Publications
 

«Moun Lazil & Vyeboudaken»
 

Emmanuel W. VEDRINE
(edisyon)
 

Fowòm Ayisyen

E.W.VEDRINE ( 16 Sept. 2002 a 19:04:51 ): Gen yon Asosyasyon Moun Lazil ki nan dyaspora k ap eseye chèche lokalize moun ki sot nan zòn Lazil e zanviwon. Moun Vyebouk (Vyeboudaken)... se vwazen nou tou. Donk, youn di lòt pou n agrandi lis la trape pou ede ap pwojè esansyèl moun nan komin sa a anvizaje. Lazil se yon komin ki 16 kilomèt (anviwon) ak Vyebouk.

MARILYN MASON ( 17 Sept. 2002 a 14:48:35 ): Nan lane 1990 m te asiste Rev. Dr Soliny Védrine pwodui powèm sa a nan twa lang (kreyòl, fransè, anglè):

MWEN RENMEN LAZIL
Nan mitan twa gwo dlo
Byen souvan an kolè
Gen youn ti vil ki chita
Yo rele Lazil.
Li tèlman piti
San linèt
Ou ta ka pa wè l
Men li tèlman gran
Pitit li yo toupatou.
Dlo vini pa fè l pè;
Siklòn pa fè l pè;
Tranblemanntè pa fè l pè.
Vle ou pa,
Lazil gen pou l wè bonè l.

J'AIME L'AZILE
A l'embouchure de trois rivières
Bien souvent en colère
Dort une petite ville
Qui s'appelle L'Azile.
Elle est si petite
Qu'à l'oeil nu
Elle paraît invisible;
Mais si grande
Que ses enfants
Sont à travers le monde
Dispersés.
Elle résiste
Aux rivières en crue,
Aux ouragans,
Aux tremblements-de-terre.
Qu'on le veuille ou non,
L'Azile s'attend au bonheur.

I LOVE L'AZILE
Alongside three great rivers,
Often full of madness,
Lies the little town of L'Azile .
It's so small
That for many
It seems invisible;
Yet it's so great
That its children
Are all over the world.
It stands still
'Though the rivers overflow,
The hurricanes rush in and out,
And the earth sometimes shakes.
Like it or not,
L'Azile awaits a great future.
© Soliny Védrine, 1990

FRANÇOIS -MARIE MICHEL ( 17 Sept. 2002 a 08:29:53 ): Bravo E. W. Védrine! Bravo! M pwomèt ou tout konkou m kapab nan soufle klèwon an pou tout moun nan zòn lan rasanble. M ta renmen editè a fè travay la pi laj toujou. Se san di petèt, editè a ka jwenn yon lis tout 500 konbe seksyon kominal, ak tout komin yo. Sa ta pèmèt moun ki vle al nan bèl kat Ayiti li te konn mete kòm rido Window a (windowonhaiti.com), pou al fè on gade nan longvi, pou nou wè plizoumwen kote tèl zòn plase. M ta bay lide pou l ta mande moun ki vle fè kon ou ap fè la a, pa ezite sonnen lalam lan sou Window a. Konsa ka gen rezo ki devlope. E moun ki an(n) Ewòp ap ka bay lanmen nan travay sa a ak moun an Amerik, nan Pari toupatou, Chikago, an(n) Azi. M deja ap reve wi, la. Ayisyen gen enterè nan òganizasyon rejyonal. Men tou: «ou pase maladi, ou konn renmèd» se pa yon travay fasil. Si l te fasil, li pa ta rele travay. Nou pral blije chache mwayen pou nou revize tout eksperyans ki te fèt deja. Pou nou pa fè menm erè yo. M ap tou bay lide pou se on deba menm nou louvri sou koze asosiyasyon rejyonal yo. Mòd fonksyònman yo. Ki wòl yo nan devlòpman peyi a? Pouki y ap make l pa? Kisa ki ka fèt ak yo? Elatriye. Kenbe la Védrine. Ou mèt konte sou mwen. M ap ride w soufle klèwon rasanbleman an. Ou kwè l pa ta pi bon si m ta di kòn lanbi konbit la?

