Dis ti konsèy pou fè lekti avèk pitit ou

(Ten Tips On Reading With Your Child)

Gwo ak piti
Gwo ak Piti (Big and Small) Malisa Makso.
Source

1. Kòmanse espoze pitit ou a liv depi tibebe.

  • Li pa janm twò bonè pou kòmanse li (dekri) liv pou pitit ou.
  • Lè w ap li, anbrase l epi anmize w avè l.
  • Fè sa tounen yon bon moman pou nou toulède.

2. Li a wot vwa pou pitit ou oubyen fè yon timoun ki pi gran li devan l.

  • Itilize liv ki pa gen mo oubyen jis pale de foto ki gen tibebe ak jenn timoun.
  • Pale de sa ou li a avèk timoun nan.
  • Mande timoun nan pou konplete fraz familye ki soti nan chante oubyen liv.
  • Lè yo vin pi gran, mande yo pou rakonte istwa a ankò epi relate fè ki nan liv la a lavi yo.

3. Mete de kote lè regilye pou li pou timoun nan chak jou.

  • Chwazi yon moman kote ki pa gen bri pou ka li; avan ti somèy, apre oubyen avan y al kouche.
  • Li lè yo pote yon liv ba ou epi mande w pou li l.
  • Li osilontan nou toulède anmize n ladan.
  • Si pitit ou a pa enterese nan lekti, estope epi eseye ankò apre.

4. Tabli yon egzanp kote pitit ou wè w ap li – menmsi se jounal.

  • Sonje ke se ou menm ki premye e monitè ki pi enpòtan pou pitit ou.
  • Yo imite sa w ap fè.

5. Kite pitit ou chwazi liv ou pral li.

  • Kite tibebe yo karese, touche e menm esplore liv la lè yo mete l nan bouch yo.
  • Pandan y ap grandi, kite yo touche liv la epi vire paj yo.
  • Konplimante pitit ou pou chwa liv yo fè.

6. Si pitit ou vle, reli menm istwa a.

  • Sa ede l aprann mo yo, estrikti istwa a, epi aprann pou fè prediksyon sa k ap pase.

7. Ankouraje pitit ou li pou kont yo lè yo pa nan lekòl la.

  • Lè yo nan dezyèm ane lekòl, entwodui yo a lòt tip liv kouwè: pwezi, liv syans, biyografi, elt.

8. Ede pitit ou devlope abitid ale nan Libreri Piblik.

  • Ale nan Libreri Piblik avè yo lè yo piti.
  • Mande yon libreryen èd, l ap toujou kontan fè w jwenn vrè liv ou bezwen a.

9. Konsène w de sa pitit ou ap li nan lekòl.

  • Èske pitit ou ap aprann li oubyen li pou aprann?
  • Mande pitit ou si yo gen liv pou yo li nan klas.
  • Ede pitit ou gade nan tab matyè yo, gran chapit yo, graf, foto, ak endèks lè y ap li pou aprann.
  • Ankouraje pitit ou li nan jounal epi chèche «kilès», «kisa», «kilè», «kibò», e «poukisa».

10. Tande, felisite, epi aplodi pitit ou pou efò yo.

  • Tande pitit ou; ou pral aprann sa yo konnen e sa yo bezwen aprann.
  • Felisite pitit ou pou chwa liv yo fè.
  • Aplodi pitit ou lè yo li ak ekri.

(ref.: Cambridge Title I and Even Start)

Haitian Translation: Emmanuel W. Védrine


Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com