«Ann kase koub òtograf kreyòl la»

(Iv Dejan)
 

Pou eklèsisman atik sa a pote sou òtograf kreyòl la, li te parèt nan plizyè dokiman. Kilès Iv Dejan (Yves Dejean) ye? Pou moun ki fouyapòt nan koze kreyòl ayisyen, lengwistik kreyòl, mwen pa kwè yo gen dout pou reponn kesyon sa a menm si yo pa wè Dejan fas a fas. Dejan se youn nan lengwis ayisyen ki pote yon koloborasyon estraòdinè nan lang kreyòl la pou avansman l ak itilizasyon l nan edikasyon. Kòm Jules Faines*, li te gen chans pwonmennen nan tout peyi Ayiti pou fè rechèch sou lang kreyòl la. Piblikasyon l yo anpil e mwen pa pral chita pou m fè yon pase sou tout. Youn nan liv ki plis konsantre sou ekriti lang kreyòl ak istwa dèyè l se « Comment écrire le Créole d’Haïti». Se tè sa a Iv Dejan te prezante kòm tèz doktora nan Indiana University. Ann gade sa atik li a di:

«Atik sa a parèt nan nimewo 358 (26 oktòb 1980) ‘Le Petit Samedi Soir’. Malerezman, yo te chanje tit la, yo te mete ‘Jouke kreyòl la pi ro’ e yo pa t di se Iv Dejan ki ekri l. Nou tounen avè l nan SEL, paske nou kwè li kab eklèsi anpil pwen pou nou»

Nouvo òtograf kreyòl la se on zouti ki dwe itil tout moun ki sèvi oubyen ki vle sèvi ak kreyòl Ayiti a. Ki moun ki sèvi ak kreyòl la? Natirèlman, nanpwen moun ki sèvi ak kreyòl la plis pase Ayisyen ki pa gen lòt lang pase l. Fò nou pa janm bliye sa: zouti òtogaf la, se pou Ayisyen sa yo li la anvan.

  1. Premye gwoup moun ki bezwen òtograf la, sa ki pi enpòtan an, se mas pèp ki poko konn ni li ni ekri a. Se pòsyon sa a pou moun ki serye okipe plis nan pèp ayisyen an. Paske se li ki gen plis moun. Paske se sou li tout ekonomi peyi a chita. Paske se li ki chaje ak plis pwoblèm: mizè, maladi, grangou, iyorans, manke rad, manke bon kay, manke avantay teknik modèn (tankou elektrik, dlo tiyo, frijidè, telefòn, televizyon). Paske se li ki viktim on ti gwoup moun k ap peze l, k ap prije l, k ap esplwate l depi syèk.
     
    Pou nouvo òtograf la sèvi enterè mas pèp ki poko konn li a, se pou pèsonn pa betize ak pwoblèm alfabetizasyon tout pèp la.
     
    Dabò, pinga pèsonn kwè on òtograf se solisyon tout pwoblèm Ayiti. Dezyèm bagay, pinga pèsonn kwè solisyon pwoblèm alfabetizasyon on mas pèp chita sou sistèm òtograf la. Montre moun li ak ekri byen, se moso nan enstriksyon on pèp. Twazyèm bagay, on bon sistèm òtofraf poko solisyon montre moun li ak ekri a. Ann egzaminen pawòl sa a. On bon sistèm òtograf pi fasil pou moun aprann pase yon move sistèm oubyen pase on sistèm ki mwen bon. Men nou gen anpil efò pou nou fè toujou pou nou prepare divès kalite zouti ki va pèmèt nou montre moun li ak ekri vit, epi byen, ak nouvo sistèm nan. Tousuit fòk nou di: atansyon pou nou pa kwè: gen on sèl sistèm lekti ki bon. Esperyans tout pèp k ap sèvi depi konbyen syèk oubyen depi konbyen ane ak divès kalite sistèm ekriti montre nou klè: se pa on sèl fason tout moun kapab aprann li pwòp lang pa yo. Anpil metòd diferan, anpil chemen diferan kapab mennen yo nan menm rezilta li ak ekri lang yo fen. Konsa anpil zouti nesesè. Anpil liv nesesè. Tout moun ki gen konesans nan kesyon sa yo merite mete men. Rezilta yo kapab pi bon lè se ekip moun ki travay ansanm. Antouka menmsi on moun oubyen on ekip moun, on pwofesè oubyen on asosyasyon pwofesè vin jwenn bon kalite rezilta ak on metòd lekti, pinga yo kouri di se metòd yo a ki bon, oubyen se li ki pi siperyè. Men, se pou yo pa neglije fè lòt moun konnen ki metòd yo suiv, ki rezilta li bay, ki fo pa esperyans montre yo pou moun evite. Menm jan pwovèb la di, «nou pa konn kote dlo pase pou l antre nan bwa jounou», se konsa, ak tout pwogrè ki fèt, lasyans poko konnen kote konesans pase pou l antre nan sèvo kretyen vivan. Lasyans ki etidye teknik lekòl, yo rele pedagoji a, poko rive konprann sa k fè on timoun aprann li vit, aprann li byen, sa k fè on lòt ret dèyè.
     
