Mo "pawoli" a antre nan yon aspè lang ki rele RETORIK. Retorik se yon fason moun pale oubyen pou byen pale. Pou reyalize sa, gen yon seri teknik ki itilize pou esprine ide w ap devlope a pa yon yon figi ki rele figi retorik (Gramè Kreyòl Vedrine, 1996 - p.263). Nou jwenn sa nan tout lang. Nan lang kreyòl la, lè nou di pawoli, nou jwenn “pale an daki” ladan l, itilizasyon pwovèb nou yo oubyen “pawòl granmoun”, “silo sajès”, kèk espresyon regilye, “pwent” (voye pwen /.pwent). Se tout melanj sa yo ki kolore lang nan epi ki klase mòd pale sa a nan yon lòt nivo. An kreyòl, nou di: "Kreyòl pale, kreyòl konprann". Donk nou pa menm bezwen esplike sa nou vle di a ak moun n ap kominike a lè n itilize “dikton” sa yo nan konvèsasyon paske lang nan se lang matènèl nou li ye. Gramè Kreyòl Vedrine, 1996 - p.230). Men plis moun ki pale an pawoli (si n ap fè yon analiz lengwistik apwofondi) se granmoun yo ki plis itilize estil sa a oubyen yo toujou domine nivo langaj sa a e menmsi n ta jwenn kèk jèn pèsonaj, toujou gen referans a yon granmou. Se menm apwòch sa a Pauris Jean-Baptiste montre nan roman li an “Nan Peyi Zoulout” (endirèkteman nan konvèsasyon Tonton Zoulout, pèsonaj santral roman an) kote n ka li pawoli mele ak yon seri pwovèb:
*Achtè fin achte ou, pens ak pikwa pa ka dechouke ou anba ponyèt li (p. 77).
*Afè lafanmi, etranje pa mele (p. 55).
*Agawou di si Bondye vle (p. 126).
*Animal nan mal, li nan mal nèt (p.18).
*Baton ede pye pou pye ede baton(p.34).
*Baton ki bat chen nwa a, li kab bat chen blan an tou (p. 126).
*Bay kou bliye, pote mak sonje (p.90).
*Bèt jennen mòde (p.121).
*Blag manke kaba matant.
*Timoso bwachat bwè soup sou tèt li (p. 9).
*Bon kòk pa vole gagè(p.38).
*Bòs Zoulout santi li vle konprann sou ki pye msye ap danse avè l(p.12).
*Bouch granmoun santi, pawòl li gen sant odè verite (p.39).
*Bwè tafya, respekte boutèy (p.132).
*Chat konnen, rat konnen (p. 31).
*Chen anraje mòde menm mèt li (p.126).
*Chen bwè dlo nan nen (p. 89).
*Chik pa respekte mèt bitasyon (p.126).
*Chimen bouton, chimen maling (p.126).
*Chimen ou pa renmen, ladan chwal ou al bouke (p.126).
*Chita pa bay (p.35).
*Chwal leta pa chwal papa (p.49).
*De je kontre, manti kaba (p. 121).
*Grenadye alaso, sa ki mouri zafè a yo (p. 87).
*Jeneral lanmò pa manke frekan, li pa manke gen kè di… Depi li site non you moun, bèl kou lèd fò ou di prezan (p.52).
*Jodiya pou vwazen ou, demen se tou pa ou (p.95).
*Jwèt se jwèt, kwochèt pa ladan (p.136).
*Kabrit di sa ki nan vant li, se li ki pa l (p.77).
*Kafe l koule ak ma (p.119).
*Kalbas donnen kalbas, joumouwou bay joumouwou (p.48).
*Kalewès ak pwogrè se lèt ak sitwon (p. 36).
*Kalewès kakaye. Li moute sou nich li, li ponn ze lamizè. Li kouve ze grangou kòde
(p.36).
*Kalewès se sansi tout peyi ki ta vle pouse kabwèt yo devan (p.36).