E. W. VEDRINE ( 17 Sept. 2002 a 11:53:49 ): «...asosiyasyon rejyonal yo». M sipòte yo 100%; se yon lòt Altènativ Pou Devlopman Peyi Ayiti . Si Ayisyen konnen y ap ret tann se gouvènman k ap vin fè tout bagay, enben y ap ret tann jouktan yo tounen pwatann. Se tout moun nan yon rejyon ki pou òganize yo, diskite sou sa rejyon an bezwen kòm «koze esansyèl» (agrikilti, bibliyotèk, boulanjri, dlo potab, elektrisite, irigasyon, klinik, legliz, lekòl, lopital, mache, mòg, rebwazman, wout...) epi gade tout estrateji pou atenn objektif sa yo nan yon ti bout tan. Bagay yo senp; lè yon pèp òganize l, se pi gwo fòs li te ka genyen. Epi ann ankouraje moun lòt rejyon Ayiti k ap fè menm tip travay la.

PADEL ( 17 Sept. 2002 a 06:22:05 ): Kòm moun provens, sa toujou enterese m lè m tande yon kanmarad ap chèche kenbe kontak ak moun nan zòn li soti a. Lè konsa, otomatikman mwen anvi konnen zòn tou. Si w ta vle, èske w ta ka di n plis sou Lazil? Ou di n ke l tou pre zòn Vyeboudaken, mwen konn pase nan zòn lan lè m pral Okay, men mwen pa janm fè yon ti rete. Kidonk koulyeya mwen met nan tèt mwen ke m ta gendwa fè yon ti pasaj ale vizite Lazil si se sèlman 16 kilomèt li ye de Vyeboudaken. Èske wout lan vwatirab? Kisa zòn lan pwodui? Konbyen moun apeprè ki nan vil lan? Èske gen kote ke n ta di ki touristik? Èske li bay sou lanmè menmjan ak Vyebou? Konbyen lekòl ki nan zòn lan? Ki aktivite kiltirèl ki prime nan epòk vakans? Èskize m wi dèske mwen poze w tout kesyon sa yo. Kòm siman ou dwe konnen nèg pwovens toujou kirye li toujou ap chèche konnen lòt zòn ke l tande pale de li. Mèsi!

E.W.VEDRINE ( 19 Sept. 2002 a 15:47:27 ): «Si w ta vle, èske w ta ka di n plis sou Lazil?», (Padel) . Men yon ti lòsyè nan yon esè m ekri sou pwoblèm «ekoloji» an(n) Ayiti; mwen refere a Lazil nan pati anba a:

“… I was born and grew up in a small village in southern Haiti . I thought I was living in a paradise when I was young. Although there were no angels flying around, I could see many different types of birds, within just a one-minute walk from my house I could see three flowing rivers, the mountains were green and the people had enough food to eat. I could enjoy nature as a part of my surroundings. We had some dogs (giving us security on a 24-hour basis), goats, pigs, chickens and other domestic animals in our back yard. I considered them to be my friends and, although they could not talk to me; they would look at me, come over to smell me, etc. In a way, I felt a sort of communication between us. And I would cry when they were sold or killed -- some of them.

When I visited my village in 1980 (the last time), it was all brown. No vegetation. Most of the trees I used to see as a boy had been cut down. The birds had left the village. No place to build their nests or for them to rest. No rainfall. The rivers were almost all dried out. My neighbors had moved to other areas. Some had gone to Port-au-Prince for a better life; many people I knew (young and old) had died. My village is like a desert and I believe this same dynamic has occurred in many other places in Haiti …”

[ Mwen fèt e grandi nan yon ti kanton nan sid. Mwen panse se nan yon paradi mwen t ap viv lè m te jèn. Se vre pa t gen zanj nan zòn lan, men mwen te ka wè diferan espès zwazo, twa larivyè pase twa minit ak lakay mwen, mòn yo te ble epi moun te ka manje. Mwen te kontante m de lanati ak tout sa ki te nan antouraj mwen. Nou te gen chen ki t ap ban nou sekirite 24 sou 24 (24/24), kabrit, kochon, poul ak lòt bèt domestik nan lakou a. Mwen te konsidere yo kòm zanmi m menm lè yo pa t ka pale avè m men yo ta gade m, vin santi m. Yon fason, mwen te santi yon kalite «kominikasyon» ant nou. M ta kriye lè yo vann oubyen tiye kèk ladan yo.

