Ayiti

Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti

Emmanuel W. Védrine
 

Ecole
Ecole.© P. Giraud

VÉDRINE, Emmanuel W. 1994. Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti. Cambridge, MA: Soup To Nuts. 117 p. ["A look at the problem of schools in Haiti". - Essays on the problems of schools in Haiti and interviews with some Haitian educators from the diaspora. A textbook for educators, students (high school and college level) and researchers.]

«E. LE PHARE: Bon, m panse ti tan an piti anpil; nou p ap ka rete sèlman sou roman paske se pa sa sèlman ou ekri. Ann touche yon lòt pwen. Si nou jete kò nou nan Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti, premye bagay mwen ka di mwen jwenn atravè liv sa a pandan m ap li, mwen pran konesans avèk tout valè ke mesye yo ap fè nan zafè ekri kreyòl, nan zafè anseyman bileng pa bò isit. Men, premye kesyon pa m nan byenke objektif la te chita sou reyalite a, zafè lang kreyòl, lang fransè, zafè lang kreyòl pa bò isit e sa mwen ta renmen poze ou, se devlopman sila a èske se yon devlopman ke w fè ki chita sou yon analiz pou fè moun yo pran konsyans oubyen se yon prezantasyon w pote non sèlman kote nou ka dekouvri reyalite k ap pase anndan kominote a nan zafè bileng nan oubyen pou touche an menm tan konsyans de twa pwofesè ki anndan sistèm nan, men ki toujou kanpe pa dèyè, ki pa vle pote-kole pouke reyalite sa a ka devlope tout bon anndan travay bileng ke w ap fè pa bò isit? E. W. VÉDRINE: Travay mwen fè nan Yon koudèy sou pwoblèm lekòk Ayiti byenke mwen se yon pwofesè ki kòmanse anseye Ozetazini nan Pwogram Bileng Ayisyen, men pou konprann pwoblèm Pwogram Bileng Ayisyen nan Boston, fò w kapab konprann tou pwoblèm edikasyon an Ayiti. Nan sans sa a, mwen fè yon retou pou analize kèk nan pwoblèm lekòl Ayiti. Tèlman gen pwoblèm, se sa k fè m limite m kote m rele liv sa a Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti. Sètadi, gen anpil lòt pwoblèm tou yon moun ta kapab analize. Se apati moman sa a mwen fè retou sa a an Ayiti pou m kapab reyèlman konprann oubyen montre lektè, lòt pwofesè pwoblèm nan ak sous li dekwa lè yo jwenn elèv sa a y ap anseye li, pwoblèm elèv sa a bay nan klas donk, fò nou kapab analize tou sous pwoblèm yo nan lekòl Ayiti. Mwen fè yon rale mennen-vini sou koze lang pou pote eklèsisman sou lang fransè ak kreyòl. Anpil fwa, nou konnen an Ayiti sou diktati trantan an edikatè Ayiti pa janm pale de reyalite pwoblèm lekòl. Yo pale de fransè ak kreyòl pou evite montre se politik ki koze tout pwoblèm yo. Mwen menm kòm lengwis, mwen toujou pran pozisyon m byenke gen ti pwoblèm ki egziste o nivo lengwistik men, vrè pwoblèm edikasyon an lè m ap analize l, se yon pwoblèm a karaktè politik. Lang se jis yon medyòm; ou gendwa itilize nenpòt lang pou fè edikasyon oubyen itilize l nan edikasyon. Donk, vrè pwoblèm nan pa reyèlman yon pwoblèm ant fransè ak kreyòl jan anpil edikatè Ayiti konn montre l pou pa pale de reyalite politik la. Mwen pran pozisyon m sou sa e an menm tan tou, kòm lengwis e ekriven ayisyen ki sousye de reyalite ayisyèn nan, mwen gen yon responsablite pou m fè yon travay pou avansman lang kreyòl la kote l sipoze itilize san pou san nan edikasyon Ayiti ak nan Dizyèm Depatman an nan tout Pwogram Bileng Ayisyen. Mwen kwè nan sa m ap fè a e m kanpe fè m sou sa m ap fè a. Sou koze lang tou nan Pwogram Bileng nan, fò n pa bliye atitid negatif kèk pwofesè ayisyen kont lang kreyòl la. Se yon lòt pwoblèm nou kapab analize tou kote kèk pwofesè toujou wè se lang fransè a pou yo itilize ak elèv nan. Donk, yo pa wè itilizasyon lang kreyòl la kòm yon medyòm pou kapab fasilite timoun yo fè tranzisyon an nan pwogram bileng. Fòk atitid negatif pwofesè ayisyen yo chanje konsènan lang kreyòl la. Se yon pwen ki enpòtan pou yo wè nesesite pou itilize lang natifnatal timoun nan. Non sèlman sa, «Boston Public Schools» rekonèt lang kreyòl la kòm lang ofisyèl ti Ayisyen nan Pwogram Bileng nan». (Estrè nan yon entèvyou ak Eddy Le Phare, Boston - Radyo Liberasyon, 5 fevriye 1996).

(© E. W. Védrine, 1994)

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com