    Esperyans ki gen enpòtans kounyeya an(n) Ayiti, se pa esperyans pou nou wè pifò elèv pral aprann pi byen pase lontan, lè lekòl t ap sèvi ak on lang yo pa te konnen. Esperyans sa a pa bezwen fè an(n) Ayiti vrèman vre, paske li fèt deja tout kote sou latè, depi se kote yo fè lekòl nan lang peyi a (an(n) Almay, Angletè, an Bèljik, an Chin, an Dominikani, o Japon, Kiba, an Risi). Esperyans ki merite fèt (sa vle di sa pou nou teste a, sa pou nou egzaminen an), se ki metòd, ki mwayen, ki teknik, ki mòd aji, ki mòd lekòl ki pèmèt pwofesè montre timoun reflechi byen, poze kesyon byen, diskite byen, kritike byen, aji ak ladrès, sèvi ak 10 dwèt yo byen.
     
  2. Nan moun ki pa gen lòt lang pase kreyòl la, genyen ki aprann li ak ekri an kreyòl ak òtograf Preswa a ant 1950 ak 1980. Nanpwen mwayen konn konbyen moun ki nan ka sa a. Si moun sa yo kontinye li, si yo konn ekri tou, e si yo fin abitye ak òtograf Preswa a, yo kab gen traka pou yo ekri ak nouvo òtograf la. Men, yo p ap mal pou yo konprann sa lòt moun ekri ak òtograf la. Nou ta merite fè on jefò pou n ba yo kèk ti esplikasyon klè sou nouvo sistèm nan.
     
  3. Nan moun ki pa gen lòt lang pase kreyòl la, gen on bon valè moun ki pase lekòl, ki aprann li ak ekri an fransè sèlman, men ki pa te janm gen okazyon ak mwayen aprann lang fransè a tout bon. Aprann nouvo òtograf la ap fasil pou yo si yo pa bliye tout ti prensip lekti yo te resi konnen. Sa vle di espesyalman si yo sonje ki rapò lèt ak gwoup lèt alfabè yo, genyen ak son ak silab fransè ki sanble anpil ak son ak silab kreyòl. Bon esplikasyon klè sou nouvo sistèm òtograf la ap itil yo anpil.
     
  4. Gen on katriyèm gwoup moun ki ta pase plis tan lekòl. Fransè a kab pa rele yo chèmèt chèmetrès, men yo degaje yo malman ak lekti an fransè. Ak on paj esplikasyon, y ap aprann li nouvo òtograf kreyòl la nan 2 tan 3 mouvman. Gwoup 4 ak gwoup 3 ansanm se pifò moun ki mele ak lekti an(n) Ayiti. Rete on lòt gwoup.
     
  5. Senkyèm gwoup sa a pa anpil nan popilasyon peyi Dayiti. Se Ayisyen yo konn di ki enstwi yo. Yo pale 2 lang: kreyòl ak fransè. Nouvo òtograf la se yon sistèm ki fasil pou yo aprann. Sèl pwoblèm òtograf kreyòl la kapab bay granmoun ki nan gwoup sa a, se pwoblèm rekonèt valè li. Se pwoblèm asepte fè on ti jefò tou piti pou korije defo ki nan sistèm lekòl lontan ki t ap chèche fè yo kwè kreyòl pa gen valè, kreyòl pa bon, kreyòl pa lang. Anpil efò merite fèt pou konbat vye lide sa yo, pou chèche dechouke yo nan tèt moun swadizan eklere sa yo. Meyè solisyon pou pwoblèm sa a se fè tout timoun tout lekòl ki nan peyi a aprann li ak ekri kreyòl byen vit. Epi se mete ti liv kreyòl enteresan nan men yo, espesyalman bèl kont andeyò nou yo. Timoun yo p ap gen okenn pwoblèm ak òtograf sa a menm. Sèl bagay k ap rive yo, plis entelijans yo ap devlope, se plis y ap mande sa k fè òtograf fransè a pa fasil tankou òtograf kreyòl la. Depi li ak ekri kreyòl antre tout bon nan pwogram lekòl, paran timoun yo ap oblije vin enterese nan koze a.
     