*Konsèy li se longan. Li panse tout antòs kè fè. Li adousi tout vye pawòl anmè.
*Koze mande chita (p.71).
*Lagè avèti pa touye kokobe (p.137).
* Lajan pa fè lòm. Se byen viv ki tout (p.43).
*Lajwa ak kè kontan vide sann fret nan founo yo (p.32).
*Lalwa anvigè pou moun tèt atè (p.106).
*Lalwa fèt pou moun san dèyè (p.106).
*Lalwa kagou pou grannèg (p.106).
*Lalwa kase fèy kouvri sa douvan grinbak (p.106).
*Lanmò manke ou men li pa bliye ou pou sa (p.90).
*Laparès ak lamizè se de jimo marasa (p.36).
*L ap bwote dlo nan panyen (p.119).
*L ap sere kras nan lanmè (p.119).
* Leve kanpe se youn, tanmen mache se yon lòt afè (p.57).
*Li aji kou mò ki pa konn pri dra (p.17).
*Li flank li yon chitatann (p.12).
*Li malad afòs li gwòs moun yo (p.13).
*Li te fè l konnen lalin sèvi l flanbo pou l kouche santiman l sou yon fèy papye voye ba li (p.8).
*Malè pa gen klaksòn (p.128).
*Malè youn se te malè lòt. Je youn pran kou, nen lòt kouri dlo (p.82).
*Malfini karese ti poul zo ole (p.108).
*Man Zoulout, ou fè byen. Ou gen rezon ranje kè ou pou sekouri pòv malere a paske se chak kou pou kou Bondye ri (p.14).
*Men fò n fè nou likid pou n antre nan boutèy (p.34).
*Men gen yon nèg nan katye a ki te jouda nan rasin. Li te gwo bòs nan metye a. Li te pase pou chanpyon. Misye pat gentan taye kèk kostim tripotay pandye nan tèt moun kay Zoulout (p.10).
*Men pawòl granmoun se lò (p.17).
*Mete pase genyen (p.41).
*Misye ap trennen zèl sapat lamizè nan tout granchimen (p.13).
*Misye grate tèt li. Li mete je l atè (p.12).
*Misye sote kou moun yo souke l nan dòmi (p.11).
*Mizè pa tonbe sou pyebwa, se sou kretyenvivan li tonbe. Men kretyenvivan dwe kole tèt ansanm pou mete menm yon ti siwo kann nan toumant malere. Konsa, traka yo ka manyè adousi (p.13).
*Mizè youn va touman lòt (p.43).
*Moun pa dwe bliye premye grenn lapli ki fè mayi li leve a. (p.77).
*Moun pa rache mo yo (p.41).
*Msye Zoulout te toujou ap vannen tout sa yo vini di l sou lòt moun (p.10).
*Mwen fin vann, m fin achte (p.34).
*Nan jwèt domino, yon bout mennen yon bout. Dekabès pa fèt lò dènye bout frape sou tab (p.138).
*Nanpwen pi gwo maladi pase rayisans. Se pi move grenn ki ka jèmen nan kè yon moun (p.14).
*Pale mete la (p.41).
*Nou lonje dwèt jouda nou nan figi lakansyèl. Nou sou wout maling java baka (p.139).
*Okenn moun pa janm ka di kibò dlo pase pou l antre nan kokoye (p.19).
*Pawòl twò fò, machwè gonfle (p.70).
*Pito lapli dimanch mouye ou pase po yanm grate ou (p.92).
*Pwogrè ak lanmou dwe kou de dwèt kole. Si pay tonbe nan je pwogrè, nen lanmou dwe
kouri dlo.
*Pwomès se dèt (p.76. 122).
*Rezon ou te nan plan men ou (p.139).
*Rad sal se nan fanmi sa lave (p.55).
*Sakristen Dezapòt te konn di: "Rayisans pa dechouke. Lèzòm pa gen pikwa ki ka wè bout li" (p.14).
