp, se sa n ap fè la a sou fowòm nan pou fè moun pran konsyans de reyalite n ap pale a. Moun k ap fè radyo Ayiti dwe fè travay yo, moun ki ka ekri dwe ekri ti liv sou sa pou konsyantize elèv yo epi nou tout, alawonnbadè(endividi, òganizasyon, gwoup moun, biznismann), dwe leve vwa n ansanm pou pote tout revandikasyon sa yo bay gouvènman (san bri, san kont e san dechoukay).

Wi majorite peyizan yo pa gen tè pou travay. Mwen diskite sa deja nan kèk rale mwen fè nan sa mwen ekri sou pwoblèm agrikilti an(n) Ayiti . Menmsi yo ta vin gen tè, sa pa vle di pou otan pwoblèm yo pral rezoud nèt ale: èske y ap gen lajan pou achte zouti pou travay latè? (nou vin antre nan faz kredi agrikòl). Èske y ap jwenn irigasyon? Èske gouvènman n pral mete sou pye pwogram pou aprann konsève pwodui? (k ap gaspiye yo; yo voup yo parèt epi disparèt avan 6 mwa ki lakoz grangou). Donk se tout yon chenn kesyon nou ka fè ak yon lè n pran yon aspè ki an rapò ak sijè n ap debat la.

Sou pyebwa k ap mouri yo, donk fò n ta konnen kisa k koze sa ( èske se angrè yo bezwen, èske se kèk pwodui kit a ap detwi yo, èske se tè kote yo plante a ki pa ale ak yo?) e kijan pou solisyone pwoblèm sa a. Pwojè gaz ou mansyone a se yon koze trè enpòtan. Nou wè gouvènman Sendomeng fè sa e se youn nan rezon si w ap konpare koulè 2 peyi yo: Ayiti jòn (paske yo debwaze l), Sendomeng ble (paske yo rebwaze l). Apa de gaz la ki ta dwe sibvansyone, enèji solè se yon sous enèji k ap gaspiye an(n) Ayiti kote nou gen solèy 24/24 men malerezman sous sa a poko janm esplwate, ni tou li pa t ap koute milyonven pou tabli l.

Ayiti genlè gen kèk min toujou (apre sa zenglendo blan esplwate deja). Men tout bagay an(n) Ayiti gen pou wè ak politik , kwè m si w vle. Kisa sa enjenyè, agwonòn, syantis nou yo vo? Sa a se yon gwo kesyon pou n ta debat. Èske yo janm fòme yon michan òganizasyon (rankontre tanzantan kit se ta nan konferans, kit se ta sou entènèt la ki ban nou yon opòtinite bab e moustach jodiya pou n twoke lide pou devlopman Ayiti) pou panche sou pwoblèm peyi a? Donk, ankò nou ka di: ki responsablite nou (Ayisyen an jeneral) etan sitwayen? Ki apò nou (chak Ayisyen) eseye pote nan devlopman Ayiti? Kisa nou menm (Ayisyen, gwoup ayisyen, òganizasyon ) eseye fè nan kad devlopman Ayiti lè n konnen leta ayisyen demisyone depi lè dyab te kaporal? Wi yo demisyone paske yo pa fè travay ke yo te dwe fè nan avantay peyi a? Donk nou menm, etan endividi tou, nou gen responsablite pa nou anvè peyi a. Piti kou l ta ye, ann wè sa n ka fè pou ede . -- E.W.Vedrine

If this initiative is being conducted solely with Haitian Funds,I will be more than happy to donate and participate. On the other hand, if international donors are involved, this project is going nowheere. -- Carl Thelemaque

Some people would certainly agree with you, but at the same time we should not isolate ourselves. This is the globalization age (the world is one to me in this sense). It's important also to know: who would be helping and for what purpose. I myself, as a Haitian peasant, do believe in the philosophy of konbit or collective works and in every beautiful project some people have in mind for Haiti 's development. I first see Haitians supporting them with their heart and soul. We can not rush to say we don't need ‘international donors'; it all depends on who , who likes Haiti to really move forward or not. We can also ask: what are the conditions of the ‘international donors'? Nothing is absolutely free in this case (scratch my back and I'll scratch yours) and I pretty much doubt that most of us would sell our soul to the devil. -- E. W. Védrine


Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com