  6. Nou ta mèt di gen on sizyèm gwoup. Se save yo menm ak pwofesè lekòl yo. Yo gen on chaj lou pou pote nan koze timoun ki responsab pèp Ayisyen fè pwogrè oubyen fè bak nan devlopman konesans. Se twò fasil òtograf ofisyèl kreyòl la twò fasil pou yo tout. Men, kapab genyen ladan yo ki chaje ak move santiman nan kè yo ni pou kreyòl la, ni pou òtograf fonolojik ofisyèl la. Se pou yo repase tèt yo byen pou yo wè si move santiman yo ta genyen kont òtograf kreyòl la ak lang kreyòl la, se pa ta move santiman kont mas pèp la menm. Èske se pa pè yo pè pou pèp la pa vin wè pi klè nan jwèt yo?
     
  7. Natirèlman, gen moun ki pa fèt an(n) Ayiti ki kapab enterese sèvi ak kreyòl tou. Depi yo enterese fè efò pou yo aprann kreyòl la (e yo konnen aprann on lang byen pa kichòy ki fasil), se pa ti efò piti pou yo aprann on nouvo òtograf fonolojik ki ta kontrarye yo.
     
    Lè ou wè on vye zo granchimen… Sa pou nou fè ak tou sa yo ekri ant 1950 ak 1980 ak òtograf preswa a?
     
    Gen 2 repons on moun ta kapab prese bay:
     
    1) Bliye sa. Jete tout sa ki pa ekri ak nouvo òtograf ofisyèl la. Pa sèvi ak yo.
     
    2) Tou sa ki gen valè, ann prese tounen ekri yo ak nouvo òtograf la. On timoun ki pran san l p ap chwazi premye repons lan, paske li konnen se twòp gaspiyay si yo ta annik jete liv ki ta kapab itil poutèt on kesyon òtograf. Òtograf se kòm on rad, se kòm on kostim. Moun ki etidye literati fransè, anglè, panyòl, konnen òtograf yo jwenn anvan 1700, nan fab Lafontèn, nan pyès teyat Kònèy, Rasin ak Molyè, nan tout bèl koze Chekspi ak Sèvantès, pa menm ak òtograf ki genyen nan ediksyon modèn liv mesye sa yo. Konsa, nanpwen jete sa ki bon. Enbyen, èske se dezyèm repons lan pou n asepte? Non. Paske peyi a pòv youn, epi paske nou deja an reta anpil, gen on twazyèm repons?
     
    3) Nouvo òtograf la se on òtograf fonolojik ki regilye. Òtograf Preswa a se on òtograf fonolojik ki regilye tou. Yo pa dwe sèvi avè l ankò pou yo ekri nouvo bagay. Men, li kapab kontinye sèvi pou lekti.

Men sa ki merite fèt. Se pou tout moun ki deja konn li, prese aprann ekri. Men, on demi paj esplikasyon tou kout va ede pifò moun rekonèt detwa  diferans ki genyen ant sistèm Preswa a ak òtograf ofisyèl la. Avèk sa, l ap fasil pou moun li tou sa ki te ekri anvan 1980 nan òtogaf Preswa a. Men koze 2 sistèm yo pa menm:

  1. Kote nou jwenn W nan òtograf ofisyèl la, n ap jwenn OU oubyen R nan lòt la…
  2. Kote nou jwenn EN nan òtograf ofisyèl la, n ap jwenn IN nan lòt la.
  3. Kote nou jwenn IN nan fen mo nan òtograf ofisyèl la, n ap jwenn I-N nan lòt la.
  4. Kote nou jwenn E tou senp nan òtograf ofisyèl la, n ap jwenn É aksantegi nan lòt la.
  5. Kote nou toujou jwenn ya, ye,, yen, yo,, yon, you, yan nan òtograf ofisyèl la, n ap jwenn on ale-vini ya-ia, yé-ié, yè-iè, yin, yo-io, yò-iò, yon-ion, you-iou, yan-ian nan lòt la.
  6. Kote nou jwenn detwa mo ki ekri ak «àn» nan òtograf ofisyèl la, n ap jwenn detwa mo ki ekri ak «a-n» nan lòt la.

Machin kreyòl la derape, li kase koub òtograf la, ann kouri l tout boulin sou rout pwogrè pèp ayisyen.

Chanjman òtograf

Sa ki la toujou:
Bon, on, b, ch
Fòk ò, d, f
Nou ou, g, j
Admèt è, k, l
Chanjman ki fèt an, m, n
Yo o, p, r
Piti i, s, t
Yo pa anpil a, v, y

Sis chanjman sèlman

Ki fèt. Pa 7 ni uit, u, z

Sis ti chanjman:

Pare kò ou e pou é
Men chanjman EN pou IN
Nou jwenn nan
Òtograf la w pou ou

(devan vwayèl)
Atansyon y pou i

(devan vwayèl)
Pou machin nou in pou i-n
Pa pran pàn àn pou a-n

(Iv Dejan)

Koutwazi
Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com
  

 
logo