*Sa manman poul grate, sa pitit li jwenn (p.48).
* Sa te penmèt li koule pawòl la nan grèg laverite (p.10).
* Sa vye rat konnen, li pa bliye l fasil (p.30).
*Se koze ki mande ti chèz ba.
*Se jete santiman nan po bannann bay kochon manje (p.37).
*Se mach pa mach yo moute eskalye (p.35).
*Se moun ki tout Lajan se van. L ap pase tankou lawouze lè solèy frape (p.43).
*Sòt pa touye ou, li fè ou swe (p.126).
*Swen dyondyon pou lagon (126).
*Timoun mande gonbo cho, li jwenn li nan plan men l (p.138).
*Timoun se timoun. Grandèt se grandèt. Koze youn pa koze lòt (p.35).
*Ti Sonson fè lide li men Bondye ba li dwa (p.18).
*Tout figi ki te men longè pran fòm nòmal yo. Tout moun pran kouray yo ak de men. Espwa jèmen. Fon deplise malgre trip ap kòde. Tout kò pran gou lavi (p.22).
*Tout lasentjounen, non yo nan bouch li. Manje li se non moun yo, bwè l se non yo toujou (p.13).
*Tout moun tonbe mache sou piga yo. Yo tout vle pile si yo pa te konnen (p.64).
*Twòkèt mwen trese, chay mwen douvan je m. Chaje m rete pou m chaje (p.78).
*Twò prese pa fè jou louvri (p.39).
*Vann se youn, reachte se you lòt afè (p.76).
*Vyeyès pa bay chans (p.57).
*Wè pa wè antèman pou katrè.
*Yo di joumou pa donnen kalbas, se vre timoun Zoulout yo bay prèv konviksyon.
*Yo kase koub respè (p.82).
*Yo kouri tann kabann yo anvan dòmi nan je yo (p.122).
*Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye. Jodiya se pou pa, demen se ka jou nou. Ann fè byen ak tout moun (p.14).
*Yon senp pawòl li se siwomyèl sou chant lavi a bay.
*Yo se pwason kraze nan bouyon (p.107).
*Yo tann kò yo atè a sou sab la epi yo plonje nan bra ti frè lanmò (p.32).
*Yo te konn bay bouch yo manje anvan yo louvri l (p.10).
*Youn apre lòt, dòmi vòlè moun yo (p.32).
*Yo wè jodi, yo pa konnen sa denmen ap pote (p.32).
*Zèb chyendan pa detwi konsa-konsa; yon machwè won chavire, yon lòt machwè won pral chache revanj (p.102).
*Zetwal li file (p.22).
NÒT BIYOGRAFIK:
Jean-Baptiste, Pauris fèt 16 mas 1936 sou bitasyon Kawoche nan komin Tènèv. Apre li antre lekòl biblik Bòlòs Pòtoprens an 1963 pou etidye teyoloji; li pati al kontinye an Frans an 1965. Li retounen Ayiti an 1971. Jean-Baptiste antre nan fè lekòl. Li anseye kreyòl, Labib an grèk ak Nouvo Testaman. Pami zèv literè l yo, li pibliye: “Boukèt lespwa” (pwezi), “Chen pèdi, chat genyen” (istwa kout), “Kout flach sou 250 pwovèb Dayiti” (1974), “Choui-choui gran chimen” (1975), “Dezyèm kout flach sou 300 pwovèb d-Ayiti” (1975; 2zyèm ed., 1985), "Kreyòl nan literati politik ak literati ofisyèl" (Conjonction, No. 161-162 mars-juin 1984, pp.17-22), “Istwa yon chat baka” (adaptasyon), "Lerison: yon lodians kreyòl", “Nan lonbray inonsans” (roman, pri literè
Deschamps, 1987), “Nan lizyè parantèz” (pwezi, 1993), “Tonton Matin” (istwa kout). (E. W. Vedrine)
|