Dènye fwa mwen t al vizite kanton sa a an 1980, li te tou jòn. Pa prèske gen plant ak pyebwa mwen te konn wè yo lè m te piti. Zwazo yo kite zòn nan. Pa gen kote pou yo fè nich oubyen pou yo repoze. Lapli pa tonbe. Larivyè yo prèske seche. Vwazen m yo kite zòn nan, y al rete lòt kote. Kèk al Pòtoprens pou lavi miyò. Anpil moun mwen te konnen, jenn kou granmoun, mouri. Se tankou yon dezè. Mwen panse gen lòt kote Ayiti ki gen menm pwoblèm sa a… ]

PADEL ( 19 Sept. 2002 a 22:06:04 ): Kanmarad Védrine, m ap di w mèsi pou ti atik sa sou lakay ou, Lazil. Mwen li l ak kè kontan men tou ak anpil tristès sitou jan w dekri zòn lan lè w retounen an 1980. Se vre genyen anpil kote nan peyi a ki pran gwo kalòt nan men frè nou yo. Lanati fè siklòn men li pa koupe bwa, lanati konn move, dlo anvayi e sechrès kraze jaden men li pa anpeche rebwazman, li pa koupe bra ni bouche je otorite ak sitwayen zòn lan. Kidonk nou pa ka kondane Lanati nètalkole. N ap sètoblije gade tèt nou dabò e poze l kesyon. Kesyon an se: kisa n ap fè? Kisa n ap fè pou n kreye yon motivasyon ki pou ta fè nou konprann nou tout Ayisyen konsène; ke se Lazil oubyen Pòtapiman oubyen Okap oubyen Lavale. Nou tout konsène. Nan kad sa m ap ankouraje efò w ke sanble w ap fè pou rejwenn e regroupe tout pitit moun Lazil ki deyò e konsa ak bòn fwa e antant, mwen si e sèten se pa ni de ni twa bagay nou ta ka reyalize nan bèl ti Lazil ou an. Konsa se ap plezi n a envite lòt konpatryòt al wè e vizite sa nou ta rele yon Mete Men . M oblije ap poze w kèk ti kesyon toujou, [eskize m wi!] Èske Lazil toujou menmjan jounen jodiya? Èske pa genyen yon amelyorasyon oubyen èske li vin pi mal ke jan w dekri l la? Ki lide ke w genyen nan tèt ou e ke w pa ta genyen gwo pwoblèm pou pataje ak nou e ki ta ka sèvi yon lòt kominote? Bon mwen rete la annatandan ke n rapousuiv kozman an. Mèsi! M jete m.

HUM! ( 16 Sept. 2002 a 21:20:03 ): Kanmarad, mwen blayi mesaj lakay zanmi Moriso yo, menmsi mwen se ti nèg nan Nò. Men mwen twouve ospitalite moun Vyeboudaken san parèy, paske mwen vizite souvan rejyon sa, Lazil, sitou Moriso ki te adopte m, kote gen bèl e bon moun. Souvni sa yo anfwi pou toujou nan kè m. Menm ansyen tonton makout Paskal nan Lazil ban nou bonjan akèy ak sekirite pandan ke mwen te yon kat make, san nèg la pa te okouran. Omaj a bèl rejyon sa yo. Kenbe frè.

MARILYN MASON : Frè HUM! Poukisa ou toujou sètoblije konekte nenpòt kijan konvèsasyon k ap entwodui sou fowòm sa a ak vye bagay politik yo? Nan yon ti konvèsasyon ki trè janti, ase dous, yon bèl souvni sou yon bèl ti kwen nan peyi Ayiti, li te nesesè pou entwodui ti kòmantè w sou «ansyen tonton makout Paskal» ki asire w yon bèl sejou «ak sekirite» nan Lazil??? Poukisa, frè HUM!? Èske ou manke yon bèl ti kwen jewografik nan peyi Ayiti yo rele Lazil??? Oubyen bèl epòk Divalye yo???

ERNST ST CINE ( 18 Sept. 2002 a 16:33:46 ): Mwen pa moun Lazil, men mwen apresye travay sa a w ap fè a. Mwen swete moun Lazil yo pran avantaj sa a pou yo kominike youn ak lòt.

HUM! ( 17 Sept. 2002 a 17:21:05 ): Chè Madanm Mason. Vizit mwen nan rejyon Lazil, sitou Moriso nan otè Lazil mwen renmen anpil, remonte a lane 70. Pandan vizit sa a, souvni arestasyon m kòm enkoni pou zanmi fiy mwen e fanmi li se te yon veritab pwoblèm. Apre demach zanmi sa yo, mwen te gen pwoteksyon nèg makout sa a mwen gade rekonesans anvè li. W ap mande m panorama rejyon sa a, kòman mwen twouve li. Tankou mennaj mwen nan epòk sa a, kalm, repozan, enspiran, gade non Madanm Mason prete m plim yon nèg tankou Moriso Leroy m ap dekri pi byen rejyon sa yo. Men HUM! Malerezman mwen pa powèt. Madanm Mason bèl epòk sou Divalye, menmsi te genyen nan vi m, yo anfwi nan move souvni fen ane 60 yo, kote fòs fènwa asonbri peyi a e anpòte jenès nou depi adolesans nou. Menmsi nou eseye retwouve nan entèmèd ti chalè e limyè solèy avèk zanmi nou nan vil tankou Lazil, Moriso e nan jwèt foutbòl nan Vyeboudaken. Mèsi.

E.W.VEDRINE ( 17 Sept. 2002 a 21:19:23 ): Moriso se yon bèl ti kote. Mwen vizite la an 1969 ak defen papa m (msye te mete m nan koup cheval li; m te tou piti). M kontan yo di m gen lekòl la, machin al la kounyeya. Defen manman m gen fanmi la. Grann mwen soti Kapòl.

HUM! ( 17 Sept. 2002 a 22:44:21 ): Védrine, mwen pran yon gwo chòk lè mwen pran cheval m ap monte altitid, mwen di nan kè m, kikote zanmi yo ap mennen m. Kòm nèg lavil se poze kesyon, lè mwen rive Moriso se yon bèl mèvey, kote pitit peyi sa a metrize konfigirasyon mòn lan, plante li, fè menm elvaj. Se pa posib, moun nan zòn sa a, pou pa kraze ti zòn riral peyi a pa nan sa yo rele mizè ditou. Se moun odesi lamwayèn, ki gwo travayè. Se tout imaj sa a mwen gade de yon rejyon kote nati a vrèman esèpsyonèl. Dayè yon zanmi ki konnen Moriso di mwen «La Vallée de Jacmel» se replik Moriso mwen ta renmen vizite nan Grandans lan. Epi devan taso kabrit griye, pa gen sa devan moun Lazil e kòm jenn 18 ane, bonjan jwè foutbòl se bèl jwèt boul nan Vyebooudaken. Viv Ayiti! Mesi frè.

E.W.VEDRINE ( 18 Sept. 2002 a 11:15:00 ): Apre m fin li mesaj ou a, ou fè m sonje premye vwayaj mwen Moriso (pou al fè konesans ak fanmi manman m pou premye fwa lè m te vyep ti gason). Yo t ap bati yon kay pou pitit kouzin manman m ki ta pral marye; donk te gen yon kokenn konbit (kòve); mari kouzin manman m nan trè koni nan blòk la donk te gen plis pase 100 moun (fanm kou gason k ap travay). Yo touye bèf, kabrit, kochon. Yon babako manje! Epi tanzantan y ap ban m goute diferan koze (ou konnen m timoun, se jis gade aktive yo menm m pa t gen pou m leve ni lou ni leje). Pye kokoye nan lakou a (nèg ap chwazi kokoye pou bwè), pye mango, kann… poul ap monte desann. Mezanmi si n gen yon vye bitasyon andeyò, pa prese vann li menmsi nou ta gen 50 kay lavil. Vakans an pwovens se koze estraòdinè, ou dekouvri tout yon lòt kilti. Lè yo konnen w sot lavil epi ou janti ak tout moun, peyizan yo ap fè w kado nenpòt bagay.

GUY ANTOINE ( 18 Sept. 2002 a 01:27:33 ): Kanmarad Hum, sanble ou kòmanse rilaks! Mèsi pou ti pataj sa a ou fè avèk nou sou eksperyans ou nan yon ti kwen peyi a. Ou fè m sonje anpil bagay.

HUM! ( 18 Sept. 2002 a 02:38:57 ): Guy mwen pa yon friste, lavi a chwaye m anpil, mwen te gen yon papa ak manman ki renmen m anpil. Dayè mwen se anfan inik, antoure afèksyon menmsi paran m yo se moun nòmal ki pa te gen gwo richès. Mwen gen chans gen fanmi e alye ki te bon vivan. Malgre chòk, difikilite egzistans lan, mwen toujou gade sansiblite e lanmou moun sa yo pou fè fas a lavi. Mwen toujou gade serenite sa a pou rete rilaks, pa pran tèt nou pou sa li pa ye. Kenbe Frè.